false

Pwogram pou Fwa

Chak ane, nou trete plizyè milye moun ki gen maladi fwa egi ak kwonik, tankou epatit B ak C, maladi fwa gra, siwoz ak kansè nan fwa.

Lidè entènasyonal nan domèn swen pou maladi fwa

Lè ou gen yon pwoblèm sante ki afekte fwa ou, ou bezwen swen espesyalize ou ka fè konfyans. Nan Mass General Brigham, nou konbine ekspètiz ki gen nivo mondyal ak bon jan swen ki baze sou konpasyon, pou n ofri w dènye avansman yo nan domèn medsin epatik. Nou ofri tretman pèsonalize ak sipò pou tout lavi pou kondisyon tankou siwoz, kansè nan fwa, maladi fwa gra, ak epatit viral (ki gen ladan epatit B ak epatit C)..
center
tertiary
internal-arrow
Yon pati nan gastwoantewoloji
/content/unified-xwalk/ht/services/gastroenterology

Apwòch nou anvè swen fwa

Espesyalis epatoloji nou yo dyagnostike epi trete tou de maladi fwa egi ak kwonik lè l sèvi avèk terapi ki baze sou prèv ak rechèch klinik kontinyèl.
Tretman kowòdone ak pèsonalize

Nou bay tretman ki adapte pou epatit viral (epatit B ak epatit C) ak siroz, sa ki gen ladan l tretman antiviral, siveyans alontèm, ak aksè a esè klinik.

Sèvis espesyalize yo gen ladan transplantasyon fwa, retire timè san operasyon (san fè ensizyon), ak pwosedi "shunt" pou konplikasyon maladi fwa.

Dyagnostik ak siveyans fwa

Evalyasyon regilye se yon pati esansyèl nan jesyon maladi fwa. Anpil maladi mande siveyans kontinyèl pou swiv pwogresyon epi gide tretman.

Nou itilize yon seri tès ki pa mande pou antre anndan kò a pou evalye sante fwa a epi detekte domaj ki soti nan kondisyon tankou epatit viral ak maladi fwa gra, souvan san nou pa bezwen fè byopsi. Yo egzamine rezilta yo rapidman pou fasilite pran desizyon sou tretman an tan apwopriye.

Tretman pou epatit viral
Kounye a, gen tretman efikas ki disponib pou tou de kalite epatit yo: epatit B ak epatit C. Medikaman antiviral ka kontwole epatit B epi pwoteje fonksyon fwa a avèk letan. Pou epatit C, tretman yo pran nan bouch yo pèmèt 95% pasyan yo geri epi yo redwi anpil risk pou moun devlope siwoz ak kansè nan fwa.

Kondisyon ak tretman ki gen rapò

Nou pran swen moun ki gen tout kalite maladi fwa, kit yo egi, kit yo kwonik. Depi sa posib, nou itilize teknik chiriji ki pa mande gwo ensizyon pou minimize mak, diminye doulè, epi akselere rekiperasyon an.

Pwogram transplantasyon fwa nou an ofri yon seri opsyon konplè pou transplantasyon, sa ki gen ladan l transplantasyon fwa ki soti nan yon donatè vivan oswa nan yon donatè ki mouri.