false

Sèvis Twoub Memwa

Sèvis Twoub Memwa Mass General Brigham ofri swen avèk konpasyon, ekspè pou moun k ap viv ak maladi Alzheimer ak lòt fòm demans (konfizyon).

Yon granmoun fanm k ap souri ki chita anfas yon founisè swen sante nan yon biwo medikal pandan yon chita pale.

full-fill

Swen espesyalize pou twoub memwa ak demans

Nan Enstiti Syans newolojik Mass General Brigham, espesyalis memwa nan plizyè branch diferan nou yo ofri swen pèsonalize pou moun k ap viv avèk twoub memwa, maladi Alzheimer, ak demans ki gen rapò.

Nou dyagnostike ak trete yon bann maladi, ki gen ladan maladi Alzheimer, demans kò Lewy, demans vaskilè, degradasyon devan sèvo, ak idwosefali ak presyon nòmal.

center
tertiary
internal-arrow
Pati nan Enstiti Syans Newolojik
/content/unified-xwalk/ht/services/neuroscience

Terapi ak rechèchavanse

Nan Sant Alzheimer entegre nou an, pasyan yo ka gen aksè ak nouvo terapi ki chanje maladi ak pwogram siveyans espesyalize ki fèt pou delivre tretman sa yo san danje epi avèk efikasite.

Rechèch la entegre anpil swen pasyan nan Mass General Brigham. Pasyan ki kalifye yo ka patisipe nan esèy klinik ki etidye nouvo tretman pou maladi Alzheimer ak kondisyon ki gen rapò.

Pwogram sa yo konekte prevansyon, deteksyon bonè, ak etid tretman dirèkteman ak swen pasyan, sa ki ede nouvo dekouvèt o rive jwenn pasyan yo pi vit.

Metòd nou nan swen

Nan Enstiti Syans Newolojik Mass General Brigham, klinisyen nou yo ede ou konprann dyagnostik ou ak sipète ou nan jere chanjman nan memwa ak chanjman mantal ak konpòtman ki gen rapò avèk yo avèk ekspètiz ak konpasyon.
Yon nonm aje ak cheve blan ak linèt ap souri anpil ak yon fanm k ap pran swen l nan yon anviwònman yon kote anndan ki pa fòmèl.
Swen ann ekip, epi avèk konpasyon

Twoub memwa ka afekte anpil aspè nan lavi chak jou yon lè, tankou panse, kominikasyon, ak endepandans. Ekip ki gen plizyè espesyalis diferan nou an travay ansanm pou sipòte ou nan chak etap.

Ekip swen w lan ka gen ladan l:

  • Nerològ
  • Sikiyat ki espesyalize nan granmoun aje
  • Enfimyè
  • Espesyalis resous travay sosyal
  • Nou konsantre sou swen kowòdone, avèk konpasyon ki abòde bezwen medikal ak kalite lavi.
Dyagnostik ak evalyasyon konplè

Pou pasyan yo voye bay nou oswa ki ap chèche yon dezyèm opinyon, nou bay evalyasyon konplè pou konfime yon dyagnostik ak gide desizyon tretman. Sèvis sa yo ka gen ladan yo:

  • Pran san
  • Imaj sèvo
  • Tès newosikolojik
  • Pwosedi ponktire lombè (pran likid nan do a)

Apre dyagnostik, ekip swen w lan pral kreye yon plan tretman pèsonalize pou kondisyon w lan.

Tretman avanse ak sipò pou moun ki bay swen

Nou sipòte tou de pasyan ak moun ki bay swen pandan tout vwayaj swen an. Nou ofri yon estanda swen avanse pou tout pasyan nou yo. Dapre dyagnostik ak kalifikasyon, pasyan yo ka resevwa terapi ki chanje terapi pou maladi Alzheimer tankou:

  • Donanemab (Kinsula)
  • Lecanemab (Leqembi)
  • Ekip swen w lan ka rekòmande tou:
  • Konsèy jenetik
  • Sipò sante konpòtman
  • Rekòmandasyon ak lòt espesyalis

Moun ki bay swen ka jwenn aksè nan gwoup sipò ak konsiltasyon sèvis sosyal pou ede yo jere ka planifye swen.

Swivi kontinyèl ak swen alontèm

Nou bay vizit swivi regilye, jeneralman chak sis mwa apre tès dyagnostik, pou swiv chanjman ak adapte swen jan sa nesesè. Si ou gen nenpòt ki kesyon, ou ka kominike ak ekip nou an sou telefòn oswa Patient Gateway(Platfòm pou Pasyan sou Entènèt)

Nou ankouraje pasyan yo vini avèk yon manm fanmi, yon kolaboratè swen, oswa yon moun k ap pran swen yo nan randevou yo pou ede bay kontèks ak sipò pou pran menm desizyon .

Espesyalis nan syans newolojik (sèvo)

Gen yon ekip espesyalis nan newoloji (sèvo) newochiriji (operasyon sèvo), imajri sèvo ak enfimyè ki kowòdone swen w lan. Dapre kondisyon ou, ekip swen w lan ka gen ladan tou ekspè nan newoosikoloji, reyabilitasyon, jenetik, travay sosyal, ak sante mantal. Ekip sa a travay ansanm pou konprann kondisyon newolojik ou a nan tout ang ak devlope yon plan swen ki adapte ak ou.
Yon ilistrasyon yon ekip swen.

Esèy klinik ak rechèch nan syans newolojik

Rechèch nou an ap ede fini avni swen syans newolojik. Nou ofri aksè ak esèy klinik ak terapi ki fenk ap parèt, ki gen ladan tretman ki ka poko disponib tout kote. Kalifikasyon an depann de dyagnostik, tretman, istwa moun lan ak lòt ankò. Dekouvri rechèch ak esèy klinik nou yo oswa pale ak ekip swen w lan pou aprann sou opsyon ki disponib.
Yon syantis ki gen yon blouz blan sou li kenbe yon ti tib tès ki plen ak likid jòn.
tertiary
external
Dekouvri rechèch nou nan syans newolojik

Aprann kijan rechèch syans newolojik ede pran bonjan desizyon nan swen pasyan yo

https://research.massgeneralbrigham.org/en/institutes-centers/neuroscience-institute
tertiary
external
Rechèch esèy klinik

Chèche esè klinik ki ouvè pou kondisyon newolojik.

https://rally.massgeneralbrigham.org/