Sèvis Newoloji Konpòtman
Swen newoloji konpòtman konplè
Pwofesyonèl swe Enstiti Syans newolojik Mass General Brigham ap travay pou konprann kijan maladi sèvo afekte panse, konpòtman, ak fonksyònman chak jou, ki gen ladan lang, memwa, atansyon, rezoud pwoblèm, ak emosyon.
Maladi sèvo ki konplike yo gen ladan maldi ki rive akoz:
- Maladi newodejeneratif
- Aksidan nan sèvo
- Blesi traumatik nan sèvo
- Maladi kriz
- Maladi oto-iminitè
- Sendwòm Tourette
Nou bay swen pèsonalize, avèk plizyè espesyalis diferan pou sipòte moun k ap viv ak difikilte sa yo. Atravè dyagnostik bonè ak tretman alè, nou ede pasyan ak fanmi jere sentòm yo ak kenbe bon jan kalite lavi.
Rasanble ekspè pou amelyore swen sèvo
Ekip newoloji konpòtman an se yon pati nan Sant Medsin Sèvo/Men nan Enstiti Syans Newolojik. Sant la rasanble swen klinik ak rechèch pou amelyore dyagnostik ak tretman pou kondisyon newomantal ak newosichiatrik ki konplike. Metòd plizyè espesyalis nan diferan branch li a sipòte kolaborasyon atravè espesyalite yo ak avanse rechèch ki enfòme swen pasyan, ki gen ladan esèy klinik ak nouvo metòd tretman.
Objektif nou se bay tretman ki pi efikas pou pasyan yo atravè yon pi bon konpreyansyon sou kondisyon sa yo ak efè yo sou sèvo a.
Metòd nou nan tretman newoloji konpòtman
Ekip swen ou a gen ladan espesyalis nan difeeran branch tankou:
- Newològ
- Sikyat (pa egzanp, newosikyat, sikyat konsiltasyon, sikyat jeryatritik)
- Neeopsikològ
- Travayè sosyal
- Enfimyè Praktisyen ak asistan doktè
- Sikològ
- Fizyat
- Terapet fizik
- Terapet okipasyonèl
- Patològ langaj ak Pawòl
Espesyalis sa yo souvan travay ansanm pou reponn bezwen ou yo epi devlope plan pèsonalize pou ou. Metòd entegre nou an vle di pasyan ki gen pwoblèm newokognitif ak newosikyatrik ki konplèks benefisye de yon tretman kowòdone ki fèt pa plizyè espesyalis, sa ki mennen nan pi bon rezilta epi ki evite yon swen ki divize an plizyè pati san bon koneksyon.
Anpil pasyan vini jwenn nou konnen gen yon bagay ki pa bon men san yon dyagnostik klè. Nou konsantre sou idantifye kòz prensipal yo pi vit ak pi egzat ke posib. Nou fè sa atravè:
- Evalyasyon sentòm ou yo ak istwa medikal ou
- Konsiderasyon kontribisyon potansyèl faktè biyolojik, sikolojik, ak sosyal
- Tès mantal ak konpòtman
- Tès san/likil nan zo ki nan rèl do a
- Imajaj sèvo
Apre dyagnostik la, ekip ekspè ou a ap kreye yon plan tretman endividyèl l.
Tretman depann de koz rasin lan ansanm ak sante jeneral ou ak kondisyon aktyèl la, epi li adapte ak bezwen ak objektif ou.
Kèk pasyan jwenn soulajman avèk medikaman oswa adaptasyonn nan anviwònman yo. Lòt moun benefisye de yon metòd kowòdone ki ka gen ladancl terapi mantal, sikoterapi ki baze sou konpetans, lòt sipò sante mantal, ak/oswa sèvis reyabilitasyon.
Nou konsantre sou estrateji pratik pou ede ou jere sentòm, kenbe endepandans, ak jere difikilte chak jou ki asosye ak maladi newolojik.
Kondisyon ak tretman ki gen rapò
- Alzheimer Disease
- Parkinson's Stages
- Ischemic Stroke
- MS Primary Progressive
- Frontotemporal Dementia
- Epilepsy
- Normal Pressure Hydrocephalus
- Ataxia
- Concussion
- Tourette Syndrome
- Head Trauma (Traumatic Brain Injury)
- Lumbar Puncture
- Speech Therapy for Older Adults
- Intensive Behavioral Therapy for Obesity
Espesyalis nsyans newolojik nou yo
Esèy klinik ak rechèch nan syans newolojik
Dekouvri rechèch nou nan syans newolojik
Aprann kijan rechèch nan newosyans ede bay pasyan yo pi bon swen
Chèche esèy klinik
Chèche etid klinik k ap fèt sou maladi newolojik yo
Kontakte Sèvis Nèwoloji Konpòtman
Hopital Jeneral Massachusetts
617-726-2273
Hopital Brigham ak Fanm
617-539-7286