false

Pwogram tretman myelom miltip ak selil plasma

Espesyalis nou yo pran fòmasyon avanse nan dyagnostik ak tretman myelom miltip, yon gammopati monoklonal ki pa gen siyifikasyon detèmine (MGUS), myelom miltip ki pa aktif, ak maladi selil plasma ki pi ra. Nou konbine ekspètiz nou ak pi bon tretman klinik yo pou bay swen konplè epi avèk konpasyon.
primary
phone
855-776-4224

Rele Enstiti Kansè Mass General Brigham nan 855-776-4224

8557764224

Ekspètiz ak eksperyans ki fò konfyans

Myelom miltip se yon kansè nan san ra ki soti nan selil plasma ki ka lakoz fatig, domaj nan zo, ak/oswa pwoblèm ren. Nan Enstiti Kansè Mass General Brigham, ekip ki gen plizyè espesyalis diferan nou an adapte swen selon bezwen ak objektif chak pasyan, ofri aksè ak terapi avanse, esè klinik, ak resous sipò nan swen san rete. Nou konbine ekspètiz pwofon ak sipò avèk konpasyon pou ede pasyan yo jere tretman myelom miltip ki konplike.
center
tertiary
internal-arrow
Pati nan Enstiti Kansè
/content/unified-xwalk/ht/services/cancer

Metòd nou nan swen kansè myelom miltip

Viv ak kansè myelom miltip ka trè difisil. Ekip nou bay swen nan yon anviwònman ki bay sipò, ak atansyon sou jesyon sentòm, kalite lavi, ak kominikasyon.
Swen ann-ekip

Ou gen aksè ak yon ekip espesyalis ki kowòdone ak sipèvize swen ou, ki gen ladan:

  • Onkològ medikal
  • Enfimyè onkoloji ak enfimyè praktisyen
  • Onkològ radyasyon
  • Onkològ òtopedik
  • Radyològ entèvansyon
  • Nefwològ
  • Kadyològ
  • Doktè ak enfimyè transplantasyon mwèl zo
  • Nitrisyonis
  • Sikyat onkoloji, travayè sosyal, ak kapelan
  • Founisè swen ki amelyore doulè
Ekspètiz dyagnostik
Dyagnostik egzat esansyèl pou tretman efikas. Patològ nou yo espesyalize nan evalye echantiyon san ak tisi ki konplike, devlope yon ekspètiz pwofon nan yon bann ka ak rechèch san rete. Lòt patològ nan peyi a konsilte nou regilyèman pou jwenn ekspètiz nou. Nou ofri tou tès dyagnostik avanse ak dezyèm opinyon lè sa nesesè.
Aksè ak esèy klinik ak terapi ki ap parèt
Nouvo Terapi, itilize pou kont li oswa an ansanm ak lòt tretman, jwe yon wòl enpòtan nan swen kansè myelom miltip. Nou ofri aksè ak dènye esèy klinik ki evalye nouvo terapi ak metòd tretman. Lè sa apwopriye, opsyon sa yo ka bay lòt chemen nan diferan etap swen ak konsidere kòm yon pati nan yon plan tretman endividyèl.
Tretman radyasyon pou enplikasyon zo
Tretman radyasyon ka itilize pou trete plazmasitom sèl oswa myelom miltip ki afekte zo yo anpil, tankou kolòn vètebral la (rèl do a), oswa ki lakoz sentòm lokalize deyò zo a. Tretman radyasyon ak ray ekstèn ka ede soulaje doulè ak kontwole maladi nan zòn ki afekte yo.

Maladi ki gen rapò

Myelom miltip afekte selil plasma yo, yon kalite globil blan. Espesyalis nou yo bay tretman konplè pou tout etap myelom miltip ak lòt maladi plasma ki gen rapò. Nou adapte tretman an selon bezwen, objektif, ak preferans ou.

Espesyalis kansè nou yo

Gen plizyè espesyalis diferan ki gen ladan l espesyalis nan kansè ki gide swen nan chak etap. Sa ka gen ladan doktè medikal, chirijikal, ak onkoloji radyasyon, founisè pratik avanse, radyològ, patològ, enfimyè onkoloji, enfimyè ki pou ede gide pasyans an, ak lòt ankò. Ou ka travay tou ak dyetisyen (espesyalis nitrisyon), konseye jenetik, travayè sosyal, ak pwofesyonèl sante mantal.
Yon ilistrasyon yon ekip swen.
primary
phone
855-776-4224

Rele Enstiti Kansè Mass General Brigham

8557764224

Rechèch ak esèy klinik kansè

Rechèch nou ap ede defini avni swen kansè. Nou ofri aksè ak esèy klinik ak terapi ki fenk ap parèt, ki gen ladan tretman ki ka poko disponib tout kote. Kondisyon pou patisipasyon depann de dyagnostik yon moun, istwa tretman li, ak lòt ankò. Dekouvri rechèch nou an ak esèy klinik yo oswa pale ak ekip swen ou a pou aprann sou opsyon ki disponib yo.
Yon pwofesyonèl medikal ap pale ak yon pasyan ki chita sou yon chèz lopital.
tertiary
external
Dekouvri rechèch kansè nou an

Aprann kijan rechèch sou kansè ede pran bonjan desizyon nan swen pasyan yo

https://research.massgeneralbrigham.org/en/institutes-centers/cancer-institute-research
tertiary
external
Chèche esèy klinik
https://research.massgeneralbrigham.org/en/institutes-centers/cancer-institute-research/cancer-clinical-trials

Resous ak sipò pou pasyan yo

Nou ofri yon seri resous pou sipòte pasyan ak moun k ap pran swen yo anvan, pandan, ak aprè tretman kansè. Sèvis sa yo abòde bezwen fizik, emosyonèl, ak pratik epi yo disponib ansanm ak swen medikal ou.
tertiary
internal-arrow
Gade tout resous pou pasyan yo
/content/unified-xwalk/ht/services/cancer/resources

Kontakte enstiti kansè

Rele nou pou pale ak yon manm ekip ki ka ede ou konprann opsyon ou yo ak gide ou nan swen ki apwopriye pou ou. Avèk etablisman ki nan tout New England ak sipò pou pasyan k ap soti andeyò Etazini, nou fè¨ li pi fasil pou ou jwenn swen kowòdone ak ekspè.
primary
phone
855-776-4224

Rele Enstiti Kansè Mass General Brigham nan 855-776-4224

8557764224
secondary
internal
Sèvis Entènasyonal pou Pasyan

Kontakte Sèvis pou Pasyan Entènasyonal

/content/unified-xwalk/ht/patients-visitors/international/for-patients/contact