false

Pwogram Onkoloji Òtopedik

Depi plis pase 50 lane, onkològ òtopedik nou yo bay swen chirijikal ki baze sou ekspètiz pou timè ki afekte zo, jwenti, ak tisi ki relye yo. Nou reyini ekpètiz plizyè espesyalis nan plizyè branch diferan ak teknoloji avanse pou ofri swen avèk anpil atansyon epi ki reponn ak bezwen chak grenn moun.

De moun chita nan yon espas travay nan yon anviwònman klinik, ap revize imaj ryadyografi ki afiche sou plizyè ekran òdinatè.

full-fill

primary
phone
855-776-4224

Rele Enstiti Kansè Mass General Brigham nan 855-776-4224

8557764224

Swen konplè pou timè nan zo ak tisi mou

Nan Mass General Brigham, ekip onkoloji òtopedik nou an dyagnostike ak trete timè nan zo ak tisi mou. Nou konprann ke chak gen bezwen patikilye ak bezwen emosyonèl ki konplike, epi nou bay swen ki konsantre sou geri tout pati nan moun lan.

Objektif nou se prezève fòs, fonksyon, ak mobilite pandan n ap reyalize pi bon rezilta posib. Swen ou a kowòdone nan men yon ekip ki gen plizyè espesyalis nan plizyè branch diferan ki gen ladan espesyalis nan òtopedi (zo), swen kansè, imaj, patoloji, ak reyabilitasyon.

center
tertiary
internal-arrow
Pati nan Enstiti Kansè
/content/unified-xwalk/ht/services/cancer

Metòd nou nan swen onkoloji òtopedik

Ekip nou an devlope yon plan tretman pèsonalize ki konsantre sou sekirite, presizyon, ak fonksyon alontèm. Nou pran tan pou konprann objektif ou yo epi sipòte ou nan chak faz swen.
Yon pasyan kouche andedan yon machin MRI nan yon anviwònman klinik, ki klere ak limyè ble. Nan premye plan an, yon pwofesyonèl medikal montre yon ekran òdinatè ki montre yon radyografi nan pwatrin ak rezilta eskanè a.
Opsyon tretman pèsonalize

Swen an adapte ak kalite timè w la, sante ou, ak objektif ou. Chak pasyan resevwa yon plan ki ka gen ladan :

  • Chiriji, ansanm ak teknik ki konsève manm ak rekonstriksyon
  • Chimyoterapi
  • Terapi radyasyon
  • Ti operasyon tankou ablasyon oswa estabilizasyon eskelèt pèkitan (ti koupe)
  • Terapi fizik ak okipasyonèl pou sipète rekiperasyon ak mobilite
Swen an kolaborasyon pou timè nan zo ak tisi mou
Nou konbine ekpètiz onkològ òtopedik ki gen sètifikasyon ak lòt espesyalis, ki gen ladan onkològ radyasyon ak patològ, pou dyagnostike ak trete kansè ki konplike sa yo avèk presizyon. Nou travay ann ekip pou pote swen ki pi avanse pou granmoun ak timoun ki gen timè tisi mou ak kansè nan zo.
Sipò konplè pandan tretman ak rekiperasyon
Nou sipòte pasyan yo anvan, pandan, ak aprè tretman ak bay yo aksè ak sèvis reyabilitasyon, terapi fizik, ak sipò sante mantal lè sa nesesè. Apre tretman, ekip swen ou a ede kowòdone swen swivi ak sèvis rekiperasyon pou sipòte gerizon ak kalite lavi.

Espesyalis kansè nou yo

Gen yon ekip ki gen plizyè espesyalis diferan ki gen ladan l espesyalis nan kansè ki gide chak etap swen. Sa ka gen ladan doktè medikal, chirijikal, ak doktè onkoloji radyasyon, founisè pratik avanse, radyològ, patolojis, enfimyè onkoloji, navigatè enfimyè, ak plis ankò. Ou ka travay tou avèk espesyalis nan nitrisyon, konseye jenetik, travayè sosyal ak pwofesyonèl nan domèn sante mantal.
Yon ilistrasyon sou yon ekip swen.
primary
phone
855-776-4224

Rele Enstiti Kansè Mass General Brigham

8557764224

Istwa pasyan an

Terapi pwoton sove yon lavi

Chris Kordos te yon etidyan premye ane inivèsite ki te gen 19 lane lè yo te dyagnostike l ak yon chordoma (kòdom) ki ra ki t ap antre fon nan sèvo li. Mèsi a nouvo terapi radyasyon pwoton an nan Mass General Brigham, jodi a Chris se yon papa ki marye ki gen de pitit ki pa ka tann pou l monte bisiklèt pou l monte mòn.
Yon gwoup kat moun kanpe kole ansanm sou yon pò bato an bwa kote yo gade bato, epi gen bato ak dlo ki vizib nan fon an.
tertiary
internal-arrow
Li istwa Chris
/content/unified-xwalk/ht/patient-stories/chordoma-proton-therapy

Istwa pasyan an

Jèn sivivan osteyosakom retounen nan jwèt la

Lè Savannah te timoun, li te goumen aavèk osteyosakòm epi li te fè fas ak anpil pwoblèm medikal. Gras ak swen ekspè li te resevwa nan Mass General Brigham ak sipò pratik pou swen lakay, li te geri, li te adapte ak lavi li avèk yon janm pwotèz, epi li te retounen mennen yon lavi aktif.
Yon jèn tifi kanpe nan lakou dèyè yon kay, li ap souri, epi li gen yon pwotèz nan youn nan janm li yo.
tertiary
internal-arrow
Li istwa Savannah
/content/unified-xwalk/ht/patient-stories/pediatric-osteosarcoma-mgb-home-care

Rechèch ak esèy klinik kansè

Rechèch nou an ap ede defini avni swen kansè. Nou ofri aksè a esèy klinik ak terapi ki fenk ap parèt, ki gen ladan tretman ki ka poko disponib tout kote. Kalifikasyon depann de dyagnostik yon moun, istwa tretman li, ak lòt faktè. Dekouvri rechèch nou an ak esèy klinik yo oswa pale ak ekip swen ou a pou aprann sou opsyon ki disponib yo.
Yon pwofesyonèl lasante ap pale ak yon pasyan ki chita sou yon chèz lopital.
tertiary
external
Dekouvri rechèch nou sou kansè

Aprann kijan rechèch sou kansè ede pran bonjan desizyon nan swen pasyan yo

https://www.research.massgeneralbrigham.org/en/institutes-centers/cancer-institute-research
tertiary
external
Chèche esè klinik
https://www.research.massgeneralbrigham.org/en/institutes-centers/cancer-institute-research/cancer-clinical-trials

Resous ak sipò pou pasyan yo

Nou ofri yon seri resous pou sipòte pasyan yo ak moun k ap pran swen yo anvan, pandan, ak aprè tretman kansè. Sèvis sa yo abòde bezwen fizik, emosyonèl, ak pratik epi yo disponib ansanm ak swen medikal ou.
tertiary
internal-arrow
Gade tout resous pou pasyan yo
/content/unified-xwalk/ht/services/cancer/resources

Kontakte enstiti kansè

Rele nou pou pale ak yon manm ekip ki ka ede ou konprann opsyon ou yo ak gide ou nan swen ki apwopriye pou ou. Avèk etablisman ki nan tout New England ak sipò pou pasyan k ap soti andeyò Etazini, nou fè li pi fasil pou yojwenn swen ki kowòdone, ekspè.
primary
phone
855-776-4224

Rele Enstiti Kansè Mass General Brigham nan 855-776-4224

8557764224
secondary
internal
Sèvis pou Pasyan Entènasyonal yo

Kontakte Sèvis pou Pasyan Entènasyonal yo

/content/unified-xwalk/ht/patients-visitors/international/for-patients/contact