false

Pwogram Transplantasyon Pankreyas

Pwogram Transplantasyon Pankreyas Mass General Brigham la ofri nouvo tretman, transplantasyon ak opsyon jesyon pou pasyan ki gen dyabèt tip 1, ki gen ladan resipyan transplantasyon ren ki fenkk fèt.
primary
phone
877-644-2860
8776442860

Konsènan Pwogram Transplantasyon Pankreyas la

Yon lidè rejyonal nan transplantasyon pankreyas ak ilèt, Mass General Brigham kontinye reyalize kèk nan pi bon rezilta nan transplantasyon pankreyas nan peyi a. Nou se youn nan kèk sant nan peyi a ki ofri transplantasyon ilèt, yon nouvo teknik, ti operasyon ki ranplase selil ki pwodui ensilin nan pankreyas la ak mwens risk chirijikal ak yon tan rekiperasyon ki pi kout pase yon transplantasyon yon ògàn antye.

Pou pasyan ki bezwen yon transplantasyon pankreyas oswa ilèt, nou ofri aksè pratik nan tou de pwosedi yo, ansanm ak fasilite ak asirans pou resevwa nouvo swen konplè nan yon sèl sant.

Pati nan Operasyon Transplantasyon

Nimewo 1 nan transplantasyon ilèt

Ekip ilèt la se yon pati nan Gwoup Klinik Transplantasyon Ilèt plizyè sant lan (CIT), ki dedye pou avanse teknik transplantasyon ilèt la. Nou gen sèl sant aktif FDA apwouve ki prepare ilèt pou yo ka itilize nan transplantasyon sou moun.

Pasyan ki gen dyabèt tip 1 ki pa kandida pou transplantasyon pankreyas ògàn antye ka kalifye pou fè transplantasyon ilèt atravè yon esèy klinik k ap fèt kounye a nan Sant Transplantasyon nou an.

Mass General Brigham gen yon pwogram ototransplantasyon ilèt tou pou moun ki gen pankreyatit (anflamasyon pankreyas) kwonik. Lè yon pasyan bezwen fè retire pankreyas li, yo pran ilèt ki pwodui ensilin yo nan pankreyas sa a, yo prepare yo, epi yo retounen yo nan kò pasyan an pou diminye risk pou li devlope dyabèt..

Metòd nou nan transplant pankreyas

Ki sa ki pwosesis evalyasyon an?

Tout pasyan resevwa swen entegre, konplè pou trete dyabèt la, ki kòmanse avèk yon evalyasyon ak chita pale avèk ou pou asire ke transplantasyon se pi bon opsyon tretman pou ou. W ap travay avèk yon kowòdonatè transplantasyon, ki patisipe nan premye evalyasyon an, rasanble enfòmasyon medikal ak rezilta tès anvan ou yo, epi jere evalyasyon konplè ou, ki gen ladan fòmasyon, evalyasyon medikal, chirijikal ak sikososyal, ansanm ak tès espesyal pou transplantasyon.

Pou kòmanse pwosesis evalyasyon transplantasyon pankreyas la, ou dwe resevwa yon referans avan pou Pwogram Transplantasyon Pankreyas Mass General Brigham la nan menm doktè swen prensipal ou oswa andokrinològ ou. Yon kowòdonatè enfimyè transplantasyon pankreyas ansanm ak yon chirijyen transplantasyon ap analize referans lan ak dosye medikal ou yon fwa yo fin resevwa yo. Anplwaye Pwogram Transplantasyon an ap pran yon randevou pou yon premye evalyasyon. Si ou se yon kandida pou transplantasyon ren tou, yo pral evalye ou pou tou de transplantasyon yo an menm tan. Sa depann de kantite tès ki nesesè pou chak pasyan, dire pwosesis evalyasyon an ka varye, men objektif nou se pou ou fè tès yo nan kat mwa.

Pati 1: Yon Premye Evalyasyon

  • Patisipe nan yon seyans fòmasyon sou transplantasyon pankreyas
  • Fè tès san
  • Rankontre tout manm ekip transplantasyon an, ki gen ladan l kowòdonatè enfimyè ou, chirijyen, travayè sosyal, dyetisyen (espesyalis nitrisyon) ak kowòdonatè finansye a

Pati 2: Tès Espesyalize

Apre vizit inisyal la, ou pral retounen pou tès ak lòt randevou si sa nesesè. Ekip transplantasyon pankreyas la ap ede ou nan pwograme tès ak randevou sa yo, ki ka gen ladan:

  • Tès estrès kadyak
  • Radyografi pwatrin ak elektrokadyogram (EKG) nan yon etablisman Mass General Brigham
  • Lòt tès san ak pipi
  • Tès CT
  • MRI/MRA
  • Rankontre ak yon famasyen
  • Rankontre ak yon sikyat
  • Rankontre ak yon dyabetològ

Ou pral responsab pou pwograme tès sa yo ak doktè swen prensipal ou ak/oswa bay rezilta pou fè evalyasyon transplantasyon an :

  • Kolonoskopi (laj plias pase 50 lane)
  • Egzamen dan (nan dènye ane a)
  • Pou fanm:
  • Pap tès
  • Mamogram (laj 40 ka plis)

Pati 3: Revizyon pa Komite

Yon fwa tès yo fin fèt, tout ekip transplantasyon an ap reyini pou detèmine kandidati ou a pou mete ou sou lis pou yon transplantasyon pankreyas. Ou menm ak doktè ki refere ou ap enfème sou desizyon komite a.

Kandida transplant pankreyas yo plase sou lis tann nasyonal United Network for Organ Sharing (UNOS), ki jere distribisyon ògàn yo nan peyi a.

Ki sa ki pwosesis lis tann lan?

Pasyan ki gen dyabèt tip 1 ka devlope ensifizans renal kòm yon konsekans dyabèt la. Yo ka mete pasyan yo sou lis pou transplantasyon pankreyas sèlman (ak oswa san transplantasyon ren anvan) oswa transplantasyon ren ak pankreyas an menm tan.

Gen anpil lòt moun k ap tann pou transplantasyon pankreyas pase kantite donatè pankreyas ki egziste. Si ou bezwen yon pankreyas, yo pral mete ou sou yon lis datant ki nan Rezo Nasyonal pou Pataj Ògàn (UNOS), ki bay ògàn selon konbyen tan pasyan yo genyen ap tann sou lis la. Si yo mete ou sou lis pou yon transplantasyon ren, ou pral resevwa yon ren nan men menm donatè a.

Lè yon pankreyas disponib, ou pral resevwa apèl kowòdonatè nou an oswa chirijyen nou an k ap mande ou pou ou vini lopital la. Akoz apèl sa a ka fèt nenpòt ki lè pandan jounen an oswa lannwit, nenpòt jou nan semèn lan, li enpòtan pou ekip transplantasyon an ka kontakte ou rapid. Ou ta dwe bay sant nou an tout nimewo telefòn ou yo, ansanm ak nimewo telefòn kèk kontak ijans.

Ki swen m ap resevwa apre operasyon transplantasyon an?

Apre transplantasyon an, ekip chirijyen, andokrinològ ak enfimyè nou yo ap swiv ou pou jere bezwen ou apre transplantasyon an, ki gen ladan kominikasyon avèk doktè prensipal ou ak referans pou lòt espesyalis, lè sa nesesè.

Nan moman w ap egzeyate a, ou pral resevwa enstriksyon detaye pou tout nouvo medikaman ou yo, ak pou swivi. Li enpòtan pou w tande konsèy ekip transplantasyon w lan, epi ou dwe se se pwòp defansè w lè ou gen enkyetid oswa kesyon. Apre transplantasyon an, ou pral pran medikaman iminosipresè chak jou pou anpeche rejè ògàn lan. Medikaman sa yo redui fonksyònman sistèm iminitè ou, kidonk li enpòtan tou pou asire ou pa devlope okenn enfeksyon apre transplantasyon.

Okòmansman, yo pral konsilte ou yon fwa oswa de fwa pa semèn nan klinik la, epi ou pral fè egzamen de fwa pa semèn pou doktè w ou la ka kontwole fonksyònman nouvo ògàn ou an asire nivo medikaman nan san ou yo apwopriye.

Si pou nenpòt rezon ou pa kapab pran medikaman ou yo, ou pa kapab vini nan klinik la oswa ou pa kapab fè egzamen san ou, tanpri fè ekip nou an konnen imedyatman pou nou ka ede ou. Nou gen yon ekip ki disponib 24 èdtan pa jou, chak jou nan semèn lan

Remak: Nan yon ka ijans, tanpri ale nan sal ijans ki pi pre a epi fè doktè a rele nou nan 617-726-5277.

Pratik ki pi bon pou byennèt apre operasyon:

  • Evite kontak ak moun ki malad
  • Evite kondwi jiskaske ou sispann pran tout medikaman doulè yo epi ou kapab deplase san okenn malèz
  • Evite leve bagay ki lou pandan de mwa apre operasyon an
  • Si gen yon moun ki malad lakay ou, mete yon mask chirijikal
  • Retounen nan travay lè ou santi ou alèz
  • Fè ti mache chak jou
  • Lave men ou souvan
Ki sentòm ou ta dwe rapòte apre yon operasyon transplantasyon?

Kontakte Pwogram Transplantasyon an si ou remake nenpòt nan sa sa yo apre operasyon an:

  • Santi li brile w oswa li fè san lè w ap pipi
  • Nivo glikoz nan san ki wo (plis pase 200 sou de fwa oswa plis)
  • Si ou te nan kontak avèk nenpòt moun ki gen maleng, lawoujòl, varisèl oswa zona
  • Lafyèv ki depase 100.5
  • Ou pa kapab jwenn oswa pran medikaman ou yo
  • Pipi pi souvan
  • Kè plen, vomisman oswa dyare
  • Nouvo gratèl
  • Doulè, woujè oswa likid k ap sòti nan kote operasyon an te fèt la
  • Tous ak flèm oswa yon tous ki pa vle pase
  • Difikilte pou respire

Kontakte Pwogram Transplantasyon Pankreyas la

Rele nou pou pale ak yon manm ekip ki ka ede ou konprann opsyon ou yo ak gide ou nan swen ki apwopriye pou ou. Avèk etablisman ki nan tout New England ak sièò pou pasyan k ap soti andeyò Etazini, nou fè li pi fasil pou yo jwenn swen kowòdone, ekspè.
primary
phone
877-644-2860
8776442860
secondary
internal-arrow
Sèvis pou Pasyan Entènasyonal yo

Enfòmasyon kontak pou pasyan entènasyonal yo

/content/unified-xwalk/ht/patients-visitors/international/for-patients/contact