false
Pwogram Andokrinoloji Metabolik ak Pèdi Pwa
Kondisyon metabolik yo, tankou sendwòm metabolik ak maladi ki gen rapò ak lipid, ka afekte plizyè aspè nan sante w. Espesyalis nou yo nan domèn andokrinoloji travay avèk lòt espesyalis pou asire ou resevwa swen konplè epi avèk konpasyon, ki reponn ak tout bezwen sante ou yo.
primary
phone
617-643-5588
6176435588
Lidè nan domèn rechèch ak swen pou maladi andokrin ak metabolik
Maladi metabolik yo se youn nan pwoblèm sante kwonik ki pi komen yo. Nan Mass General Brigham, espesyalis nou yo nan domèn andokrinoloji jwenn rekonesans entènasyonal pou rechèch inovatè yo, ki amelyore fason yo fè dyagnostik ak trete maladi metabolik konplèks.
center
Apwòch nou anvè swen andokrinoloji metabolik
Nou pran swen pou nou byen konprann tout sentòm ou yo, istwa sante w ak bezwen pèsonèl ou, yon fason pou nou ka detèmine pi bon metòd tretman pou ou.
Swen an kolaborasyon
Twoub metabolik ka afekte nivo grès nan san w epi yo ka ogmante risk ou fè yon kriz kadyak oswa yon konjesyon serebral. Piske maladi sa yo ka afekte plizyè sistèm nan kò w, endocrinologue nou yo travay avèk lòt kalite espesyalis pou asire tretman w lan reponn ak tout bezwen sante w yo. Tretman an ka gen ladan l yon konbinezon tretman medikal, konsèy sou nitrisyon, ak edikasyon.
Tretman pèsonalize
Gen anpil kòz ki lakòz maladi metabolik, tankou faktè jenetik, ormonal, fason moun viv, ak faktè ki gen rapò ak anviwònman an. Nou pran tout faktè sa yo an konsiderasyon lè n ap detèmine pi bon apwòch tretman an. Nou travay ansanm avèk ou pou jwenn medikaman ak chwa vi ki pi apwopriye pou trete sentòm ou yo epi amelyore sante w.
Rechèch sou inovasyon ki amelyore rezilta yo
Syantis-klinisyen nou yo se lidè nan nivo nasyonal ak entènasyonal nan transfòme rechèch inovatè an swen amelyore pou pasyan nou yo. Piske nou rete nan tèt pwogrè sa yo, n ap ofri tretman ki pi resan e ki pi efikas pou maladi metabolik yo.
Anplis de sa, nou ofri esè rechèch pou lipodistrofi, twoub lipid ak obezite.
Kondisyon ak tretman ki gen rapò
Nou ofri dènye tretman ki baze sou prèv pou maladi metabolik ak lipid yo..
- Type 2 Diabetes
- Prediabetes
- Type 1 Diabetes
- Hypothyroidism
- Hyperthyroidism
- Hyperparathyroidism
- Diabetes Overview
- Acromegaly
- Cushing Syndrome
- Adrenal Insufficiency (Addison Disease)
- Diabetes Insipidus
- Growth Hormone Deficiency
- Glucose (Blood)
- Glucose Tolerance
- Thyroid Function Tests
- Insulin Replacement Therapy
- Oral Medicines for Type 2 Diabetes
- Glucose Monitoring Devices
- Basic Metabolic Panel (Blood)
- Medical Treatment for Obesity
- 24-Hour Urine Cortisol
- ACTH (Blood)
- Growth Hormone (Blood)
Espesyalis nou yo
Kèlkeswa maladi oswa kondisyon sante ou genyen, Mass General Brigham gen espesyalis toupre w ki ka ede w.
primary
phone
617-643-5588
6176435588
Kontakte Pwogram Andokrinoloji Metabolik ak Pèdi Pwa
Rele nou pou pale ak yon manm ekip la ki ka ede w konprann opsyon w yo epi gide w nan direksyon swen ki apwopriye pou ou a. Avèk sant nou yo ki gaye toupatou nan New England ak sipò nou bay pasyan k ap vwayaje soti deyò Etazini, nou rann li pi fasil pou moun jwenn swen espesyalize ki byen kòòdone.
primary
phone
617-643-5588
6176435588
secondary
internal
Sèvis pou Pasyan Entènasyonal
Enfòmasyon pou kontakte pou pasyan entènasyonal yo