Pwogram Maladi San Timoun Piti
617-726-2737
Rele Pwogram Maladi San Timoun Piti nan 617-726-2737
Konsènan pwogram lan
Pwogram Maladi San Timoun Piti nan Mass General Brigham pou Timoun bay swen plizyè espesyalis nan diferan branch, pèsonalize, ak teknoloji dènye modèn pou timoun tout laj ki gen maladi san.
Pasyan yo resevwa yon evalyasyon konplè man men yon ematològ-onkològ pediatrik. Evalyasyon an gen ladan yon istwa sante, egzamen fizik, tès san ak radyografi selon dyagnostik la.
Ekip ki gen plizyè espesyalis nan diferan branch, swen ekspè
Pasyan yo gen aksè ak ekip ki gen plizyè espesyalis nan diferan branch ki espesyalize nan tretman timoun ki gen anemi falsifòm ak lòt tip anemi, emofili ak lòt maladi ki fè san koule, twombositopeni, anemi aplastik, trwonboz ak avc. Chirijyen òtopedi pediatrik nou yo, ekip doulè, newològ, espesyalis maladi enfektye ak radyològ tout patisipe nan swen timoun ki gen maladi san.
Ekip plizyè espesyalis nan diferan branch nou an gen ladan tou enfimyè pediatrik ki gen anpil konpetans, travayè sosyal, sikyat timoun ak espesyalis lavi timoun ki gen fòmasyon patikilye nan swen timoun ki gen maladi san.
Manm ekip la rete an kontak ak doktè ki refere timoun lan, ki se yon manm enpòtan nan ekip tretman an. Swen an kontinye ak rekòmandasyon tretman ak jesyon alontèm si sa nesesè.
Nou afilye ak sosyete rejyonal, nasyonal ak entènasyonal ki konsantre sou pwoblèm ematolojik nan timoun, ki gen ladan anemi falsifòm, emofili, netwopeni ak twonbositopeni.
Espesyalis nou yo
Jwenn yon espesyalis ematoloji pediatrik
Gade tout pwofil yo
Swen espesyalize tou pre ou
Gade etablisman ematoloji pediatrik yo
Gade tout etablisman yo
Maladi ak tretman ki gen rapò
- Sickle Cell Disease
- Anemia
- Hemophilia
- Blood Clotting Disorders
- Von Willebrand Disease (VWD)
- Alpha Thalassemia
- Beta Thalassemia
- Iron-Deficiency Anemia
- Aplastic Anemia
- Immune Thrombocytopenic Purpura
- Thrombocytopenia
- Neutropenia
- Complete Blood Count
- Bone Marrow Transplant for Children
- Bone Marrow Aspiration and Biopsy
- Bone Marrow Biopsy
- Complete Blood Count With Differential
- Von Willebrand Panel
- Activated Partial Thromboplastin Clotting Time
- Prothrombin Time
- Factor VIII (Antihemophilia Factor A)
- Factor IX (Antihemophilic Factor B)
- Retic Count
Kontakte Pwogram Maladi San Timoun Piti
617-726-2737
Rele Pwogram Maladi San Timoun Piti nan 617-726-2737
Sèvis Pasyan Entènasyonal
Enfòmasyon kontak pou pasyan entènasyonal yo