Pwogram Maladi Anemi Fòm Sèp
Swen ki plen konpasyon pou maladi anemi falsifòm
Apwòch nou anvè swen pou maladi anemi falsifòm
Nou ofri dènye tretman medikal ak esè klinik yo, pou nou asire chak pasyan gen aksè a terapi ki pote èd.
Pakè sèvis konplè nou yo gen ladan yo:
- Terapi jenetik CRISPR
- Medikaman ki modifye kou maladi a
- Swen anbilatwa pou konplikasyon kwonik
- Swen nan lopital pou pwoblèm ki parèt sibitman (egi)
- Enfizyon ijan nan menm jounen an
- Swen palyatif pou soulaje doulè ak lòt sentòm
- Transplantasyon selil souch (mwèl zo) nan sant nou an ki gen gwo repitasyon Pwogram Transplantasyon Mwèl Zo
- Terapi entegratif, tankou akiponkti, terapi masaj, yoga ak meditasyon.
Nou te pami premye moun nan mond lan ki te ofri Terapi jenetik CRISPR pou maladi anemi falsifòm. CRISPR vle di "repetisyon palindwomik kout ki espace regilyèman an gwoup." Terapi jenik sa a korije erè (mitasyon) nan jèn ki lakòz fòmasyon globil wouj ki gen fòm digo (oswa fòm C). Apre tretman an, kò w kòmanse pwodui globil wouj nòmal ki gen fòm won epi k ap fonksyone jan yo dwe fonksyone a.
Terapi jenik pa yon gerizon pou SCD. Men, li ka redwi anpil frekans kriz doulè yo, sa ki ede evite entène lopital epi amelyore kalite lavi a.
Travayè sosyal nou yo nan sèvis ematoloji a konprann fason maladi anemi falsifòm nan afekte pasyan yo ak fanmi yo. Nou ofri konsèy, oryantasyon ak sipò pou pasyan yo ak moun ki pwòch yo.
Ekip travay sosyal nou an ka okipe:
- enkyetid konsènan depresyon, enkyetid, abi sibstans, ak lòt pwoblèm sante konpòtmantal
- Konfli ant pasyan ak manm fanmi konsènan SCD
- Enpak maladi a sou relasyon, lekòl, travay ak finans
- Enkyetid konsènan sekirite nan relasyon pèsonèl
- Resous sipò nan kominote w la
Swen avanse pou maladi selil faliform
Istwa pasyan
Jwenn soulajman apre plizyè ane doulè insupòtab akòz maladi selil falsifòm
Li istwa Allan an.
Kontakte Pwogram Maladi Anemi Fòmil (Sickle Cell Disease)
Brigham ak Lopital Fanm
617-732-5048
Lopital Jeneral Massachusetts
617-643-9042