false

Swen Entansif/PICU

Inite Swen Entansif Pedyatrik (PICU) Mass General Brigham pou Timoun se yon inite ki gen plizyè espesyalis nan plizyè branch ki bay swen de gran kalite pou tibebe, timoun ak adolesan ki grav.
primary
phone
617-724-4350
6177244350

Konsènan pwogram lan

Inite Swen Entansif Pedyatrik (PICU) Mass General Brigham pou Timoun se yon inite ki gen plizyè espesyalis nan plizyè brach ki gen 14 kabann, ki distenge tèt li nan bay gran kalite sswen pou tibebe, timoun ak adolesan ki grav. Pasyan nou yo vini ak yon bann pwoblèm ki menase lavi yo, tankou enfeksyon grav, maladi respiratwa, blesi ak swen apre operasyon aprè divès operasyon konplike.

Misyon nou se bay swen medsin esansyèl dènye modèn nan rasanble teknoloji ki pi sofistike ak avansman syantifik nan yon anviwònman ki bon pou pasyan ak fanmi ki soti nan divès kilti n ap sèvi yo. Ekselan kominikasyon ak fanmi an ak pedyat prensipal la konsidere kòm yon faktè esansyèl nan bay pi bon rezilta.

Pati Mass General Brigham pou Timoun

Yon metòd ki gen kowòdinasyon plizyè espesyalis nan plizyè branch

Inite PICU Mass General Brigham pou Timoun bay siveyans ak tretman ki soutni lavi pou pasyan ki grav ki soufri yon bann maladi. Nou bay sipò avanse pou kè ak veso sange, respiratwa ak nè, ti operasyon ak gwo operasyon ki gen ladan oksijèn nan manbràn kò a (ECMO). Tout doktè ki nan PICU yo fòme nan medsin swen entansif pedyatrik. Pou bay swen pi byen pou timoun ak fanmi an, entensivis pediatrik yo, an kolaborasyon ak enfimyè swen esansyèl yo, kreye yon ekip ki gen plizyè espesyalis diferan ki gen ladan doktè medikal ak chirijyen, ansanm ak:

  • Terapet respiratwa
  • Famasyen pedyatrik
  • Terapet fizik
  • Terapet okipasyonèl
  • Espesyalis lavi timoun
  • Travayè sosyal
  • Omonye
  • Nitrisyonis
  • Anplwaye imajri medikal ak laboratwa.

Nou gen yon seri sèvis konsiltasyon pedyatrik konplè, ki gen ladan:

  • Pilmonoloji
  • Andokrinoloji
  • Kadyoloji ak operasyon kè
  • Gastwoenteroloji
  • Ematoloji/onkoloji
  • Maladi enfektye
  • Newoloji
  • Nefwoloji
  • Chiriji chòk ak blesi
  • Chiriji jeneral
  • Chiriji òtopedik
  • Newochiriji
  • Chiriji transplantasyon
  • iwoloji pediatrik

Pwogram fòmasyon espesyalize (fellowship) nan PICU a bay sipèvizyon pasyan nan nivo gradye 24 èdtan pa jou..

Nan Mass General Brigham pou Timoun, nou fò efò pou bay yon anviwònman ouvè epi akeyan. Nou kwè ke pa gen okenn moun ki konnen yon timoun pi byen pase paran yo, epi se poutèt sa paran yo, ansanm ak founisè swen prensipal yo, vin kolaboratè nan swen timoun lan Opinyon paran yo enpòtan anpil nan tout plan tretman yo.

Espesyalis nou yo

Kèlkeswa ki maladi oswa kondisyon ou genyen, Mass General Brigham gen espesyalis ki tou pre ou ki ka ede.
Yon ilistrasyon ki montre ekip swen an.
primary
internal
Jwenn yon espesyalis swen entansif pediatrik

/content/unified-xwalk/ht/search/doctors/results#provider.specialties.name:Pediatric%20Critical%20Care%20Medicine

6177244350

Swen espesyalize tou pre ou

Jwenn aksè nan swen atravè rezo Mass General Brigham, avèk sèvis espesyalize ki disponib nan lopital kominotè yo ak nan gwo sant medikal akademik yo. Kèlkeswa maladi oswa kondisyon ou genyen, espesyalis nou yo tou pre e yo pare pou ede.
Yon kat senplifye montre rejyon lès Massachusetts ak plizyè pwen ki make.
secondary
internal
Gade etablisman swen entansif pediatrik yo
/content/unified-xwalk/ht/search/locations/results#specialties.specialty:Pediatric%20Critical%20Care%20Medicine