Newonatoloji Inite Swen Entansif Newonatal
Inite Swen Entansif Newonatal ki pi gwo ak ki pi avanse nan rejyon an
Bebe ki fèt avan lè oswa ki gen kondisyon grav resevwa swen espesyalize nan Mass General Brigham pou Timoun Inite Swen Entansif Newonatal nan Massachusetts General Hospital (Lopital Jeneral Mssachussets) ak Brigham ak Women’s Hospital (Lopital Brigham ak Fanm). Nou genyen pi gwo ak Inite Swen Entansif pou Tibebe ki Fèk Fèt (NICU) ki pi Avanse nan rejyon New England.
Espesyalis (newonatològ) sante timoun ki fenk fèt nou an ki rekonèt sou plan entènasyonal kolabore avèk kòlòg medikal ak chirijikal pediatrik nan Mass General Brigham pou bay swen esansyèl ekspè. Nou pare tou pou nou fè aranjman ak pran swen marasa, twa ak plis toujou.
Nou ofri yon ban sèvis pou pwoteje sante tibebe ou a epi bay swen avèk konpasyon pou sipòte fanmi ou pandan tan difisil sa a.
Pati nan Mass General Brigham pou timoun
Sa pou atann nan Inite Swen Entansif Newonatal nou an
Ou se yon pati trè enpòtan nan swen ak rekiperasyon bebe ou. Moun k ap pran swen tibebe a ki gen otorizasyon sekirite obligatwa pou antre nan NICU a ka vini nenpòt ki lè..
Ou ka patisipe nan :
- Vizit medikal chak jou avèk yon ekip ki gen plizyè espesyalis ki gen ladan yon newonatològ, enfimyè ki responsab swen tibebe a, pwofesyonèl avanse nan pratik klinik, doktè ak lòt pwofesyonèl sante k ap resevwa fòmasyon, ansanm ak lòt manm ekip swen an.
- Reyinyon fòmèl pou diskite sou plan swen ti bebe ou a ak yon ekip ki gen plizyè espesyalis diferan .
- Kominikasyon ak sipò san rete nan men yon travayè sosyal ki dezinye ak yon espesyalis sipò fanmi.
Metòd nou pou swen entansif newonatal
Inite Swen Entansif Newonatal nou yo ofri terapi avanse, ki gen ladan:
- Evalyasyon vwa respirasyon ki fèt apre nesans oswa tibebe a fèt avèk yo (maladi konjenital).
- OKonsè nan membràn ekstrakòporeal (ECMO), ke ekspè Mass General Brigham devlope anpati, pou sipòte fonksyon poumon nan bebe ki mal pou respire ki ka ranvèse.
- Oksid nitrik pou l rale nan nen pou trete tansyon wo nan poumon ki pa pase pwoblè respirasyon, aspirasyon, nemoni, sepsis, ak ni èni dyafragmatik timoun lan vin genyen oswa li fèt avèk li.
- Chiriji retin ak tretman lazè pou trete retinopati timoun ki fèt avan lè (ROP).
- Ipotèmi terapetik pou trete enkefalopati ipoksik-iskemik (HIE).
Ekspè nou yo sipòte sante ak kwasans bebe ki a risk depi yo fèt jiska twazan. Bebe ou a ka a-risk si li te fèt pi bonè ke dat li te dwe fèt la (akouchman avan lè oswa prematire ) oswa si li te gen pwoblèm medikal yo pa t espere
Ekip swen nou yo travay kole kole avèk fanmi ou ak doktè bebe ou a pou bay sipò ak fòmasyon san rete. Nou ka ede avèk:
- Sèvis entèvansyon bonè
- Kwasans ak devlopman
- Pwoblèm medikal, newolojik, ak devlopman
- Pwoblèm nitrisyon ak alimantasyon
- Referans pou odyoloji, newolojik, òtopedi, terapi fizik, terapi pawòl, ak lòt espesyalite
Nou ofri sèvis pou sipòte fanmi ou pandan bebe ou a ap resevwa swen nan Inite Swen Entansif Newonatal ak apre nou fin retounen lakay.
Sèvis sa gen ladan yo:
- Sistèm kamera Angel Eye nan Inite Swen Entansif Newonatal nou an ki baze nan Mass General pèmèt fanmi yo wè ak tande bebe yo lè yo lwen sal la.
- Espas ki la pou paran nan chak bò kabann bebe ki nan Inite Swen Entansif Newonatal nou an ki nan Mass General, konsa fanmi yo ka rete pre pandan tout tan bebe yo ap rete la. Nan Brigham and Women’s Hospital, (Lopital Brigham ak Fanm) chanm prive nan Inite Swen Entansif Newonatal bay espas pou fanmi yo rete ak bebe yo.
- Sèvis alètman pou asire siksè nan Inite Swen Entansif Neonatal ak lè bebe ou a retounen lakay ou.
- Sèvis kwasans ak devlopman pou abòde nenpòt ki pwoblèm medikal, newolojik, devlopman, ak nitrisyon.
- Pwogram lekti pou ede ankouraje devlopman sèvo bebe ou a pandan li nan NICU a.
- Swen po-ak-po (swen kangou) pou sipòte lyen ant moun k ap pran swen bebe a ak bebe a.
Nou se sistèm swen sante ki gen plis eksperyans nan akouchman marasa 2, 3, ak plizyè lòt, ki delivre plis pase 200 seri miltip chak ane. Nou bay swen prenatal (avan nesans) ak swen pou bebe ki fenk fèt konplè pou fanmi ki fè plizyè timoun yon sèl kou.
Nou te fè Inite Swen Entansif Newonatal nou an pou fanmi yo alèz ak reponn ak bezwen fanmi ou. Ou ka avèk bebe ou 24/7 (chak jou chak lè) nan yon chanm ki laj pou marasa 2, 3 w la. Bebe ou yo ka benefisye tou de sèvis kwasans ak devlopman, ansanm ak swen swivi, nan Inite Swen Entansif Newonatal nou an.
Mass General Brigham, an kalaborasyon avèk Boston MedFlight, ofri transfè rapid ak swen ekspè pou tibebe ki grav ki bezwen swen avanse nan Mass General Brigham.
Ekip ki gen plizyè espesyalis diferan ki gen eksperyans nou an travay avèk doktè ki refere w la pou ofri konsiltasyon ak transfè bebe yo nan youn nan Inite Swen Entansif Newonatal espesyalize nou yo.
Espesyalis nou yo
Jwenn yon neonatològ (doktè espesyalis timoun ki fenk fèt)
Swen espesyalize tou pre ou
Gade kote newonatoloji ak Inite Swen Entansif Newonatal yo ye
Kontak Newonatoloji ak Inite Swen Entansif Newonatal
Inite Swen Entansif Newonatal Lopital Jeneral Massachusetts)
617-724-4310
Inite Swen Entansif Newonatal Lopital Brigham ak Fanm
617-732-5420