false

Pwogram Medsin Kò ak Lespri Timoun

Misyon Pwogram Medsin Kò ak Lespri Timoun lan se edike sou koneksyon ki genyen ant sante mantal, emosyonèl, ak fizik, epi pou bay pasyan k ap viv ak maladi entestinal kwonik fòs pou retabli byennèt yo.
primary
phone
617-726-8705

Rele Pwogram Medsin Kò ak Lespri Timoun lan nan 617-726-8705

6177268705

Konsènan pwogram lan

Fonde an 2018, Pwogram Medsin Kò ak Lespri Timoun lan lan nan Mass General Brigham pou Timoun se youn nan premye nan kalite li nan nasyon an.

Misyon pwogram lan se anseye koneksyon ki genyen ant sante mantal, emosyonèl, ak fizik ak pou bay pouvwa timoun, adolesan, ak jenn moun k ap viv ak maladi entestinal kwonik, sitou moun ki gen Twoub Entèraksyon Ant Trip ak Sèvo (DGBI), pou retabli byennèt yo.

Lè nou bay swen ki santre sou pasyan yo ak randevou ki pwolonje ak klinisyen nou yo, nou asire ke pasyan nou yo santi yo wè, tande, ak konprann. Nou ede pasyan yo rekot kijan estrès ak kèk pwoblèm emosyonèl tankou enkyetid, depresyon ak PTSD ka lakòz oswa ogmante pwoblèm fizik yo, nou montre yo kijan relasyon ki genyen ant lespri ak kò a ka sèvi kòm yon zouti pou ede yo amelyore sante yo.

Anplis medikaman ki ede kontwole kominikasyon ant trip la ak sèvo a, pwogram nou an sèvi ak plizyè metòd ki konekte kò ak lespri, tankou ipnoterapi espesyal pou sistèm dijestif la, terapi kognitif konpòtman, ak biofeedback (yon metòd ki ede moun aprann kontwole kèk fonksyon kò yo). Nou tou edike sou pratik swen pèsonèl tankou meditasyon, egzèsis fizik, ijyèn dòmi ki an sante, ak koneksyon sosyal, tout sa yo ki diminye efè estrès sou kò a, redwi sentòm yo, ak bati rezilyans.

Akoz frekans ki wo nan kondisyon sante mantal ki asosye ak DGBI, nou ajoute pwogram Medsin Kò ak Lesprim Timoun lan entegre nan Sikiyatri Timoun ak Adolesan ak Maladi Entestinal ak Nitrisyon Timoun, asire yon metòd tretman konplò pou chak pasyan. Pwogram nou an tou gen yon afilyasyon sere ak Benson-Henry Institute for Mind-Body Medicine (Enstiti Benson-Henry pou Medsin Kò ak Lespri), yon enstitisyon klinik ak rechèch ki renome atravè lemond, ki pèmèt nou entegre dènye konesans ki soti nan rechèch avanse nan estrateji tretman nou yo.

Ekip ki gen plizyè espesyalis nan diferan branch nou an genyen plis pase 45 lane eksperyans klinik kolektif epi li gen ladan Sarah Shea, PhD, direktè klinik asistan ak chèf sèvis sikolojik; Aarya Rajalakshmi, MBBS, ak Matthew Gerace, MD, tou de sikyat timoun, adolesan ak granmoun; ak Hillary Ditmars, PhD, yon sikològ timoun ak granmoun. Ekip la dirije pa doktè Mark Salvatore, MD, MS, ki se direktè klinik fondatè, yon gastroenterolojis pediatrik ak yon konsiltan pediat pou Enstiti Benson-Henry ak Pwogram Rezilyans Timoun.

Pati nan Mass General Brigham pou Timoun

Espesyalis nou yo

Kèlkeswa maladi oswa kondisyon ou genyen, Mass General Brigham gen espesyalis ki tou pre ou ki ka ede.
Yon ilistrasyon sou yon ekip swen.
primary
phone
617-726-8705

Rele Pwogram Medsin Kò ak Lespri Timoun lan

6177268705

Kontakte Pwogram Medsin Kò ak Lespri

Rele nou pou pale ak yon manm ekip ki ka ede ou konprann opsyon ou yo ak gide ou nan swen ki apwopriye pou ou. Avè etablisman nan tout New England ak sipò pou pasyan k ap soti andeyò Etazini, nou fè li pi fasil pou yo jwenn swen kowòdone ak ekspè.
primary
phone
617-726-8705

Rele Pwogram Medsin Kò ak Timoun lan nan 617-726-8705

6177268705
secondary
internal
Sèvis pou Entènasyonal pou Pasyan

Enfòmasyon kontak pou pasyan entènasyonal

/content/unified-xwalk/ht/patients-visitors/international/for-patients/contact