Oftalmoloji Pedyatrik
617-573-3202
Tretman je konplè, avanse pou timoun
Maladi je pedyatrik ka afekte devlopman vizyon, aprantisaj, ak lavi chak jou. Kèk maladi prezan depi nesans, poutan gen ke lòt yo devlope pandan timoun yo ap grandi epi yo bezwen siveyans sere rive yon lè.
Oftalmològ pedyatrik ak optometris pedyatrik nan Fondasyon Oftalmoloji Lopital Timoun yo reponn ak bezwen swen je timoun k ap resevwa sèvis nan Mass Eye and Ear, epi se youn nan rezo oftalmoloji pedyatrik ki pi konplè nan peyi a. Doktè nou yo evalye, dyagnostike, ak trete tout ranje kondisyon je ki afekte timoun, ak pwoblèm mal-aliman je nan tou de timoun ak granmoun. Nou bay swen je tou pou timoun ki gen reta devlopman, tankou otis.
Timoun yo ta dwe fè konsiltasyon je yo nan vizit regilye ak pedyat yo. Si doktè a remake yon pwoblèm, li ka rekòmande yon oftalmològ pou timoun oswa yon optometris. Lè pitit ou a kòmanse wè yon doktè je, li enpòtan pou ou toujou ale nan randevou swivi yo rekòmande, pou pèmèt doktè a swiv maladi yo avèk presizyon.
Si nenpòt sentòm sanble ijan, li pi bon pou ou mennen pitit ou nan Depatman Ijans Mass Eye and Ear imedyatman.
Swen je konplè pou timoun
Nan Massachusetts, timoun yo dwe fè omwen yon tès vizyon nan yon ane anvan yo kèmanse jadendanfan. Pitit ou a ka bezwen yon egzamen je si:
- Gen yon istwa fanmi ki gen strabis (je kwochi) oswa lòt maladi je..
- Yo pa rive fè yon tès vizyon.
- Ou sispèk yon pwoblèm vizyon.
- Pitit ou a gen yon maladi sante ki asosye ak pwoblèm je, tankou newofibwomatoz, sendwòm Down, oswa sendwòm Marfan.
Maladi ak tretman je pediatrik
- Cataracts
- Glaucoma
- Retinal Detachment
- Blurred Vision
- Amblyopia
- Blocked Tear Duct
- Allergic Conjunctivitis
- Brown Syndrome in Children
- Retinoblastoma
- Coloboma
- Aniridia
- Diabetic Retinopathy
- Keratoconus
- Strabismus
- Corneal Transplantation
- LASIK
- Strabismus Surgery
- Eyeglasses and Contact Lenses
- Cataract Surgery
- Dacryocystorhinostomy (DCR)
- Fluorescein Angiography
- Low-Vision Devices
- Eyelid Lacerations
- Corneal Ring Implants
- Scleral Buckling
Espesyalis nou yo
617-573-3202
Kontakte Oftalmoloji Pediatrik
617-573-3202
Sèvis pou Pasyan Entènasyonal yo
Enfòmasyon kontak pou pasyan entènasyonal