false

PrimeCare

Manadjè PrimeCare nou yo bay sèvis ki adapte ak bezwen espesifik chak moun—tankou evalyasyon sante ak evalyasyon anviwònman lakay, sipò pou moun k ap bay swen yo, ak konsèy sou zafè finansye—pou reponn ak bezwen k ap chanje pasyan nou yo k ap pran laj ansanm ak moun k ap pran swen yo.
primary
phone
617-726-4488
6177264488

Swen konpasyon pou pasyan ki aje ak moun k ap bay swen yo

Li ka difisil pou jere bezwen swen sante k ap chanje pandan ou menm oswa yon moun ou renmen ap pran laj. Atravè PrimeCare, nou ofri sipò pèsonalize pou ede granmoun aje yo rete an sekirite, endepandan, epi byen sipòte, kit se lakay yo oswa nan divès anviwònman swen. Manadjè swen pou granmoun aje nou yo bay sèvis jesyon swen, pa sèvis swen sante debaz. Nou travay avèk pasyan, fanmi, ak ekip medikal pou idantifye bezwen, kowòdone sèvis, epi mete moun k ap bay swen yo an kontak ak sipò pratik. Yo ka sèvi tou kòm defansè pasyan yo.
center
tertiary
internal-arrow
Yon pati nan swen sante primè
/content/unified-xwalk/ht/services/primary-care

Apwòch nou anvè swen pou granmoun aje

Manadjè PrimeCare nou yo fè evalyasyon epi yo bay plan swen pèsonalize pou reponn ak bezwen k ap chanje pasyan ki aje yo, moun k ap ba yo swen yo, ak manm fanmi yo.
Sèvis swen pou granmoun aje nou ofri yo

Manadjè PrimeCare nou yo kapab:

  • Patisipe nan reyinyon avèk founisè swen sante yo
  • Fè founisè swen yo konnen enkyetid pasyan yo ak moun k ap bay swen yo
  • Eksplike plan tretman yo
  • Edike pasyan yo ak moun k ap bay swen yo sou medikaman
  • Devlope sistèm ki itil pou pran ak distribye medikaman
  • Bay konsèy sou swen pasyan ki gen demans
  • Pran randevou ak founisè sèvis yo
  • Fè aranjman pou transpò
Evalyasyon konplè pou granmoun aje

Nou fè evalyasyon apwofondi pou ede nou detèmine bezwen chak moun ak fason nou ka pi byen sipòte sante yo, sekirite yo, ak lavi chak jou yo. Pandan evalyasyon sa a, yon responsab swen egzamine:

  • Eta mantal
  • Finans, dispozisyon legal ak pwoteksyon asirans
  • Sekirite lakay
  • Istorik medikal, medikaman, ak founisè swen sante aktyèl yo
  • Nitrisyon ak rejim alimantè
  • Byennèt sosyal ak sikolojik
Evalyasyon nan domisil
Nou fè evalyasyon nan kay pasyan an pou nou konprann anviwònman kote l ap viv la, risk sekirite yo, ak defi li rankontre nan lavi chak jou. Yo ka fè evalyasyon tou nan lopital, sant reyabilitasyon, oswa lòt kote yo bay swen.
Gid finansye, legal, ak asirans

Li ka difisil pou peye pri sèvis swen pou granmoun aje k ap ogmante. Nou ka ede pasyan nou yo ak fanmi yo tire pi bon pwofi nan resous finansye yo epi bay enfòmasyon sou:

  • Resous kominotè pou transpò ak ajans swen nan domisil
  • Swen nan kay ak acha ekipman
  • Benefis ak pwoteksyon asirans
  • Kesyon legal, tankou planifikasyon eritaj, deziyasyon moun pou pran desizyon medikal, direktiv alavans ak manda reprezantasyon legal.
Soutyen apre operasyon

Anpil moun k ap pran swen manm fanmi yo oblije pran desizyon konplike ki chaje ak emosyon pou moun yo renmen yo. Nou ka ede moun ki bay swen pa:

  • Defann enterè pasyan yo lè moun k ap bay swen yo pa ka prezan
  • Fè vizit sou plas pou evalye swen pasyan yo
  • Òganize plasman oswa transfè nan etablisman yo
  • Sipòte kominikasyon ant pasyan yo, moun kap bay swen yo, ak founisè yo

Espesyalis nou yo

Kèlkeswa maladi oswa kondisyon sante ou genyen, Mass General Brigham gen espesyalis toupre w ki ka ede w.
Yon ilistrasyon de yon ekip swen.
primary
phone
617-726-4488
6177264488

Kontakte PrimeCare

Rele nou pou pale ak yon manm ekip ki ka ede ou konprann opsyon ou yo ak gide ou nan swen ki apwopriye pou ou. Avèk sant nou yo ki sitiye toupatou nan New England ak sipò pou pasyan k ap vwayaje soti deyò Etazini, nou rann li fasil pou jwenn bon jan swen espesyalize ki byen kòòdone.
primary
phone
617-726-4488
6177264488
secondary
internal
Sèvis pou Pasyan Entènasyonal

Enfòmasyon pou kontakte pasyan entènasyonal yo

/content/unified-xwalk/ht/patients-visitors/international/for-patients/contact