false

Swen Prensipal pou Granmoun aje

Bezwen swen sante ou chanje e yo ka vin pi konplike lè ou vin aje. Founisè swen prensipal jeryatrik nou yo espesyalize nan jere bezwen medikal inik granmoun aje yo. Ou benefisye swen kowòdone ki ede ou jwenn plis nan lavi a.
primary
phone
617-726-4600

Rele swen prensipal pou granmoun aje nan 617-726-4600.

6177264600

Swen pou bezwen sante inik granmoun aje yo

Granmoun aje yo gen bezwen sante inik, souvan konplike, ki mande swen kowòdone. Nou ofri sèvis swen prensipal pou granmoun aje ki gen kondisyon medikal konplike. Pasyan yo benefisye de swen prevantif konplè ak entèvansyon, epi de jesyon maladi avanse pou kondisyon kwonik yo. Nou ede tou sipòte moun ou renmen ak moun k ap bay swen pou ou. Nou kolabore avèk ou, ede ou rete endepandan ak jwi pi bon kalite lavi.
center
tertiary
internal-arrow
Pati sou Aje
/content/unified-xwalk/ht/services/aging

Konsantre sou sèvis swen prensipal jeryatrik

Ekip swen nou an koute enkyetid ou yo epi pèsonalize yon plan swen pou pwoteje sante ou ak endepandans ou. Sèvis nou yo ki konsantre sou pasyan yo ede ou jwi lavi ou nèt ale.
Ekip dedye espesyalize nan jeryatrik

Ou resevwa swen nan men doktè swen prensipal ki gen fòmasyon avanse nan medsin jeryatrik. Lòt manm ekip swen yo enkli:

  • Kadyològ ak sikyat ki espesyalize nan jeryatrik
  • Manadjè ka
  • Enfimyè pratisyen
  • Travayè sosyal
Sèvis pou pasyan granmoun ki admèt nan lopital

Pou pasyan granmoun ki bezwen swen lopital, nou travay sere avèk doktè ki ap suiv yo ak ekip swen yo. Nou ka ede tou ak transfè nan yon lopital Mass General Brigham si ou premye resevwa swen ijans nan yon lòt kote.

Paske Mass General Brigham se yon lopital ansèyman, ou ka resevwa swen tou nan men doktè ki ap pouswiv fòmasyon adisyonèl nan medsin jeryatrik oswa medsin entèn.

Apre ou sòti nan lopital la, tanpri fè yon randevou avèk nou pou swen swivi.

Sipò sante konpòtman pou pasyan granmoun aje

Sikyat nou an espesyalize nan ede pasyan ki pi gran yo ki gen enkyetid, depresyon, pwoblèm memwa, ak lòt pwoblèm sante konpòtmantal. Yo ka ede ou tou fè fas ak yon maladi kwonik oswa yon maladi ki diminye esperans de vi.

Antanke yon manm nan ekip swen ou an, sikyat jeryatrik la ap travay an kolaborasyon ak founisè swen prensipal ou a. Ekspè sa yo travay ansanm pou yo dyagnostike epi jere pwoblèm sante mantal ak konpòtman ki espesyalman konsène pasyan granmoun aje yo. Ou gen aksè a:

  • Konsiltasyon ak evalyasyon
  • Medikaman
  • Terapi pale (psikoterapi)
Sèvis sosyal pou pasyan granmoun aje, moun ou renmen, ak moun ki bay swen.

Travayè sosyal jeryatrik nou yo travay sere avèk pasyan yo, moun ou renmen yo, ak moun ki bay swen yo. Yo ka ede avèk:

  • Kowòdinasyon swen, ki gen ladan sèvis sante nan kay, lojman asistans, enfimyè kalifye, ak opsyon kay retrèt
  • Konsèy pou ede pasyan yo fè fas ak defi ki vini ak laj
  • Sipò pou ede moun ki bay swen yo jere estrès

Kondisyon sante jeryatrik ak tretman

Risk pou devlope kondisyon ki afekte byennèt fizik ak mantal ou ogmante lè ou vin aje. Founisè swen prensipal nou yo gen fòmasyon avanse nan medsin jeryatrik. Nou ofri sèvis swen prensipal konplè pou satisfè bezwen inik granmoun aje yo.

Espesyalis nou yo

Kèlkeswa maladi oswa kondisyon ou genyen, Mass General Brigham gen espesyalis tou pre ou ki ka ede ou.
Yon ilistrasyon ekip swen.
primary
phone
617-726-4600

Rele swen prensipal pou granmoun aje nan 617-726-4600.

6177264600

Kontakte Swen prensipal pou granmoun aje.

Rele nou pou pale ak yon manm ekip ki ka ede ou konprann opsyon ou yo ak gide ou nan swen ki apwopriye pou ou. Avèk plizyè etablisman nan tout New England ak sipò pou pasyan k ap soti andeyò Etazini, nou fè li pi fasil pou yo jwenn swen kowdoòne ak ekspè.
primary
phone
617-726-4600

Rele swen prensipal pou granmoun aje nan 617-726-4600.

6177264600
secondary
internal
Sèvis Pasyan Entènasyonal

Enfòmasyon kontak pou pasyan entènasyonal

/content/unified-xwalk/ht/patients-visitors/international/for-patients/contact