Pwogram swen estwòk pou jèn adilt
617-726-8459
Swen espesyalize pou jèn adilt ki fè estwòk
Moun nenpòt laj ka fè estwòk. Lè jèn adilt fè estwòk, yo souvan bezwen yon kalite swen ki diferan, paske yo ka fè fas ak chanjman nan travay yo, aktivite chak jou yo, ak plan yo pou lavni.
Mass General Brigham Neuroscience Institute yo bay pi bon kalite swen an kolaborasyon ak plizyè espesyalis pou jèn adilt ak fanmi yo apre yon estwòk. Nou ofri dyagnostik rapid ak egzak, ki baze sou prèv syantifik, sèvis reyabilitasyon, ak sipò ki adapte ak bezwen ou.
Yon pati nan Neuroscience Institute
Apwòch nou nan zafè swen
Ekip ou a gen ladan:
- Espesyalis pou maladi nan nè
- Doktè pou operasyon nan sèvo ak sistèm nè
- Espesyalis ki fè pwosedi espesyal nan sèvo ak veso sangen
- Enfimyè
- Espesyalis ki etidye jèn ak eritaj jenetik fanmi
- Espesyalis reyabilitasyon
Swen nou bay la kontinye apre premye tretman an, li gen ladan swen espesyal pou sèvo, tès imaj, plan pou reyabilitasyon, èd pou travay, ak sipò nan lavi chak jou.
Apwòch nou an ki mete plizyè espesyalis ansanm ede reponn ak bezwen sante ak bezwen lavi moun apre yon estwòk. Sa gen ladan:
- Dyagnostik ki apwopriye ansanm ak referans
- Tretman ki baze sou prèv syantifik
- Reyabilitasyon
- Sante mantal ak sipò emosyonèl apre estwòk
- Gid vokasyonèl
- Konsèy jenetik
- Resous tankou gwoup sipò
Nan premye vizit ou a, espesyalis nou yo ap fè yon evalyasyon konplè pou prepare yon plan swen ki fèt espesyalman pou ou. Tretman nou yo swiv gid medikal ak metòd ki pwouve yo efikas, nou konsantre sou bezwen ou genyen kounye a ak bezwen ou ka genyen pi devan.
Lè sa nesesè, nou ede òganize referans pou lòt sèvis tankou reyabilitasyon, evalyasyon pou kondwi, travay sosyal, ak lòt swen espesyalize.
Espesyalis nou yo ki trete pwoblèm sèvo ak sistèm nè yo
617-726-8459
Etid klinik ak rechèch sou pwoblèm sèvo ak sistèm nè
Aprann plis sou rechèch nou fè sou pwoblèm sèvo ak sistèm nè
Aprann kijan rechèch sou pwoblèm sèvo ak sistèm nè ede bay pasyan yo pi bon swen
Jwenn enfòmasyon sou esè klinik yo
Chèche etid klinik k ap fèt sou maladi nan sèvo ak sistèm nè yo
Kontakte pwogram pou jèn adilt ki fè estwòk la
617-726-8459
Sèvis pou pasyan entènasyonal
Enfòmasyon kontak pou pasyan entènasyonal