false

Pwogram reyabilitasyon apre estwòk

Pwogram reyabilitasyon apre estwòk la sèvi avèk rechèch ak teknoloji ki pi resan nan reyabilitasyon apre estwòk. Nou ede chak pasyan reprann endepandans yo, kapasite yo, ak lavi yo otank posib.

Swen konplè pou reyabilitasyon apre estwòk

Espesyalis nan pwogram reyabilitasyon pou pwoblèm nan sèvo ak sistèm nè Mass General Brigham nan bay swen pou tout kalite estwòk, kèlkeswa sa ki lakòz yo oswa nan ki nivo yo grav. Yo travay ansanm avèk ou menm ak fanmi ou pou idantifye pwoblèm ki ka anpeche ou geri epi devlope estrateji pou ede ou simonte yo. Nou itilize ekspètiz terapetik nou pou kreye plan swen pèsonalize ki konsantre sou bezwen ou ak byennèt ou.
center
tertiary
internal-arrow
Yon pati nan Neuroscience Institute
/content/unified-xwalk/ht/services/neuroscience

Apwòch nou nan swen reyabilitasyon apre yon estwòk

Nou la pou nou sipòte ou menm ak fanmi ou pandan pwosesis gerizon apre estwòk la, lè nou ba ou swen ki baze sou ekspètiz, konpasyon, ak respè. Objektif ou ak endepandans ou se pi gwo priyorite nan plan swen nou an.
Swen pou gerizon apre yon estwòk, nan chak etap

Nou bay swen konplè apre estwòk pou ede ou reprann kapasite ou, amelyore mouvman ou, epi retounen nan aktivite ki enpòtan pou ou, kèlkeswa kote ou ye nan pakou gerizon ou. Lè nou pran an konsiderasyon tout aspè nan gerizon ou apre yon estwòk, terapi ak tretman nou yo travay pou amelyore:

  • Amelyorasyon kapasite pou deplase jwenti ak manm yo
  • Mache ak deplasman
  • Fonksyon mantal, tankou pale, aprann, ak sonje enfòmasyon
  • Kapasite esansyèl pou lavi chak jou
Ekip swen nan plizyè domèn ki gen eksperyans

Ekip swen ou a gen ladan klinisyen ki gen eksperyans nan swen moun ki fè estwòk. Sa yo ka enkli:

  • Terapis espesyalize, tankou espesyalis ki ede moun mache, deplase, ak espesyalis ki ede moun fè aktivite chak jou yo pi fasil
  • Espesyalis sèvo ak sistèm nè yo
  • Medsin fizik ak gerizon)
  • Espesyalis nan sante mantal ak medsin entèn
  • Enfimyè ki resevwa fòmasyon espesyal nan gerizon maladi sèvo ak sistèm nè
Teknoloji avanse ak entèvansyon espesyalize

Nan kad plan swen reyabilitasyon ou a, ou gen aksè a tretman ansanm ak teknoloji ki pi modèn konsènan swen apre estwòk. Sa yo enkli:

  • Evalyasyon detaye kapasite ou pou fè aktivite chak jou
  • Egzèsis terapetik
  • Mizanplas atèl
  • Òtèz ak aparèy soutyen
  • Teknik konpansasyon
  • Reyedikasyon sou lamach
  • Reyedikasyon pou sèvo ak sistèm nè pou amelyore mouvman ak kapasite pou fè aktivite y
  • Aparèy medikal avanse pou sipòte antrènman mouvman
Plizyè opsyon reyabilitasyon apre yon estwòk

Kit ou fenk fè estwòk oswa ou deja sou wout pou reprann kapasite ou, ekip swen ou an la pou akonpaye ou epi sipòte ou pandan tout etap pou ou geri a. Nou bay swen pou apre estwòk nan:

  • Anviwònman lopital pou pasyan ki entène
  • Sant swen alontèm pou pasyan ki bezwen plis sipò medikal (LTAC)
  • Sant swen enfimyè espesyalize (SNF)
  • Sèvis pou pasyan ki vini pou tretman san yo pa rete lopital
Posiblite pou patisipe nan gwoup sipò epi konekte ak kominote a

Anplis swen ak edikasyon ou resevwa nan men ekip Mass General Brigham ou a, ou pral gen aksè tou ak lòt kominote moun ki te siviv estwòk ansanm ak lòt resous pou ede sipòte byennèt mantal ou. Sa yo enkli:

  • Gwoup sipò pou moun ki fè estwòk
  • Gwoup vizit ant moun ki viv menm sitiyasyon an
  • Atelye mizik
  • Klib lekti
  • Gwoup sivivan estwòk sou Facebook