false

Kesyon moun poze souvan sou Swen Sante Ijans

Anba a, w ap jwenn kesyon yo poze souvan sou sèvis Swen Sante Ijans Mass General nou yo, ki gen ladan sèvis, Swen Vityèl 24/7, ak asirans ak bòdwo.
primary
phone
844-377-4199

Rele sèvis kliyan swen ijans Mass General Brigham

8443774199

Ou ale nan Swen Sante Ijans Mass General Brigham

Èske mwen bezwen yon randevou?
Nou bay swen ijans pou granmoun ak timoun ki gen 2 zan oswa plis. Oto-enskripsyon disponib nan etablisman sa yo-- Newton, Westwood, Woburn, Lynn, South Weymouth, Natick, Danvers, Andover, Pembroke, Lawrence, Amherst, Boston, Brookline, Greenfield, Northampton ak Southampton. Nou bay swen san randevou.
Èske mwen bezwen yon referans nan men doktè mwen pou yo ka konsilte m?
Ou pa bezwen yon referans. Pou lòt adrès nou yo, nou bay swen san w pa bezwen gen randevou.
Èske mwen dwe yon pasyan nan Mass General Brigham oswa gen yon doktè Mass General Brigham pou yo ka konsilte m?
Ou pa bezwen yon pasyan nan Mass General Brigham oswa gen yon doktè Mass General Brigham pou itilize sèvis swen sante ijans nou yo.
Konbyen tan mwen pral oblije tann?

Ekip nou an angaje pou bay swen ki an sekirite ak efikas epi pou konsilte chak pasyan pi vit posib. Nou fè tout efò pou anplwaye klinik nou yo nan yon fason apwopriye pou redui tan atant lan. Remake tan atant yo ka varye selon resous ki disponib ak kantite pasyan ki ap tann pou yo konsilte yo.

Sant swen ijans ak depatman ijans yo akeyi tout pasyan pou yo ka antre san randevou. Y ap konsilte yon pasyan ki rive ak yon maladi oswa blesi ki pi grav oswa ijan anvan sa yo ki gen sentòm ki pi lejè. Sa ka fè yon pasyan resevwa swen an pa nan lòd epi gen tan atant ki pi long pase nòmal pou lòt pasyan yo. Mèsi pou konpreyansyon.

Èske mwen ka rele davans pou rezève yon plas nan liy lan oswa pou pran randevou?
Kounye a, nou akeyi pasyan ki vini san randevou ak moun ki fè rezèvasyon sou entènèt ki limite nan pifò lokalite Swen Ekspres yo. Pou rezève yon plas, konekte nan kont Patient Gateway ou a epi chwazi Find Care (Jwenn Swen) nan yon lokalite Swen Ijans. Pasyan ki gen bezwen pi grav oswa ki ijan resevwa swen an premye.
Ki dokiman pou mwen pote?
Tanpri pote lisans chofè ou oswa lòt fòm idantifikasyon si ou genyen yo. Pote prèv asirans ki valab, tankou kat asirans ou si ou planifye pou itilize asirans sante pou peye pou vizit ou a.

Swen Vityèl 24/7

Kisa Swen Vityèl 24/7 ye?

Mass General Brigham Swen Vityèl 24/7 se yon sèvis medikal vityèl pasyan yo ka itilize pou bezwen medikal yon sèl fwa. Avèk swen vityèl 24/7, ou ka wè yon doktè sou entènèt, depi lakay ou nenpòt lè. lajounen oswa lannuit.

Sèvis nou yo disponib pou nenpòt moun ki gen yon koneksyon entènèt ak yon aparèy ki konpatib (telefòn entelijan oswa òdinatè). Yo fè Swen Vityèl sou yon platfòm swen sante ki an sekirite, ki asire vi prive ak konfidansyalite.

Jwenn enfòmasyon konplè sou Swen Vityèl 24/7 nou an, ak yon lyen pou pran randevou.

Sèvis

Ki sèvis ou bay ak ki maladi ou trete?

Nou trete granmoun ak timoun ki gen 2 zan oswa plis ki gen maladi ak/oswa blesi ki pa menase lavi men ki bezwen swen rapid. Aprann sou sèvis nou yo

  • Nou pa yon sal ijans. Si ou ap viv yon eksperyans yon ijans medikal, ki gen ladann doulè nan pwatrin, tèt vire, anpil senyman, endispoze, pwoblèm pou respire oswa pale, oswa doulè grav nan vant, tanpri rele 911 oswa ale nan sal ijans ki pi pre ou a.

Nou bay swen pou yon pakèt maladi ak blesi, tankou alèji, opresyon, tous, bwonchit, rim, grip, COVID-19, lafyèv, tèt fè mal, zo kase, antòs ak foulay, enfeksyon nan je ak zòrèy, gratèl, koupi, enfeksyon ki ka transmèt atravè sèks, doulè nan vant, dyare, ak vomisman. Aprann sou maladi nou trete

Ki kalite tès dyagnostik ou bay?
Sant nou yo fè kèk tès dyagnostik (radyografi dijital (X-ray), EKG, san, ak lòt tès laboratwa) pou pasyan k ap resevwa swen ijans lè doktè k ap trete l la detèmine li nesesè pou fè yon dyagnostik ak/oswa trètman.  Pou egzanp, si ou foule cheviy ou, nou ka fè yon X-ray pou konfime ou pa gen yon cheviy kase.  Tès sa yo pa disponib pou rezon ki pa ijans.
Si mwen gen yon òdonans nan men doktè swen prensipal mwen an pou tès san oswa yon X-ray, èske mwen ka fè tès sa yo nan youn nan etablisman ou yo?
Non. Nou pa yon sit tès pou fè tès san woutin oswa X-ray doktè prensipal ou a te mande. Pou sa yo, tanpri ale nan yon lopital Mass General Brigham, sant pou pasyan ekstèn oswa sit tès ki bay sèvis sa yo.
Mwen pa gen yon doktè swen prensipal. Èske ou ka ede m jwenn youn?
Wi. Nou se yon pati nan yon gwo rezo founisè ki nan tout Mass General Brigham, ki gen ladan founisè swen prensipal ak espesyalis ki onivo mondyal. Pou chèche founisè swen prensipal k ap aksepte nouvo pasyan, gade lis Doktè nou yo nan Find-a-Doctor.

Asirans ak pèman bòdwo ou a

Èske asirans mwen ap kouvri vizit mwen an e ki kalite asirans ou aksepte?

Tanpri rele founisè asirans ou an pou detay ki gen rapò ak kouvèti asirans sante endividyèl ou, to ko-pèman swen ijans, oswa dediktib.

Epitou, ou ka rele sèvis kliyan nan 844-377-4199 pou verifye si yo aksepte asirans ou an.

Lè w ap kontakte asirans ou an, tanpri prepare pou bay ID member (nimewo manm) ak enfèmasyon sou plan an, w ap jwenn li sou kat asirans ou an. Pou plis enfòmasyon sou kijan pou li kat asirans ou an, tanpri ale nan seksyon bòdwo ak asirans sou sit entènèt nou an.

Lè w ap kontakte asirans ou an, tanpri prepare pou bay ID member (nimewo manm) ak enfèmasyon sou plan an, w ap jwenn li sou kat asirans ou an. Pou plis enfòmasyon sou kijan pou li kat asirans ou an, tanpri ale nan seksyon bòdwo ak asirans sou sit entènèt nou an.

Nou aksepte pifò gwo konpayi asirans. Epitou, nou bay frè pou moun peye pou tèt yo. Gade yon lis asirans nou aksepte.

Konbyen vizit mwen an ap koute, e kijan mwen ka peye bòdwo mwen an?
W ap jwenn enfòmasyon konplè sou bòdwo ak asirans nan paj bòdwo ak asirans pou swen sante ijans.