false

Manje ki amelyore memwa

Kontribitè
Rudolph E. Tanzi, PhD
Grann ak pitit pitit fi nan kwizin nan, k ap koupe tomat, piman dous, konkonm, ak fèy.

“Manje pou nouri lespri” se plis pase yon bèl ekspresyon. Gen kèk manje ki ka amelyore memwa ou, anpeche maladi sèvo ak diminye efè maladi tankou maladi alzayme.

“Gen plizyè milye espès oswa souch bakteri k ap viv nan trip ou. Lè yo ekilibre epi yo an sante, sa bon pou sèvo a,” se sa Rudolph E. Tanzi, PhD, ko-fondatè ak ko-direktè McCance Center for Brain Health nan Mass General Brigham, ki itilize nitrisyon ak lòt estrateji pou ranfòse sante sèvo a, deklare. Doktè. Tanzi se vis-prezidan rechèch newoloji ak direktè Inite Rechèch sou jenetik ak Vyeyès nan Massachusetts General Hospital Laboratwa rechèch li a konsantre sou idantifye fason pou pwoteje ak amelyore sante ak fonksyon sèvo a. E li te ekri plizyè liv ki vann anpil sou enpòtans abitid ki an sante, tankou The Healing Self.

Manje pou sante sèvo a

Anpil moun ap viv ak yon “bwouya nan sèvo” kwonik ki koze pa rejim alimantè ak lòt faktè, Doktè Tanzi di.

“Lè ou sispann manje manje transfòme ki pa bon pou lasante epi ou manje manje ki bon pou lasante, ki gen anpil fib ak antioksidan, ou pral santi ou pi vijilan, pi konsyan de sa k ap pase bò kote ou ak pi konsantre. Kapasite ou pou reflechi ap amelyore tou.”

Pi presizeman, Doktè Tanzi rekòmande kategori manje sa yo ki anpeche demans ak lòt bès nan kapasite mantal:

  • Ze: Ze gen anpil kolin, ki sipòte fonksyon sèvo a. Doktè Tanzi rekòmande pou manje ze omwen yon fwa oswa de fwa pa semèn.
  • Pwason gra: Pwason gra gen anpil asid gra omega-3, patikilyèman asid dokosaeksaenoik (DHA), ki ekselan pou fonksyon sèvo a. Bon chwa yo se mori, pollock ak somon.
  • Fwi: Fwi diminye enflamasyon epi kontwole tansyon — tou de ki amelyore sante an jeneral ak sante sèvo a. Doktè Tanzi rekòmande espesyalman bè, zoranj, zaboka, grozey nwa, ak frèz. Ou ka jwenn benefis tou nan ji fwi san sik tankou ji grenad.
  • Nwa: Tout nwa gen benefis pou sèvo a, men nwa yo rele walnut yo gen omega-3 ak asid alfa-linolènik. Si w ap kontwole kantite grès w ap manje, eseye opsyon ki gen mwens grès, tankou zanmann olye de kajou, Tanzi sijere. Nwa Baruka (baru nuts) se yon bon chwa tou paske yo gen ti grès epi yo chaje ak antioksidan. Si w ap kontwole kantite sodyòm ou konsome, manje nwa ki pa gen sèl oswa melanje nwa san sèl ak nwa ki gen sèl pou diminye kantite sodyòm ou konsome an jeneral.
Yon seleksyon abondan fwi ak nwa
  • Pwodwi soya: Pwodwi soya gen polifenol ak antioksidan, tou de benefisye pou sèvo a. Yo san danje epi yo bon pou sante lè yo konsome yon fwa oswa de fwa pa semèn. Doktè Tanzi rekòmande pwa soya vèt yo rele edamame ak tofou.
    Legim: Legim ofri anpil fib, antioksidan, ak flavonoid, tout bon pou sèvo w. Doktè Tanzi site legim vèt tankou chou frize, epina, bwokoli, bok choy, chouflè, ak arigoula, ansanm ak dyondyon ak piman. Bètrav se yon lòt legim ki bon pou sèvo a, men moun ki gen pyè nan ren dwe pran prekosyon lè y ap manje l.
  • Sereyal konplè: Glisid bay selil sèvo yo enèji yo bezwen. Chwazi sereyal konplè tankou pen fèt ak farin ble antye, makawoni fèt ak farin ble antye, diri mawon ak avwàn.

Lè ou vle pran yon bwason oswa yon ti bagay dous, panse ak chwa sa yo:

  • Kafe ak te (ki gen ladan te vèt)
  • Chokola nwa ki pa twò dous (anviwon 70 % kakawo)
  • Lwil oliv
  • Diven wouj
  • Grenn, sitou grenn joumou, tounsòl, len ak chya

Doktè Tanzi rekòmande tou pou limite manje ki ka lakòz enflamasyon tankou vyann wouj, manje fri, ak manje trete ki gen anpil sik tankou soda ak glisid rafine. Twòp sèl ak grès satire ka lakòz enflamasyon. Sa ka fè ou santi lespri ou pa klè, diminye kapasite ou pou reflechi epi ogmante risk ou genyen pou lòt pwoblèm sante.

Edamame nan yon bòl.

Pwogram nan konsantre sou fason moun ka pran devan pou ankouraje ak prezève sante sèvo a. Nou wè pasyan yo anvan yo menm gen maladi epi nou konsantre sou fason pou anpeche maladi sèvo, sitou maladi newodejeneratif tankou maladi Alzheimer, maladi Parkinson, ak aksidan vaskilè serebral.

Rudolph E. Tanzi, PhD

  • Neuroscientist, Mass General Brigham

SHIELD: yon metòd pou pwoteje memwa ou

Rejim alimantè se yon pati nan yon seri estrateji pou pwoteje sante sèvo a epi amelyore fonksyon li. Doktè Tanzi itilize akwonim SHIELD la pou ede sonje fason ki pi enpòtan pou amelyore memwa.

  • S: Somèy
  • H: Jere estrès
  • I: Kominike ak lòt moun
  • E: Fè egzèsis
  • L: Aprann nouvo bagay
  • D: Rejim alimantè

McCance Brain Care Score, yon nòt pou evalye sante sèvo a, se yon zouti ki baze sou rechèch. Li pran an kont alimantasyon, aktivite fizik, relasyon sosyal, fason moun viv ak lòt faktè. Nòt ou a ede w konprann sante sèvo w kounye a epi li rekòmande fason pou amelyore l.

“Pwogram nan konsantre sou fason moun ka pran inisyativ pou ankouraje epi prezève sante sèvo,” Doktè Tanzi eksplike. “Nou wè pasyan yo anvan yo vin gen maladi. Nou chèche fason pou anpeche maladi sèvo, sitou maladi ki fè sèvo a pèdi kapasite li tikras pa tikras, tankou maladi alzayme, maladi Parkinson ak konjesyon serebral.”

Atansyon ak sipleman nitrisyonèl pou sante sèvo

Fason ki pi efikas pou jwenn eleman nitritif pou sante sèvo a se nan manje, olye de sipleman. Malgre kèk sipleman ta ka ede, yo jeneralman pa gen done klinik ak prèv ki montre efikasite yo.

“Pifò nan yo di ‘teste oswa pwouve nan etid sou pasyan’, men anpil nan reklamasyon sa yo pa gen fondman,” Doktè Tanzi di. “Pifò sipleman pou sante sèvo yo swa gen yon sèl engredyan ki pa gen prèv li itil, swa yo gen plizyè engredyan, men pa gen ase nan okenn ladan yo pou fè yon diferans.”

Sant McCance a ap kòmanse fè rechèch sou efikasite sipleman yo. Antretan, Doktè Tanzi rekòmande pou w mande doktè w.

primary
internal
Aprann plis sou siy demans prekòs kay fi
/content/unified-xwalk/ht/health-wellness/early-signs-of-dementia-in-women