Blesi nan je ki gen rapò ak pickleball: Prevansyon ak tretman
Pandan pickleball ap vin pi popilè, kantite blesi yo vin pi plis tou, men blesi yo pa limite sèlman ak antòs cheviy oswa blesi nan ACL ke jwè yo bezwen enkyete pou yo. Yon nouvo etid nan JAMA Ophthalmology montre gen plis moun ki blese nan je ki gen rapò ak pickleball nan sal ijans atravè peyi a.
"Gen anpil plis blesi ki gen rapò ak pickleball, petèt paske espò a vin pi popilè dènyèman epi boul pickleball yo deplase trè vit sou ti distans," moun ki di sa se Nimesh A. Patel, MD, yon espesyalis je nan Mass General Brigham ki espesyalize nan trete maladi retin ak vitreyen, avèk medikaman oswa operasyon. Doktè. Patel trete pasyan nan Mass Eye and Ear ak Massachusetts General Hospital epi li dakò ak etid la.
Li fè konnen tou ke gwosè teren an ki pi piti nan pickleball ka jwe yon wòl nan fason moun yo blese. "Kontrèman ak yon bagay tankou tenis, nan pickleball ou yon ti kras pi pre moun k ap frape boul la epi pa gen anpil tan pou ou deplase pou ou evite l," se sa doktè Patel eksplike.
Aprann sou blesi moun souvan genyen nan je ki gen rapò ak pickleball, tan li ka pran pou refè, ak fason pou rete an sekirite sou teren an.
Kalite blesi nan je ki gen rapò ak pickleball
Blesi nan je ki rive nan pickleball yo ka varye anpil selon kalite ak gravite yo, anjeneral, yo fèt lè boul la frape je a ak fòs, men pafwa yon jwè ka resevwa yon kou ak rakèt la oswa blese lè li tonbe.
Chòk sa a ka lakoz:
- Enflamasyon lejè
- Senyen nan pati devan je a
- Senyen nan pati dèyè je a
- Chire nan retin nan
- Retin ki dekole
Dr. Patel fè konnen nan ka grav, sa kapab rive je a pete, men sa pa rive souvan. Dapre etid la tou zo ki kase alantou je a se youn nan blesi ki ka rive pandan pickleball.
Sentom blesi nan je ki gen rapò ak pickeball.
Blesi nan je ki pi kouran ki lye ak pickleball, Doktè Patel wè se enflamasyon lejè, kote pasyan yo santi yon doulè lejè ak sansiblite ak limyè. "Iris la—pati ki gen koulè nan je a—responsab pou adapte l lè ou ap soti nan limyè klere pou ou antre nan fènwa." Si iris la blese oswa anfle, ou ka santi doulè pandan nwa je a ap ratresi anba diferan kondisyon ekleraj," se sa li eksplike.
Pou doulè oswa enflamasyon minè, kontakte pwofesyonèl swen je ou a pou pran yon randevou. Malgre blesi a ka sanble minè, menm blesi lejè nan je ka vin pi mal oswa enfekte. Li pi bon pou ou wè pwofesyonèl swen je ou a pou asire ou jwenn swen ki apwopriye.
Si gen lòt sentòm ou dwe chèche swen medikal ki pi ijan. Sentòm blesi nan je ki ijan yo enkli:
- Nenpòt pèt vizyon
- Limyè k ap flache
- Nouvo tach k ap flote ki parèt
- Nenpòt sentòm ki vin pi mal oswa ki chanje apre blesi a
Si w ap fè eksperyans nenpòt nan sentòm ki pi ijan yo, Dr. Patel rekòmande pou ou fè yon egzamen pi vit posib. Mass Eye and Ear nan Mass General Brigham gen yon depatman ijans ki ouvri 24 èdtan pa jou, ki gen ekspè ki ka trete blesi nan je.
Tan pou geri apre blesi nan je ki gen rapò ak pickleball
Jwè pickleball yo popilè kòm moun ki trè pasyone e ki devwe pou jwe espò yo, epi—tankou pifò jwè espò—yo vle retounen nan jwèt la pi vit posib.
Avèk blesi nan je, tan pou geri a ka varye selon gravite blesi a ak plan tretman an.
Si se enflamasyon nan je a oswa kèk san ki kaye nan retin nan, tan gerizon an anjeneral se anviwon 2 a 4 semèn. Doktè. Patel di, "Ou ka resevwa preskripsyon pou yon gout je abaz estewoyid pou diminye kantite enflamasyon an, ak yon gout je pou paralize iris la pou dilate l yon fason pèmanan pandan l ap geri." Gout pou paralize misk je a ta dwe ede anpeche doulè lè iris la reyaji ak chanjman nan limyè.
"Lòt pwoblèm tankou senyen nan je a ka pran plis tan pou geri," Dr. Patel kontinye, li ajoute, "Yon dechiri nan retin nan ta bezwen yon tretman lazè, epi yon detachman retin ta bezwen yon operasyon reyèl pou trete l." Blesi ki pi grav yo ka pran plizyè mwa pou yo geri, olye de kèk semèn.
"Pifò pwoblèm nan je ki gen rapò ak pickleball se enflamasyon, epi nou siveye presyon je a epi nou itilize gout kont enflamasyon pou ede je a refè," se sa li di.
Gen kèk moun ki mande, ‘Èske vè linèt mwen oswa linèt solèy mwen ase pou pwoteje je m?’ Sa ka pa yon bon opsyon, paske yo ka kraze pi fasil, men, nenpòt pwoteksyon je ki fèt pou espò ta dwe apwopriye.
Nimesh A. Patel, MD
- Espesyalis je
- Mass General Brigham
Pwoteksyon je pou jwè pickleball
Byenke tout moun konnen pickleball kòm yon espò ki fasil pou aprann, ki se yon bon jwèt pou moun ki ap jwe li pou premye fwa ni pou moun ki ap jwe li detanzantan, men si ou jwe li souvan, ou bezwen pwoteksyon pou je.
"Nou definitivman rekòmande pwoteksyon pou je pou pickleball," se sa doktè Patel konfime. "Mwen te jwe anpil espò lè m te piti epi mwen pa t mete anpil pwoteksyon pou je. Kounye a mwen reyalize jan mwen gen chans pou m toujou gen de je," se sa li di tou.
Ou pa bezwen depanse anpil lajan nan pwoteksyon je pou espò pou w ka pwoteje je ou pandan w ap jwe pickleball. Linèt pwoteksyon debaz ki pa koute chè nan yon magazen atik espò lokal ap fè travay la.
"Gen kèk moun ki mande, ‘Èske vè linèt mwen oswa linèt solèy mwen ase pou pwoteje je m?’ Sa ka pa yon bon opsyon, paske yo ka kraze pi fasil, men, nenpòt pwoteksyon je ki fèt pou espò ta dwe apwopriye," se sa doktè Patel eksplike.
Si ou jwe anpil espò, ou ka jwenn linèt pwoteksyon espòtif ki adapte ak preskripsyon ou a, sinon, ou ka mete linèt pwoteksyon espòtif nòmal anlè linèt preskripsyon ou.
Men, li pa rekòmande pou itilize linèt pickleball ki pa gen lantiy, paske li enpòtan pou gen yon baryè fizik devan je yo pou pwoteje yo. "Sof si ou se yon jwè pickleball wo nivo, avantaj ou panse linèt san lantiy yo bay la p ap vrèman gen enpak sou fason ou jwe."
Prevansyon kont blesi nan je ki gen rapò ak pickleball
"Moun souvan gen blesi nan je, menm jan ak lòt kalite blesi nou wè nan espò sa a." Li enpòtan pou ou pran prekosyon. Jwè pickleball yo blesi pi plis nan tandon Achilles e yo gen plis lòt blesi òtopedik tou, kidonk je yo se yon pati nan tout pwosesis rete an sekirite a," se sa doktè Patel fè konnen.
Pickleball pa gen plis danje pase lòt espò yo an jeneral. Sepandan, se espò k ap vin popilè pi rapid nan peyi Etazini epi li popilè pami jwè amatè yo. Jwè ki gen mwens eksperyans ka pa ajil ase pou evite boul la frape yo, e menm jwè ki gen eksperyans nan plizyè espò ka pa reyalize yo bezwen pwoteksyon pou je. Akademi Ameriken pou Oftalmoloji a rekòmande pou USA Pickleball, kò ki dirije pickleball nan peyi Etazini, mete an aplikasyon direktiv estanda pou linèt pwoteksyon pou pwoteje jwè yo. Menm kalite mezi sa yo te ede diminye kantite blesi nan lòt espò, tankou squash.
"Pickleball se yon espò ki vrèman amizan, epi lè moun soti deyò pou yo jwe epi fè egzèsis, sa bon pou sante yo an jeneral." Men, ou dwe fè atansyon pou pwoteje je ou," se sa doktè Patel avèti tout moun.
Blesi nan je pandan pickleball ka grav; kidonk, li enpòtan pou ou mete linèt pwoteksyon ki apwopriye chak fwa w jwe. Pa kite yon boul k ap deplase san kontwòl retire ou nan jwèt la.