Kijan pou anpeche blesi ACL lakay fanm
ACL la se ligaman ki konekte zo kwis la ak zo janm la nan jenou an, epi dechiri ACL se youn nan blesi jenou ki pi kouran pou atlèt ki aktif nan espò tankou foutbòl, foutbòl ameriken, baskètbòl, eski oswa tenis. Fanm yo gen plis risk pou yo pran blesi sa yo. An reyalite, jèn atlèt fi yo gen jiska 8 fwa plis risk pou yo fè dechiri ACL pase atlèt gason yo.
"Nou etidye anpil bagay ki ka ogmante risk pou atlèt fi yo, tankou fason kò yo fèt, fòs yo ak efè òmòn yo," se sa Elizabeth Matzkin, MD, youn nan responsab pwogram medsin espò pou fanm Mass General Brigham, di. "Pa egzanp, lè fi yo ralanti, yo ka konte plis sou misk devan kwis yo pase gason yo. Sa ka mete plis presyon sou ACL la. Nou pa sèlman trete blesi ACL yo. Nou travay ak atlèt yo epi nou sèvi ak rezilta rechèch nou yo pou ede evite blesi anvan yo rive."
Antanke chirijyen ki espesyalize nan medsin espò pou fanm, chèchè ak chirijyen òtopedik an chèf pou National Women's Soccer League Boston Legacy FC, Doktè Matzkin rekòmande egzèsis ki antrene nè ak misk pou ede diminye risk pou blesi nan ACL la. Egzèsis sa yo ede ranfòse misk yo epi fè atlèt yo pi byen santi balans kò yo pandan y ap fè espò.
“Ekip nou an, ki gen pwofesyonèl nan plizyè domèn, adapte chak plan antrènman ak espò atlèt la, blesi li te genyen ak objektif li. Nou rekòmande pou kòmanse egzèsis ki antrene nè ak misk yon fason prekòs. Atlèt adolesan yo ka ranfòse misk yo prekòs nan karyè espòtif yo pou ede evite blesi,” dapre Doktè Matzkin di.
Kenbe misk ki pliye ranch yo, misk ki ouvri janm yo sou kote ak misk devan kwis yo fò anpil se youn nan kèk bagay nou ka kontwole pou ede evite blesi nan jenou.
Elizabeth Matzkin, MD
- Co-Leader of Women’s Sports Medicine and Women’s Sports Medicine Surgeon, Mass General Brigham
Anpeche blesi ACL ak egzèsis ki antrene nè ak misk
Egzèsis ki antrene nè ak misk gen ladan aktivite pou ranfòse misk ak prepare kò a, pou espò an jeneral oswa pou yon espò patikilye, tankou:
- Rezistans
- Egzèsis pou kenbe balans pandan ou an mouvman
- Egzèsis rapid ak pisan pou ranfòse misk ou itilize pou vire vit, ateri apre yon so ak fè lòt mouvman nan espò ou
- Ranfòse misk nan mitan kò a
- Balans
- Egzèsis ladrès
"Egzèsis sa yo antrene nè yo ak misk yo pou yo reyaji epi travay ansanm pou pi bon rezilta," dapre Doktè Matzkin di.
Yon espesyalis nan medsin espò, yon terapis fizik oswa yon antrenè ki resevwa fòmasyon ka montre ou egzèsis ki antrene nè ak misk. Yo ka adapte egzèsis yo ak espò ou ak objektif ou.
Pou atlèt fi ki gen plis risk pou blesi ACL, egzèsis yo ranfòse misk alantou jenou ak ranch yo. Konsa, misk ki pliye ranch yo, misk ki ouvri janm yo sou kote ak misk devan kwis yo ka travay byen ansanm. "Nou travay sou fòs ak fason atlèt yo santi mouvman kò yo pou ede yo kenbe balans, fè mouvman yo byen epi sèvi ak bon teknik," dapre Doktè Matzkin di. "An reyalite, kenbe misk ki pliye ranch yo, misk ki ouvri janm yo sou kote ak misk devan kwis yo fò anpil se youn nan kèk bagay nou ka kontwole pou ede evite blesi nan jenou."
Lè yon antrenè oswa yon espesyalis ba ou konsèy pandan w ap fè egzèsis ki antrene nè ak misk, sa ka ede ou fè mouvman yo pi byen, vin pi fò epi diminye risk pou w blese. “Menmsi ou pa ka fè egzèsis ak yon antrenè chak fwa,” Doktè Matzkin di, “li ka itil pou jwenn konsèy depi nan kòmansman pou pran bon abitid ak egzèsis ki antrene nè ak misk.”
Ajoute egzèsis ki antrene nè ak misk nan antrènman ou
Egzèsis ki antrene nè ak misk ede pwoteje kont blesi ACL lè ou kòmanse fè yo yon fason prekòs epi ou fè yo souvan. Paske blesi ACL yo rive nan pik yo pandan mitan adolesans, anpil ekspè rekòmande pou atlèt fi yo kòmanse pratike egzèsis newomiskilè nan kòmansman adolesans yo. Sa ka ede ranfòse misk ki pi pre sant kò a anvan yo vin gen plis risk pou yo blese.
Kèk nan egzèsis ki pi benefik yo enkli:
- Ranfòse misk nan mitan kò a ak egzèsis planch, planch sou kote ak egzèsis pou vant
- Egzèsis ak rezistans, tankou bese sou jenou, fè gwo pa ak jenou pliye ak leve pwa atè
- Egzèsis vitès, tankou kouri ant ba yon nechèl ki atè, deplase vit sou kote ak kouri sou yon ti distans ak tout vitès
Rechèch montre atlèt yo jwenn pi gwo benefis lè yo fè egzèsis ki antrene nè ak misk pandan 20 minit, omwen de fwa pa semèn, epi yon antrenè ba yo konsèy sou fason yo fè egzèsis yo.
Èske ou ta dwe antrene avèk yon fizyoterapis?
Pou kèk jèn atlèt fi, sa ka sifi pou yo fè egzèsis ki antrene nè ak misk pandan chofaj oswa antrènman ekip yo, sitou si yo jwe sèlman pou plezi. Sa yo ki planifye pou jwe nan konpetisyon nan lekòl segondè, inivèsite, oswa pi lwen ka benefisye de seyans avèk yon fizyoterapet. Pwogram medsin espò pou fanm Mass General Brigham ak Sant pou pèfòmans ak rechèch nan espò (CSPAR) ofri atlèt fi antrènman pou ede evite blesi, ak yon evalyasyon pou chak atlèt ak yon plan antrènman ki adapte ak bezwen yo.
“Nou pran swen atlèt yo nan tout aspè lavi yo. Nou ofri atlèt fi swen sante jeneral ak swen pou anpeche maladi, sipò pou sante mantal, sipò sikolojik pou espò, swen pou atlèt ansent ak konsèy sou manje ki bon pou atlèt,” dapre Doktè Matzkin di. “Nou travay avèk ou nan chak etap, depi lè w ap chèche evite blesi, pandan tretman ak gerizon, jouk ou ka rekòmanse fè espò san danje.”