Kijan mwen ka anpeche blese komen nan fè egzèsis?
Espò ak egzèsis gen benefis ki pa gen dout: yo ranfòse zo ak misk, diminye risk pou anpil maladi, amelyore sante mantal ak atitid, ede w pase tan ak lòt moun, epi yo bay plezi, pami lòt benefis. Men, yo gen risk pou moun blese tou.
Aprann kijan moun nan tout nivo kondisyon fizik ka evite blese.
Jwenn konsèy pwofesyonèl.
Li enpòtan pou w al wè doktè ou anvan ou kòmanse yon nouvo aktivite, epi pandan w ap ogmante efò w ap fè a. Pwofesyonèl sante ki suiv ou regilyèman an ka rekòmande w pèdi pwa, ba w konsèy sou manje, pran swen lòt pwoblèm sante ou genyen epi trete ansyen blesi ou yo.
Lòt pwofesyonèl ou ka konsilte yo enkli:
- Espesyalis ki ede atlèt evite blesi epi refè apre blesi
- Terapis fizik
- Antrenè pèsonèl ki kalifye
- Antrenè fòs ak kondisyon fizik
- Ekspè nan ekipman apwopriye, tankou soulye
Evalye mouvman w.
Pi gwo rezon ki fè moun blese se paske yo toujou ap repete move mouvman. Si w ap kouri, èske w panche kò w dèyè oswa w panche l devan? Kijan janm ou yo deplase? Si w rame nan yon bato oswa ou fè yon espò kote w voye yon bagay, èske w fè mouvman yo nan bon lòd ak nan bon moman pou w pa fòse yon sèl pati nan kò w twòp? Plis ou repete move mouvman yo, se plis risk ou genyen pou w blese.
Panse ak yon machin ki gen wou ki pa aliyen: Ou ka rive kondi pandan yon tan san ou pa remake yon pwoblèm. Men, si ou kondi plizyè milye mil konsa, w ap domaje machin nan.
Fè rechèch sou bon teknik pou aktivite w ap fè yo, epi egzamine pwòp teknik pa w avèk atansyon. Si ou pa sèten, konsilte yon ekspè pou yon evalyasyon objektif sou mouvman w yo.
Avanse piti piti pou w atenn objektif ou.
Kit ou fè espò nan wikenn pou rete aktif, kit ou se yon atlèt wo nivo k ap chèche genyen yon chanpyona, sa pran tan pou w atenn objektif ou. Si ou pa pran tan pou w prepare w piti piti pou antrennman ki pi long oswa nivo entansite ki pi wo, ou p ap pare pou efò sa mande kò w, sa ki ka lakòz ou blese.
Pa egzanp, si w ap planifye patisipe nan yon kous, reflechi sou distans ou konn kouri ak jan kè w ak poumon w anfòm an jeneral. Si 3 mil se distans ki pi long ou janm kouri, chwazi yon kous ki pi kout kòm premye objektif ou. Oswa kalkile yon fason reyalis kijan pou w pwogrese piti piti soti nan 3 mil pou rive nan yon distans ki pi long. Si ou vle kòmanse jwe baskètbòl oswa piklebòl, yon jwèt ak rakèt, nan wikenn, kòmanse ak jwèt ki pi kout oswa jwe mwens jwèt.
Chofe kò w anvan egzèsis epi fè mouvman dousman pou kalme kò w apre.
Anvan chak antrennman, ou dwe prepare kò w. Mouvman rapid ki mande anpil fòs, tankou sote ak kouri vit, ka lakòz blesi si misk ak lòt tisi yo pa chofe epi yo pa soupl.
Anvan yo kòmanse yon antrennman, atlèt yo ka jwenn li itil pou:
- Fè bisiklèt pandan 5 minit pou kòmanse swe.
- Fè kèk mouvman rapid ki mande fòs, tankou ti sote, gwo sote ak deplasman sou kote.
- Detire.
Apre aktivite a, refè etap chofaj yo nan lòd envès pou kò w retounen piti piti nan eta li te ye anvan egzèsis la.
Varye antrennman pou evite blesi
Varye antrennman ede evite blesi ki rive lè w sèvi ak menm pati nan kò w twòp, sitou si w toujou ap fòse pati sa a lè w fè espò. Pa egzanp, kourè yo ka monte bisiklèt pou amelyore kapasite ayewobik san yo pa mete presyon sou jenou ak cheviy yo. Menm jan an tou, moun ki fè bisiklèt ka naje, epi atlèt ki fè espò kote yo voye yon bagay ka pran kèk jou san yo pa voye l pou yo leve pwa pito.
Ranfòse misk nan mitan kò w.
Misk nan mitan kò a se fondasyon prèske tout mouvman atletik.
Lè misk nan mitan kò w fèb, sa fòse w sèvi ak lòt pati nan kò w ak plis fòs, sa ki ka lakòz yon blesi. Imajine yon jwè tenis ki pa gen misk nan mitan kò l ase fò pou l frape boul la avèk fòs. Jwè a ka eseye tire plis fòs nan ranch li, zepòl li oswa koud li, sa ki ka blese jwenti sa yo oswa misk ak tandon ki antoure yo.
Pou teste ak ranfòse misk nan mitan kò w, pran pozisyon planch nòmal ak planch sou kote. Kenbe chak pozisyon kòrèkteman:
Egzèsis planch
Kenbe kò w fiks nan pozisyon ou ta pran pou kòmanse fè yon ponp.
Egzèsis planch bò
Kòmanse nan pozisyon planch nòmal. Apre sa, vire tout kò w pou pwatrin ou ouvri sou kote, pandan w ap leve bra w oswa koud ou nan direksyon plafon an.
Nan tou de pozisyon yo, kenbe kò w dwat kou yon planch bwa. Pa leve dèyè w ak ranch ou twò wo. Kenbe bra w dwat. Mete koud ou ak ponyèt ou youn anlè lòt, dirèkteman anba zepòl ou.
Men yon bon objektif: kenbe pozisyon planch la pandan 30 segonn oswa plis.
Repoze epi refè.
Lè n ap fè egzèsis, ti dechiri parèt nan misk nou yo. Li enpòtan pou pèmèt tisi sa yo refè. Repo oswa aktivite ki pa twò entans ede misk ou geri epi pèmèt kò w elimine dechè ak lòt sibstans ki pwodui pandan egzèsis.
Pran yon peryòd repo pa vle di ou dwe rete san fè anyen ditou. Ou ka fè aktivite ki gen ti enpak, tankou mache ak naje, epi enkòpore etann pou anpeche blesi epi ogmante fleksibilite. Bon abitid dòmi ak bon jan manje enpòtan tou pou w repoze epi refè.
Sant pou Pèfòmans ak Rechèch Espò
Sant pou Pèfòmans ak Rechèch nan Espò nan Mass General Brigham, yon rezo swen sante, kreye pwogram pou ede atlèt evite blesi selon bezwen chak moun. Ekspè nou yo evalye sante w ak mouvman w, epi yo elabore pwogram egzèsis ki vize amelyore pèfòmans ou ak diminye risk pou w blese.