Terapi vize kont. Imunoterapi pou kansè
Sara Cobb, RN, ak Susan Saintiche, RN
Si yo fè dyagnostik kansè pou ou, youn nan premye kesyon ou ka poze se pwobableman: Ki opsyon tretman mwen genyen? Ekip swen kansè ou a ka rekòmande opsyon yo byen konnen tankou operasyon, chimyoterapi, ak radyasyon. Yo ka pale tou avèk ou sou imunoterapi oswa terapi vize, ki se nouvo kalite tretman ki trè efikas kont kèk kalite kansè.
Nou wè nouvo tretman k ap devlope pou trete kansè, tretman nou pa t genyen anvan yo Yo ka ba ou yon pi bon kalite lavi, yon lavi ki pi long, epi nan kèk ka, yo ka geri maladi a,” Susan Saintiche, RN, yon espesyalis pratik enfimyè nan Pwogram Imunoterapi Selilè nan Mass General Brigham Cancer Institute Avni swen sante a se pèsonalizasyon tretman yo. Tou de tretman sa yo se swen pèsonalize paske yo itilize kèk karakteristik espesyal kansè yon moun genyen pou konbat maladi a.
Saintiche ak Sara Cobb, RN, yon espesyalis pratik enfimyè nan Mass General Brigham Cancer Institute epi manadjè enfimyè klinik nan Pwogram Imunoterapi Selilè, esplike tretman avanse sa yo fonksyone nan diferan fason.
Ki sa ki imunoterapi?
Imunoterapi se yon gwoup tretman ki ka ede pwòp sistèm iminitè ou jwenn epi konbat selil kansè yo. Sistèm iminitè a egziste pou pwoteje ou kont enfeksyon ak maladi. Men, pafwa selil kansè yo gen karakteristik espesyal ki ede yo reziste kont sistèm iminitè a.
Kijan imunoterapi fonksyone? Li ka ede kò ou pwodui plis selil iminitè oswa fè selil iminitè yo vin pi fò. Li ka ede sistèm iminitè ou jwenn selil kansè yo ki ap eseye kache.
Lè ou malad, kò ou rekonèt viris la oswa bakteri a, epi li konbat li. Se menm bagay la ak kansè; kò ou rekonèt selil ki pa nòmal yo,” Saintiche di. Men, kansè kreye yon anviwònman toksik pou selil iminitè ou yo. Yo vin tankou yo mare epi yo pa kapab fè travay yo. Imunoterapi ede ranfòse selil ki touye kansè yo pou yo kapab konbat kansè a
Imunoterapi ka amelyore chans pou moun siviv ak kansè, souvan avèk mwens efè segondè pase lòt kalite tretman kansè, tankou chimyoterapi. Li ka gen efè ki dire lontan tou, sa ki ede anpeche kansè a gaye oswa retounen. Nan kèk ka, li kreye yon repons ki dire lontan, ki pèmèt ou kenbe kansè a anba kontwòl. Nan lòt ka, se yon gerizon ki dire pou tout rès lavi yon moun,” Cobb di.
Kalite imunoterapi pou kansè
Gen plizyè kalite imunoterapi ki fonksyone nan diferan fason:
- Enibitè pwen kontwòl: Pwen kontwòl iminitè yo anpeche repons sistèm iminitè a vin twò fò pou li pa domaje selil ki an sante yo; yo sanble ak fren ki sou yon machin. Selil kansè yo ka aprann sèvi ak pwen kontwòl sa yo pou anpeche sistèm iminitè a atake yo. Enibitè pwen kontwòl yo bloke pwen kontwòl sa yo, sa ki pèmèt selil iminitè yo reyaji kont selil kansè yo.
- Terapi selil T ak reseptè antijèn chimè (CAR T-cell therapy): Kalite imunoterapi sa a rele tou terapi selil T CAR. Li enplike retire kèk nan pwòp selil iminitè ou yo (selil T), modifye yo jenetikman pou yo kapab jwenn epi touye selil kansè yo, epi mete yo tounen nan kò ou.
- Tretman sitokin: Sitokin yo se pwoteyin ki voye siyal bay sistèm iminitè a pou li fè travay li. Gen kèk sitokin yo ka fabrike nan laboratwa epi yo ka bay yo kòm tretman kont kansè.
- Iminomodilatè Medikaman iminomodilatè yo ede ranfòse sistèm iminitè ou nan diferan fason. Pa egzanp, yo ka ede kò ou pwodui plis globil blan pou konbat kansè. Oswa yo ka anpeche timè yo kreye nouvo veso sangen, paske timè yo bezwen veso sa yo pou yo grandi.
- Antikò monoklonal: Sistèm iminitè a pwodui antikò pou atake bagay ki danjere tankou mikwòb ak selil kansè yo. Antikò monoklonal yo se pwoteyin syantis yo ka fabrike pou yo aji menm jan ak antikò natirèl ki nan kò moun. Yo ka konsidere yon antikò monoklonal kòm swa yon imunoterapi oswa yon terapi vize, selon fason yo itilize li. Nan imunoterapi, antikò monoklonal yo make selil kansè yo pou sistèm iminitè a kapab wè yo.
- Vaksen: Pifò moun konnen vaksen ki ede anpeche enfeksyon. Men, genyen vaksen tou ki ede anpeche oswa trete kèk kalite kansè.
Kisa terapi vize kont kansè ye?
Gen kèk selil kansè ki gen pwoteyin espesyal ki ede yo grandi. Terapi vize a entèfere ak pwoteyin sa yo. Sa diferan de chimyoterapi, ki vize detwi selil kansè yo. Li diferan tou de imunoterapi, ki sèvi ak sistèm iminitè a pou konbat kansè.
Kijan terapi vize travay? Li kapab:
- Li entèwonp siyal selil kansè yo itilize pou kominike, grandi, epi divize.
- Li anpeche timè yo fòme nouvo veso sangen yo bezwen pou grandi, oswa li detwi veso sangen timè a deja genyen.
- Li delivre sibstans toksik dirèkteman nan selil kansè yo, sa ki lakòz yo mouri.
- Li prive selil kansè yo de òmòn kèk timè bezwen pou grandi (pa egzanp,kansè nan tetee ak kansè pwostat))
Terapi vize a lakòz mwens domaj sou selil ki an sante yo pase lòt tretman yo, sa ki ka vle di li gen mwens efè segondè.
Kalite terapi vize
Gen de kalite prensipal terapi vize: medikaman ti molekil ak antikò monoklonal.
- Enibitè anjyojenez : Medikaman ti molekil sa yo bloke timè a pou li pa fòme nouvo veso sangen.
- Antikò monoklonal: Lè yo itilize antikò monoklonal kòm terapi vize, yo kole sou sib espesifik ki sou selil kansè yo. Lè yo fin kole, yo ka anpeche kansè a grandi, touye selil yo, oswa fè selil yo detwi tèt yo.
- Enibitè pwoteyazòm: Kalite tretman sa a deranje fonksyònman selil yo, epi selil kansè yo mouri.
- Enibitè transdiksyon siyal Tretman sa yo deranje siyal selil kansè yo itilize pou kominike epi gaye.
Fè ekip swen ou an konfyans. Yo konnen ki tretman ki pi bon pou ou ak pou kalite kansè ou genyen Kit se terapi vize oswa imunoterapi, sa dwe yon tretman ki mache pou ou ak pou kalite kansè pa ou a.
Susan Saintiche, RN
- Espesyalis pratik enfimyè, Mass General Brigham
Efè segondè imunoterapi ak terapi vize
Cobb ak Saintiche di toude kalite tretman sa yo, an jeneral, kò a sipòte yo byen. Sepandan, yo ka lakòz efè segondè epi, nan kèk ka ki ra, yo ka lakòz konplikasyon grav. Ekip swen ou an ap suiv ou ak anpil atansyon pou ede ou jere nenpòt efè segondè oswa konplikasyon, epi pou verifye si tretman an ap bay rezilta.
Imunoterapi ak terapi vize ka lakòz:
- Sentòm ki sanble ak grip, tankou fatig, lafyèv, frison, ak doulè nan kò.
- Palpitasyon kè oswa anflamasyon kote yo fè piki a.
- Doulè, sansiblite, oswa anflamasyon kote yo fè piki a.
- Reyaksyon po tankou gratè, po sèk, demanjezon, woujè, oswa sansiblite ak limyè.
- Sentòm nan sistèm dijestif la, tankou kè plen, vomisman, ak dyare.
Konplikasyon ki ra men ki grav yo ka gen ladan efè sou sèvo a ak sistèm nève a, sistèm iminitè a, kè a, ak poumon yo.
Ki tretman kansè mwen ta dwe chwazi?
Pa gen de kansè ki menm. Ekip swen kansè ou a pral konsidere plizyè faktè pou devlope yon plan tretman ki adapte ak bezwen pa ou. Sa ka gen ladan imunoterapi, terapi vize, operasyon, chimyoterapi, radyasyon, oswa yon konbinezon plizyè nan tretman sa yo.
Ekip swen kansè ou a ka rekòmande imunoterapi oswa terapi vize selon:
- Kalite kansè (pa egzanp, kansè nan poumon, kansè nan tete)
- Jan kansè a avanse (yo rele sa etap kansè a).
- Tretman oswa tretman ou deja resevwa
- Rezilta tès ki montre si kansè a gen kèk karakteristik espesyal (yo rele yo souvan biyomakè) ki ta fè tretman sa yo efikas.
Saintiche ak Cobb mete aksan sou lefèt ke pi bon tretman kansè pou ou se sa ou menm ak ekip tretman ou a chwazi ansanm kòm yon pati nanswen kowòdone.
Fè ekip swen ou an konfyans,” Saintiche di. Yo konnen ki tretman ki pi bon pou ou ak pou kalite kansè ou genyen. Kit se terapi vize oswa imunoterapi, tretman an dwe adapte ak bezwen ou ak ak kalite kansè ou genyen an.