Konprann Altewofili olenpik ak byenfè li yo pou kondisyon fizik
Douglas Berninger
Leve pwa se yon tradisyon nan Je Olenpik yo depi 1896. Espò sa a ap vin pi popilè, an pati paske li montre jan moun gen fòs. Mouvman leve pwa sa yo bon pou sante tou. Yo ede anpeche nou pèdi misk lè n ap pran laj epi yo amelyore pèfòmans nan lòt espò.
“Leve pwa se yon espò ki mande fòs ak rapidite — nou pa sèlman leve pwa lou, nou leve yo byen vit. Yon moun k ap leve pwa ka leve twa fwa pwa kò li anlè tèt li nan yon ti moman,” dapre Douglas Berninger, yon espesyalis nan fòs ak preparasyon fizik nan Sant pou Pèfòmans ak Rechèch nan Espò, ki fè pati rezo swen sante Mass General Brigham.
Berninger esplike de mouvman leve pwa yo fè nan Je Olenpik yo — arache ak epole-jete — ki ka ede devlope epi kenbe fòs ak rapidite.
Leve pwa pou amelyore kondisyon fizik ak pèfòmans
Mouvman leve pwa òdinè ak mouvman yo fè nan Je Olenpik yo ede anpil pou devlope fòs ak rapidite. Se poutèt sa, yo ka ede atlèt nan lòt espò amelyore pèfòmans yo, tankou jwè foutbòl ak moun ki kouri kous vitès.
Yo kapab tou:
- Ede kò a boule kalori pou jwenn enèji pi vit
- Devlope fòs pou yon pakèt aktivite chak jou ak aktivite espòtif
- Diminye grès nan kò a
- Amelyore imè
- Ranfòse zo yo
- Korije pwèstans
Kijan pou fè arache a
Nan mouvman arache a, moun nan leve ba a sot atè pou rive anlè tèt li nan yon sèl mouvman. Mouvman sa a fè misk nan tout kò a travay, sitou misk devan kwis yo, misk zepòl yo, misk anwo do a ak misk bounda yo.
Pou fè yon arache:
- Kanpe ak pye w nan liy ak anch ou, anba ba altè a.
- Pou jwenn bon fason pou kenbe ba a pou arache a, pran yon ba altè epi kanpe byen dwat. Apre sa, glise chak men menm distans sou kote ba a. Lè bra w lonje, ba a dwe rive nan pli anch ou.
- Akoupi epi pran ba a. Kenbe do w plat, bra w lonje epi je w ap gade devan.
- Kòmanse leve ba a lè w pouse atè a avèk pye w pou janm yo kapab detire. Altè a ap rete pi pre kò a posib pandan tout mouvman an.
- Lè ba a depase jenou w, leve kò w dwat epi pliye jenou w ankò pou fè yo avanse anba ba a.
- Pandan w ap lonje janm ou nèt, altè a kontinye monte grasa elan pouse janm yo kreye a. Nan pwen sa a, leve zepòl yo epi sèvi ak bra yo pou rale kò w anba altè a.
- Pandan yon ti moman, pye yo ap dekole atè a pandan w ap rale kò w anba ba a. Apre sa, mete pye w yon ti jan pi lwen youn ak lòt pase lè w te kòmanse rale ba a.
- Kanpe dwat, lonje jenou w ak anch ou. Kenbe anwo kò w dwat, bra w lonje epi koud ou fèmen. Kenbe altè a dirèkteman anlè kò w.
Kijan pou fè epole-jete a
Epole-jete a se yon mouvman ki mande anpil fòs. Li gen de etap: pote ba a nan wotè zepòl ou, epi pouse l anlè tèt ou. Li fè misk nan tout kò a travay, tankou misk devan kwis yo, misk bounda yo, misk dèyè kwis yo, misk do a, misk zepòl yo ak misk vant lan.
Pou fè yon epole-jete:
- Kanpe ak pye w nan liy ak anch ou, anba ba pou leve pwa a. Akoupi pou w pran ba a. Mete men w nan lajè zepòl ou. Kenbe do w dwat, bra w lonje, anch ou anlè jenou w ak je w devan.
- Kenbe ba a toupre kò w pandan w ap lonje janm ou epi leve l sot atè.
- Pandan ba a ap pase nan nivo jenou w, twon an ap kòmanse monte pou l rive nan yon pozisyon vètikal.
- Nan fen rale a, talon yo ka leve sot atè a. Leve zepòl ou epi rale kò w anba ba a avèk fòs.
- Pote koud ou devan ba a. Kenbe ba a devan zepòl ou, tankou lè w akoupi ak ba a devan ou. Ba a ap fini nan divès nivo pandan yon skwat devan, selon chaj la. Se sa ki rele epole a.
- Lè w santi w gen kontwòl ba a, kanpe pandan w ap kenbe pwa a. Pou kòmanse jete a, pliye jenou w ak anch ou yon ti kras, tankou lè w pral akoupi. Tousuit, lonje yo avèk fòs pou pouse ba a anlè.
- Pandan ba a ap pase anlè tèt ou, mete yon pye devan ak lòt la dèyè. Lè pye w touche tè a, sèvi ak bra w pou bloke ba a anlè tèt ou pandan w ap pouse kò w anba ba a.
- Fini lè w rapwoche tou de pye w, pandan w kanpe dwat.
Nan lòt peyi kote espò fòs yo pi byen konsidere epi ki gen plis fanatik, yo kòmanse antrene atlèt yo depi laj 3 oswa 4 lane. Yo itilize tiyo PVC, manch bale, bagay ki sanble ak yon altè. Y ap aprann teknik la anvan yo ajoute pwa.
Douglas Berninger
- Strength and Conditioning Specialist
- Mass General Brigham
Leve pwa an sekirite
Malgre move lide moun genyen sou sa, Berninger di leve pwa pa anpeche jèn moun ki leve pwa grandi, ni li pa fè fanm ki leve pwa yo devlope gwo misk. Daprè chèchè yo, leve pwa se youn nan espò ki pi an sekirite epi li gen mwens blesi. Sepandan, si w leve pwa lou souvan, ou ka pran blesi akòz twòp itilizasyon nan jenou, koud ak zepòl.
Berninger rekòmande konsèy sekirite sa yo:
- Kòmanse ak ba pou leve pwa a sèlman pou aprann bon teknik la, epi ajoute pwa tikras pa tikras. Ajoute pwa sèlman si ou kapab kenbe bon fòm ak teknik nan yon pwa ki pi ba. Ou ka menm modifye egzèsis yo pandan w ap kòmanse antrene. Pa egzanp, kòmanse ak ba a nan men w olye li atè a.
- Aprann bon teknik la lè w travay ak yon antrenè, sitou nan kòmansman an. Klib leve pwa yo se yon bon kote pou kòmanse, paske antrenè sa yo ap gen plis eksperyans pase pifò antrenè pèsonèl lokal yo.
- Chofe kò w anvan ou leve pwa.
- Kòmanse ak pwa ki lejè, pwa ou konnen ou ka leve, epi ogmante yo tikras pa tikras.
- Aprann lage ba a san danje pou w ka soti anba yon pwa lou si yon bagay mal pase.
- Fè egzèsis etann apre ou fin leve pwa.
- Rekipere ant sesyon leve pwa yo.
Sant pou Pèfòmans ak Rechèch nan Espò a ofri kou sou leve pwa pou ede atlèt yo eksplwate tout kapasite yo nan leve pwa. Gade paj pwogram gwoup nou an pou wè dènye orè a.
“Gen yon bon fason pou fè sa, e gen san mank yon move fason pou fè sa,” li di. “Nan lòt peyi kote espò fòs yo pi byen konsidere epi yo gen plis fanatik, yo kòmanse atlèt yo nan yon laj pi jèn, depi yo gen 3 oswa 4 lane. Yo itilize tiyo PVC, manch bale, bagay ki sanble ak yon altè. Yo aprann teknik la an premye anvan yo ajoute pwa.”