false

Antrènman esprentè pou ogmante puisans

Kontribitè
Mark Murphy, DPT, CSCS, SCS
Yon kourè ki koupi sou yon pis, k ap prepare l pou l kòmanse yon kous.

Yon kous vitès ka dire kèk segonn sèlman, men sa mande anpil tan pou devlope fòs ki nesesè pou fè l byen.

“Kouri yon kous vitès mande mouvman byen presi, men se yon aktivite ki fè tout kò a travay. Kidonk ou dwe se yon moun ki trè solid,” Mark Murphy, DPT, CSCS, SCS, yon lidè syans espò aplike nan Mass General Brigham, di. “Sa mande pou w konsantre sou plizyè bagay: pozisyon kò w, fason pye w touche tè a ak fòs ou parapò ak pwa kò w.”

Murphy travay ak atlèt nan Sant pou Pèfòmans ak Rechèch Espò.

Pou w vin yon kourè vitès ki gen plis fòs, fè egzèsis anplis kouri pou amelyore pozisyon kò w ak fason pye w touche tè a. Pou gen plis fòs nan kous vitès, ou bezwen pase anpil tan tou nan sal antrènman ak pwa pou ranfòse tout kò w.

Egzèsis Mach pou kourè vitès

Murphy rekòmande yon seri egzèsis yon antrenè atletis enfliyan ki rele Gerard Mach devlope, ki ka amelyore vitès atlèt k ap kouri yo. Sistèm Mach la sèvi ak egzèsis A, B ak C pou travay sou diferan mouvman yon kourè:

  • So A: Sa yo konsantre sou leve jenou ak yon mouvman anwo-anba pou vize mis flechisè anch yo ak kwadrisèps yo. Kenbe kò w dwat, men pa redrese l twòp pou janm ou pa lonje twò lwen devan kò w.
  • So B: Pou fè egzèsis sa a, lonje pati anba janm ou devan w, epi bese l nan yon mouvman awondi pou fè misk dèyè kwis yo travay. Atlèt la pa ta dwe egzajere nan jan l ap lonje janm devan an. Egzèsis sa a kapab sèvi kòm yon zouti depistaj pou moun ki ka ap fè pa ki twò long.
  • So C: Sa yo bay antrenè a yon zouti pou egzamine pouse ak ekstansyon. Egzèsis sa yo montre tou kijan kourè a kowòdone mouvman l ak nan ki pwen li ka deplase jwenti l yo.

Murphy itilize egzèsis Mach yo pou fè depistaj atlèt yo epi detèmine sou kisa yo bezwen travay pou amelyore puisans yo.

“Apre sa, ou ka wè sa atlèt la bezwen amelyore nan sal antrènman ak pwa a: gwoup misk li bezwen ranfòse, egzèsis li bezwen fè ak fason pou l amelyore pozisyon kò l ak kontak pye l ak tè a. Epi ou ka ede l korije pwoblèm sa yo,” li di.

Anpil moun fè erè lè yo jis konsantre sou manm enferyè yo. Men, ou bezwen asire ou w ap vize manm siperyè yo tou paske vitès ak puisans yon atlèt ap voye bra l yo gen yon enpak sou vitès ak puisans li.

Mark Murphy, DPT, CSCS, SCS

  • Lead
  • Applied Sports Science
  • Mass General Brigham

Bon teknik ak pozisyon kò pou kous vitès

Pozisyon kò se fason yon moun kenbe kò l pandan l ap fè yon aktivite.

“Pou yon kourè vitès sèvi ak misk li bezwen yo, li dwe byen pozisyone kò l ak jwenti l lè l ap pran vitès prekòs, lè l prèske fin pran vitès ak lè pye l pa touche tè a,” Murphy esplike.

Murphy rekòmande twa chanjman nan pozisyon kò pandan yon kous vitès:

  1. Lè yon kourè vitès kite blòk depa yo pou l kòmanse kous la, kò l panche devan.
  2. Soti nan mak 10 mèt rive nan mak 30 mèt, atlèt la kòmanse redrese l.
  3. Apre sa, kourè a pran yon pozisyon byen dwat, ak kò l wo.

“Pandan rès kous la, mwen vle tèt, kou, zepòl ak zo kòt kourè a rete aliyen ak mitan pye l chak fwa pye l poze atè. Epi mwen vrèman vle asire m y ap balanse bra yo epi kenbe pa yo long, men san yo pa fè twòp gran pa. “Mwen pa vle yo pouse twòp sou dèyè,” Murphy di. “Ou vle pou yo parèt prèske tankou y ap flote.”

Kalite kontak ak tè a

Yon lòt aspè kle nan kouri vit ak fòs se kalite kontak ak tè a: kalite mouvman an lè pye yo touche tè a.

“Si kò a pa ka jere kantite oswa entansite kontak ak tè a, li ta ka di, ‘Mwen pa gen fòs pou m absòbe vitès sa a,’” Murphy di.

Sa ka lakòz move teknik, tankou:

  • Twòp ekstansyon nan ba do a
  • Twòp fleksyon cheviy anlè, sa ki rive lè cheviy la pliye pou zòtèy yo pwoche bò jenou an
  • Pliye jenou yo oswa anch yo twòp lè pye a poze atè pandan kous la
  • Fè pa ki twò long nan fen faz kote janm nan ap balanse a

Lè pye a touche tè a byen, kourè a poze mitan pye l an premye, pase sou devan pye l, epi pouse kò l ale ak zòtèy li yo.

“Nou vle atlèt nou yo kenbe janm yo fèm lè pye yo touche tè a, epi rebondi byen vit pou yo pase soti nan yon pye al sou lòt la,” Murphy di. “Nou pa vle atlèt la pase twòp tan sou tè a.”

Moun ki fè kous vitès yo ka amelyore pozisyon kò yo, kalite kontak yo ak tè a, ak fòs yo lè yo suiv yon pwogram byen planifye nan sal antrènman ak pwa.

Fòmasyon fòs pou esprentè

Murphy recommends that sprinters complete 6 to 8 weeks of resistance training under the guidance and supervision of a trained professional. This will help them begin to see measurable changes.

Below are some general relative strength training standards for male and female athletes. Note the recommended weight assigned for each exercise:

table-header

Exercise


Female athletes


Male athletes


table-row

Barbell back squat: With a barbell on your upper back, squat down and then rise.


1 to 1.75 times body weight


1.5 to 2.5 times body weight


table-row

Barbell bench press: Lie down on a bench and lower a barbell down to the chest and then back up.


0.5 to 1 times body weight


0.5 to 1 times body weight


table-row

Barbell deadlift: From a standing position, bend over and pick up a barbell, slowly sliding to a standing position.


1.25 to 2 times body weight


1.5 to 2.5 times body weight


Kouri vit se yon aktivite ki mande tout kò a, epi egzèsis sa yo ranfòse misk nan tout kò a.

“Kote anpil moun fè erè, se lè yo konsantre sèlman sou janm yo. Men, ou bezwen asire ou w ap vize manm siperyè yo tou paske vitès ak puisans yon atlèt ap voye bra l yo gen yon enpak sou vitès ak puisans li. Ou souvan tande antrenè yo di, ‘Jan bra yo deplase a, se konsa janm yo ap suiv.’”

Lòt egzèsis pou antrènman kous vitès

Lis egzèsis ki pi wo a pa konplè. Murphy rekòmande pou itilize plizyè metòd antrènman nan sal antrènman ak pwa pou amelyore pèfòmans nan kous vitès:

  • Akoupi ak egzèsis kote w pliye nan anch, sou de janm (bilateral) oswa sou yon sèl janm (inilateral) (divès egzèsis kote w pliye anch ak jenou w pandan w kenbe do w dwat)
  • Egzèsis pouse ak rale orizontal ak vètikal, tankou pouse pwa ak rale pwa vin jwenn kò w
  • Egzèsis ki ranfòse yon misk alafwa, tankou pliye janm pou ranfòse misk dèyè kwis yo, lonje janm pou ranfòse misk devan kwis yo ak leve talon pou ranfòse misk molè yo
  • Lanse boul ki gen pwa epi fè so ki mande fòs ak vitès
  • Leve pwa olenpik, tankou leve yon pwa soti atè pou rive anlè tèt ou nan yon sèl mouvman oswa nan de mouvman, ansanm ak lòt vèsyon egzèsis sa yo

Ranfòse pèfòmans apre yon egzèsis entans

Dapre Murphy, atlèt ki gen anpil eksperyans ka amelyore fòs ak vitès yo anpil lè yo fè yon egzèsis entans anvan yon lòt egzèsis. Sa enplike leve yon chaj lou nan yon aktivite pandan antrènman epi imedyatman fè yon egzèsis pliyometrik (mouvman rapid, eksplozif). Konbinezon an aktive sistèm nève a epi li ka tanporèman ogmante fòs miskilè ak pèfòmans.

Pa egzanp, yon kourè vitès ka pouse yon treno lou sou yon distans 10 mèt. Aktivite gwo entansite sa a mande pou esprentè a ta itilize menm pozisyon li te itilize nan premye akselerasyon an. Tousuit apre li fin pouse treno lou a, atlèt la fè yon egzèsis so, tankou sote sou yon bwat oswa fè kèk so an longè.

Akòz fason konbinezon an aktive sistèm nève a, pifò moun remake imedyatman so yo pi pwisan apre yo fin pouse treno a.

“Objektif la se fè yon egzèsis kout ak yon chaj lou, nan yon vitès dousman, epi yon lòt egzèsis kout ak yon chaj lejè, nan yon vitès rapid. Sa sanble ak efò yon kous vitès mande,” Murphy di. “Mwen panse kote anpil atlèt fè erè se lè yo fè twòp nan yon bagay oswa yo fè twò piti nan yon lòt. Pi bon apwòch pou jwenn puisans nan kous vitès se yon apwòch ki gen plizyè aspè nan antrènman an.”

primary
internal
Rezève yon konsiltasyon gratis
/content/unified-xwalk/ht/services/center-sports-performance-research