false

Sa atlèt fi yo ta dwe konnen sou blesi nan Ligaman Kwaze Anteryè (ACL)

atlèt fi k ap kouri deyò lannwit
/content/dam/unified-xwalk/cf/providers/3005015

Blesi nan ligaman kwaze devan jenou an (ACL) souvan fè yon bri “krak” nan jenou an. Apre sa, ou ka santi jenou ou pral lage. Blesi sa yo komen, yo afekte apeprè 1 sou 3,500 moun nan peyi Etazini chak ane, men yo espesyalman komen pami jèn atlèt fi yo.

“Jèn atlèt fi yo gen dechiri ACL jiska 8 fwa pi souvan pase jèn atlèt gason yo,” se sa Elizabeth Matzkin, MD di. Li dirije Mass General Brigham Women’s Sports Medicine, yon pwogram medsin espò pou fanm, ansanm ak yon lòt moun. Nou fè rechèch nan domèn sa a, e gen plizyè faktè k ap jwe, tankou anatomi fanm, òmòn, ak fòs miskilè. Se poutèt sa, swen konplè plizyè pwofesyonèl sante bay ansanm ak fòmasyon pou anpeche blesi enpòtan anpil pou atlèt sa yo.”

Nan atik sa a, Doktè Matzkin eksplike sa atlèt fi yo bezwen konnen sou blesi nan ACL ak poukisa yon apwòch ki konsantre sou fanm nan operasyon bay pi bon rezilta. Doktè. Matzkin se chirijyen nan medsin espò pou fanm nan Brigham and Women’s Hospital ak Brigham and Women’s Faulkner Hospital. Li se chèf chirijyen òtopedik tou pou ekip Boston Legacy FC nan lig nasyonal foutbòl fanm nan, National Women's Soccer League.

Kijan pou idantifye blesi ACL

Yon blesi ACL se yon antòs oswa yon dechiri nan ligaman kwaze devan jenou an. Ligaman solid sa a konekte zo kwis la ak zo anba jenou an. Atlèt ki jwe espò kote yo kanpe sanzatann oswa vire vit—tankou foutbòl, baskètbòl, oke sou gazon ak ski desann mòn—gen plis chans pou yo blese.

Antòs oswa dechiri ACL yo souvan rive toudenkou lè yon atlèt fè yon mouvman ki mete jenou an anba twòp presyon pandan l ap jwe. Ralanti oswa kanpe bridsoukou epi chanje direksyon, ateri mal apre yon so, oswa vire pandan pye a byen plante atè se kèk nan kòz ki pi komen yo. Yon kou dirèk nan jenou an ka blese ACL la tou.

Doktè. Matzkin ak ekip Mass General Brigham Women’s Sports Medicine ofri swen kalite siperyè pou anpeche ak trete blesi atlèt fi yo, epi ede yo refè.

“Nou evalye blesi ACL epi travay ansanm ak pasyan yo pou konprann antesedan blesi yo ak objektif yo pou pa sèlman ede yo refè aprè blesi, men tou pou ede yo anpeche blesi repete,” se sa Doktè Matzkin. Ekip la bay atlèt fi yo swen sante jeneral ak swen pou anpeche blesi, sipò pou sante mantal, swen pandan gwosès ak konsèy sou manje pou espò.

Lè operasyon ACL nesesè

Ou ka trete dechiri ACL ou ak terapi fizik ak reyabilitasyon sèlman, men gen plis chans pou w bezwen operasyon pou rekonstwi ACL la. Atlèt yo—patikilyèman moun ki patisipe nan espò konpetitif—anjeneral bezwen operasyon pou yo ka retounen nan nivo pèfòmans yo te genyen anvan an.

Doktè. Matzkin eksplike operasyon an enplike rekonstriksyon ACL la, swa ak tandon pwòp pasyan an oswa ak tandon yon donatè mouri. Nan tou de ka yo, li enpòtan anpil pou chirijyen an metrize teknik chirijikal la pou operasyon an reyisi.

Nan tan lontan, fanm yo te gen mwens bon rezilta pase gason yo apre rekonstriksyon ACL. Teknik operasyon avanse ak yon grèf tandon solid ka ede atlèt fi yo. Grèf la se yon moso tandon yo mete nan plas ACL la.

"Olye pou n konte sou yon grèf tandon ki pi piti, kounye a nou gen opsyon ak teknik ki garanti yon grèf pi gwo ak pi solid," se sa Doktè Matzkin di. “Si nou ka mete yon grèf ki gen bon lajè pou atlèt fi nou yo, nou montre rezilta yo menm pou fanm ak gason.”

Doktè. Rechèch ak teknik chirijikal Matzkin te amelyore rezilta pou jèn atlèt fi, gras a yon konpreyansyon apwofondi sou defi ak limit nan anatomi fanm. "Pi piti jenou vle di ensizyon, longè tinèl, ak chwa grèf ki pi piti," se sa Doktè Matzkin “Chwazi pi gwo grèf nan tandon devan oswa dèyè kwis la diminye risk pou yon lòt dechiri oswa pou grèf la pa pran.”

Pou jwenn pi bon rezilta a, pasyan yo ta dwe travay sere avèk chirijyen yo pou chwazi pi bon grèf la selon sèks yo, laj yo, espò yo fè ak aktivite atletik yo vle fè alavni.

“Pou chak pasyan mwen wè, nou pale de chwa grèf, espò yo fè ak objektif yo,” se sa Doktè Matzkin. Sa jwe yon wòl nan chwazi pi bon opsyon grèf la. Lè nou travay ansanm, nou ka asire pasyan yo jwenn tretman ki adapte ak bezwen yo pou yo ka retounen nan aktivite yo.”

Youn nan pi gwo defi yo se aspè mantal lè w pa pratike espò pou yon tan ki long.

Elizabeth Matzkin, MD

  • Co-Leader of Women’s Sports Medicine and Women’s Sports Medicine Surgeon
  • Mass General Brigham

Reyabilitasyon apre yon blesi ACL ka pran tan, men li enpòtan anpil

Apre operasyon, reyabilitasyon ki adapte ak bezwen chak pasyan ap dire 8 a 12 mwa. Sa ede retabli mobilite ak mouvman jenou a epi ranfòse misk ki sipòte jenou a, tankou kwadrisèps ak misk dèyè kwis. An reyalite, siksè yon operasyon depann anpil de angajman yon pasyan nan terapi fizik.

Lè pasyan yo pa ka fè espò ak lòt aktivite apre yon blesi ak yon operasyon, sa ka difisil pou yo; men, nouvo ACL la bezwen tan pou l geri, epi yo bezwen tan pou yo reprann kapasite pou yo bouje ak fòs yo. "Youn nan bagay ki pi difisil yo se aspè mantal la lè ou rete lwen espò pandan lontan konsa," se sa Doktè Matzkin di. “Nan Mass General Brigham Women’s Sports Medicine, nou gen sikològ ki travay ak atlèt wo nivo. Yo ka ede ou pandan w ap refè epi retounen nan espò ou.”

Li enpòtan pou pasyan k ap refè yo kenbe objektif alontèm yo nan tèt yo. Yon operasyon ki reyisi, ansanm ak yon reyabilitasyon atlèt la suiv avèk disiplin, se pi bon fason pou atlèt la reprann tout kapasite jenou l epi retounen nan espò oswa aktivite li te konn fè anvan.

Egzèsis pou prevansyon blesi ACL

Se pa tout blesi ACL ki ka prevni. Sepandan, antrènman prevantif pou amelyore fason nè ak misk travay ansanm ka diminye risk pou atlèt blese. Egzèsis regilye sa yo ranfòse misk devan ak dèyè kwis, misk anch ak misk nan mitan kò a.

“Atlèt yo bezwen gen ase fòs, bon ekilib, bon fason pou yo ateri ak teknik ki adapte ak espò yo pou diminye risk pou yo blese,” se sa Doktè Matzkin.

Egzèsis ki pi efikas yo genyen ladan yo:

  • Egzèsis sote ak ateri
  • Ranfòsman
  • Detire kò
  • Egzèsis pou ekilib

Ou ka fè egzèsis pou anpeche blesi ACL pandan w ap chofe kò ou. National Federation of High Schools, yon òganizasyon ameriken pou espò nan lekòl segondè, bay antrenè resous gratis. Atlèt serye ki gen anbisyon pou jwe nan kolèj oswa pwofesyonèlman ka benefisye lè yo travay youn-a-youn ak yon pwofesyonèl, se sa Doktè Matzkin di.

Atlèt serye ki gen anbisyon pou jwe nan kolèj oswa pwofesyonèlman ka benefisye lè yo travay youn-a-youn ak yon pwofesyonèl, se sa Doktè Matzkin di. Mass General Brigham Women’s Sports Medicine ak Center for Sports Performance and Research, yon sant rechèch sou pèfòmans nan espò, ofri atlèt fi yo fòmasyon pou anpeche blesi. Yo evalye chak atlèt epi prepare yon plan fòmasyon ki adapte ak bezwen yo.

“Ranfòse kò ou, amelyore ekilib ou, manje byen epi pran ase tan pou repoze ak refè ap ede w evite blesi epi kontinye jwe,” se sa Doktè Matzkin.

primary
internal
Aprann plis sou medsin espòtif pou fanm ki ofri swen konplè nan Mass General Brigham
/content/unified-xwalk/ht/services/womens-sports-medicine