false

Politik Vi Prive sou Entènèt

Nan Mass General Brigham, nou angaje pou pwoteje vi prive ak sekirite vizitè ki sou sit entènèt nou an. Politik vi prive sa a (“Politik Vi Prive”) ap enfòme w sou ki enfòmasyon nou kolekte, kijan yo itilize li ak opsyon ou yo pandan ou ap entèaji ak sit entènèt nou an. Lè ou itilize sit entènèt sa a, ou dakò ak politik sa a. Tanpri li sa ki vin aprè yo ak anpil atansyon anvan ou itilize sit entènèt la.

“Enfòmasyon sou sante ki pwoteje” jan sa defini daprè Lwa sou Pòtabilite ak Responsabilite Asirans Sante ak regilasyon ki gen rapò (ki kolektivman refere kòm “HIPAA”), ki gen ladan enfòmasyon ou bay yon etablisman Mass General Brigham pandan ou ap resevwa tretman kòm yon pasyan nan etablisman sa a oswa sou pòtay Mass General Brigham Patient Gateway, li apa e li sijè ak Avi sou Pratik Konfidansyalite.

Konsantman Ou

Lè ou itilize sit entènèt nou an, ou aksepte ak koleksyon, itilizasyon ak pataj enfòmasyon jan sa dekri nan Politik Vi Prive sa a. Lè ou bay nou yon adrès imèl, ou dakò ke nou ka itilize adrès imèl ou pou kominike avèk ou konsènan sèvis nou yo ak kèk mesaj chwazi bò kote patenè oswa afilye nou yo.

(NÒT: Opsyon pou dezaktive yo diskite nan seksyon ki titre “Cookies, Tracking and Internet-based Advertising”.)

Enfòmasyon Ke Nou Kolekte

Ou ka itilize sit entènèt nou an san ou pa bay okenn enfòmasyon pèsonèl. Lè ou reponn nenpòt nan kominikasyon nou yo ak yon demann, nou ka bezwen kolekte enfòmasyon adisyonèl. Pa egzanp, yo ka mande ou pou bay enfòmasyon pèsonèl, tankou non, adrès imèl, ak enfòmasyon demografik si ou chwazi pou ranpli yon fòmilè sou entènèt oswa bay fidbak.

Si ou soumèt nenpòt enfòmasyon pèsonèl ki gen rapò ak lòt moun bay Mass General Brigham, ou deklare ke ou gen otorite pou fè sa e ou pèmèt nou itilize enfòmasyon an selon Politik Vi Prive sa a. Lè ou soumèt enfòmasyon pèsonèl, ou bay Mass General Brigham dwa pou transmèt, siveye, rekipere, estoke ak itilize enfòmasyon ou an nan koneksyon ak operasyon sit entènèt la.

Pasyan yo ka chwazi kreye yon kont Mass General Brigham Patient Gateway. Mass General Brigham Patient Gateway se yon pòtay sekirize ki disponib pou pasyan yo jere sante yo. Karakteristik yo gen ladan yo revize rezilta tès la, jere randevou, voye mesaj bay doktè ou, renouvle preskripsyon ou epi peye bòdwo ou. Anvan ou kreye yon kont, tanpri revize Tèm ak Kondisyon ki disponib sou sit entènèt Mass General Brigham Patient Gateway.

Sekirite Done

Mass General Brigham angaje nan pwoteje konfidansyalite enfòmasyon pèsonèl ou ba nou atravè sit entènèt sa a pou nou ka asire li rete sekirize tank sa posib. Konsa, nou itilize efò rezonab pou anpeche aksè san otorizasyon. Nou itilize yon aparèy pwotektè, ki sekirize ak yon enfrastrikti sekirite ki pwoteje entegrite ak konfidansyalite enfòmasyon pèsonèl yo soumèt ba nou atravè sit entènèt sa a. Kòm yon mezi sekirite adisyonèl, enfòmasyon pèsonèl ou yo pwoteje pandan transmisyon an pa mwayen teknoloji apwopriye, tankou Sekirite Kouch Transpò (Transport Layer Security). Sa a se yon estanda endistri.

Malgre nou travay di pou pwoteje enfòmasyon pèsonèl ou, Mass General Brigham pa ka garanti sekirite nenpòt enfòmasyon ou transmèt ba nou atravè aplikasyon sou entènèt, e ou fè sa a nan pwòp risk ou. Dapre nati demann lan, kominikasyon ou a ka rejte oswa al nan achiv. Si ou vle, ou ka kontakte nou olye de sa pa mwayen telefòn nan nimewo yo bay atravè sit entènèt nou yo.

Cookies, Tracking and Internet-based Advertising

Sit entènèt sa a travay ak konpayi ki ofri pwodwi oswa sèvis twazyèm pati (“Founisè Sèvis”). Sa yo gen ladan yo Google, Piwik Pro, ak lòt Founisè Sèvis ki ede nou suiv epi analize aktivite vizitè sou sit entènèt la, mezire efikasite efò piblisite nou yo, epi sipòte optimizasyon kanpay maketing dijital nou yo.

Sit entènèt la itilize “cookies,” ("koukiz,") piksèl suiv ak teknoloji ki gen rapò. Sa yo ka mete pa mwayen Mass General Brigham oswa Founisè Sèvis nou yo.

Cookies (Koukiz) se ti dosye done ke sèvis sou entènèt ka estoke, epi rekipere nan, òdinatè oswa aparèy mobil yon itilizatè atravè navigatè entènèt itilizatè a. Enfòmasyon an estoke epi rekipere swa pou dire yon vizit sou sit entènèt la (ki rele "koukiz sesyon"), oswa rive jis nan dat sit entènèt la fikse a, ki enstale koukiz lan (ki rele "koukiz pèmanan").

Egzanp enfòmasyon nou menm ak Founisè Sèvis nou yo ranmase gen ladan ki jan souvan yon moun vizite sit entènèt sa a ak sa yo fè pandan yo sou sit entènèt la. Nou menm ak Founisè Sèvis nou yo itilize enfòmasyon sa a an jeneral pou konprann kijan vizitè nou yo tankou yon gwoup, itilize diferan resous epi ede nou amelyore sit entènèt nou an. Nou menm ak Founisè Sèvis nou yo tou ranmase enfòmasyon sou aktivite itilizatè endividyèl sit entènèt la. Enfòmasyon sa a ka itilize pou dirije piblisite ak/oswa kontni enfòmasyon ki gen rapò ak Mass General Brigham bay itilizatè yo lè yo vizite lòt sit entènèt.

Pifò navigatè entènèt aksepte koukiz pa defo, men ou ka modifye preferans navigatè ou a pou bloke oswa limite koukiz si ou pa vle yo suiv aktivite navigasyon entènèt ou a. Gen yon varyete zouti ki disponib piblikman pou jere koukiz ak teknoloji ki sanble yo ranmase enfòmasyon ki gen rapò ak jan ou itilize sit entènèt la. Aprann plis nan (i) FTC oswa (ii) paj dezaktivasyon Digital Advertising Alliance, ki pèmèt itilizatè yo chwazi pa resevwa piblisite ki baze sou enterè.

Nou pa responsab pou efikasite oswa konfòmite mekanis oswa pwogram dezaktivasyon tyès pati yo. Tanpri sonje ke si ou efase koukiz ou yo oswa amelyore navigatè ou a apre ou fin chwazi dezaktive, ou pral bezwen chwazi dezaktive ankò. Anplis, si ou itilize plizyè navigatè oswa aparèy, ou pral bezwen chwazi dezaktive sou chak navigatè oswa aparèy. Ou ka jwenn aksè ak enfòmasyon sou sit entènèt sa a san ou pa aktive koukiz nan navigatè ou a, men dezaktive koukiz ka lakòz yon kapasite diminye pou pwofite sèvis yo ak kontni enfòmasyon ki gen rapò sou sit entènèt la.

Nou itilize sèvis ak zouti analiz entènèt ak jesyon etikèt Google bay ak lòt tyès pati pou ranmase sèten enfòmasyon ki gen rapò ak itilizasyon ou fè de sit entènèt sa a. Ou ka jwenn plis enfòmasyon sou kijan Google itilize done lè ou vizite sit entènèt nou an pandan w ap konsilte “Kijan Google itilize enfòmasyon ki soti nan sit oswa aplikasyon ki itilize sèvis nou yo.”

Nou itilize Piwik PRO Analytics Suite kòm lojisyèl analiz sit entènèt/aplikasyon nou an ak zouti jesyon konsantman. Nou ranmase done sou vizitè sit entènèt yo ki baze sou koukiz. Enfòmasyon yo kolekte yo ka gen ladan yo adrès IP yon vizitè, sistèm operasyon, ID navigatè, aktivite navigasyon ak lòt enfòmasyon. Gade dimansyon done Piwik PRO kolekte yo.

Nou kalkile endikatè tankou to rebondisman, vizit paj, sesyon ak lòt bagay pou konprann kijan sit entènèt/aplikasyon nou an itilize. Nou ka tou kreye pwofil vizitè yo ki baze sou istwa navigasyon pou analize konpòtman vizitè, montre kontni pèsonalize epi fè kanpay sou entènèt.

Sit entènèt sa a itilize sèvis reCAPTCHA Google pou pwoteje kont spam ak lòt abi otomatik pandan l ap idantifye aktivite ki soti nan yon pwogram otomatik tankou yon "bot." reCAPTCHA analize konpòtman vizitè sit entènèt yo depi lè vizit la kòmanse.  Done yo kolekte pandan analiz sa a, ki fèt dèyè sèn, yo transmèy yo bay sèvè Google yo.  Itilizasyon sèvis reCAPTCHA a ak tretman nenpòt enfòmasyon yo kolekte atravè sèvis la, tankou adrès IP, dat, lè, lang, gwosè ekran ak rezolisyon, ak mouvman sourit pandan ou sou paj la, se sijè ak politik vi prive ak kondisyon itilizasyon Google yo, jan sa note nan bwat yo kote yo mande ou konfime ke "Mwen pa yon wobo" lè w ap soumèt yon fòmilè.

Founisè Sèvis nou yo ka jwenn plis enfòmasyon konsènan aktivite ou sou sit entènèt nou an, ki gen ladan paj ou vizite, lè ou aksede, dire vizit la, kijan ou te rive sou sit entènèt nou an ak adrès IP ou. Yon adrès IP se yon nimewo ki idantifye yon aparèy ki konekte sou Entènèt la. Pou pifò aparèy, adrès IP a chanje omwen yon fwa pa semèn. Founisè Sèvis nou yo ka jwenn idantifyan aparèy ak enfòmasyon espesifik konsènan navigatè ou itilize a. Nan kèk ka, enfòmasyon sa a ka inik pou ou.

Kijan Nou Itilize Enfòmasyon Sa a

Mass General Brigham itilize enfòmasyon ou bay la pou reyalize demann sou entènèt, trete enfòmasyon kat kredi epi reponn ak demann sèvis kliyan, oswa nan lòt fason jan sa nesesè ak lalwa.

Nou ka itilize enfòmasyon ou pou :

  • Ede nou amelyore sèvis nou ofri yo
  • Pèsonalize eksperyans ou ak enfòme ou sou tretman/sèvis ki enterese ou
  • Ajiste piblisite dijital sou sit entènèt tyès pati ki baze sou entèraksyon ou sou sit entènèt nou an
  • Amelyore ofrann sit entènèt nou an epi voye enfòmasyon ak mizajou ba ou
  • Reponn kesyon ak demann ou yo epi amelyore sèvis kliyantèl
  • Administre yon pwomosyon, sondaj oswa lòt karakteristik sit la
  • Kominike chanjman nan Politik Vi Prive nou an oswa Kondisyon Itilizasyon

Nan kèk ka, tyès pati ki pase kontra avèk Mass General Brigham nan ka gen aksè a enfòmasyon ou pou reyalize yon travay espesifik, pa egzanp, pou voye ou yon bilten elektwonik.

Itilizatè nan Zòn Ekonomik Ewopeyen an (EEA) ak Swis

Rezidan EEA oswa Swis gen dwa daprè Chapit III nan Règleman Jeneral Pwoteksyon Done Inyon Ewopeyen an oswa Seksyon 2 nan Lwa Federal Swis sou Pwoteksyon Done konsènan tretman done pèsonèl, ki gen ladan dwa pou aksede, korije epi mande efase done pèsonèl. Tanpri kontakte noupou demann ou an. Pou verifye idantite ou, nou ka mande ou pou ba nou enfòmasyon pèsonèl anvan ou aksede nenpòt dosye ki gen enfòmasyon sou ou.

Vandè tyès pati / Founisè kontni

Mass General Brigham pataje enfòmasyon ak tyès pati, ki gen ladan jan lalwa egzije oswa bay sèvis yo mande yo. Mass General Brigham angaje vandè tyès pati ki renome a pou ede nou jere sit entènèt sa a, bay kontni ak enfòmasyon, epi pou kominike pi byen ak pasyan ak vizitè yo.

Transfè nan Ka Vant oswa Chanjman Kontwòl
Si pwopriyetè biznis nou an chanje oswa nou bezwen transfere byen ki gen rapò ak sit entènèt sa a bay yon tyès pati, nou ka transfere enfòmasyon pèsonèl ou bay nouvo pwopriyetè a. Enfòmasyon ou ka rete soumèt ak pwomès yo fè nan Politik Vi Prive ki aplikab la sòf si ou presize yon lòt jan.

Sondaj Sou Entènèt

Pafwa nou ka mande fidbak sou sit entènèt sa a pou pi byen konprann kijan nou ka amelyore enfòmasyon nou prezante ak kijan nou prezante li. Sondaj sa yo pa poze kesyon ki ta ka idantifye ou pèsonèlman. Nou ka mande enfòmasyon kontak pou suivi, men ou ka refize bay enfòmasyon sa a. Enfòmasyon ou bay nan yon sondaj ka pataje ak anplwaye oswa tyès pati yo pou rasanble done yo.

Enfòmasyon sou Imèl

Tanpri, pa bay enfòmasyon pèsonèl atravè imèl pou nou sòf si se atravè yon chanèl sekirize (sa yo ap make, kòm fòmilè sou entènèt sekirize, pa egzanp). Sonje ke mesaj imèl yo, sòf si yo pwoteje pandan y ap transpòte, ka konsilte ak lòt itilizatè Entènèt. Si ou gen enfòmasyon pèsonèl pou kominike, tanpri itilize fòmilè sou entènèt sekirize ki apwopriye a oswa kontakte pati ki nesesè a pandan w ap sèvi avèk mwayen tradisyonèl tankou telefòn oswa lapòs.

Si ou resevwa yon imèl ki sanble soti nan Mass General Brigham e ki mande enfòmasyon pèsonèl ou, pa reponn. Sa a ka yon fwod oswa yon imèl “Phishing” ki vize pou vòlè enfòmasyon ou. Mass General Brigham pa p janm mande modpas ou, non itilizatè, enfòmasyon kat kredi oswa lòt enfòmasyon pèsonèl atravè imèl.

Lyen pou sit entènèt ekstèn

Politik sou vi prive sa a aplike sèlman pou sit entènèt sa a. Sit entènèt sa a gen lyen ki mennen nan lòt sit entènèt, andedan ak deyò Mass General Brigham. Tanpri, sonje ke politik sou vi prive sa a pa aplike pou sit entènèt sa yo. Nou ankouraje ou li politik sou vi prive a sou nenpòt lòt sit entènèt anvan ou bay enfòmasyon pèsonèl.

Kèk aplikasyon entèaktif pou pasyan ka gen aksè ak sit entènèt sa a pou fasilite w travay la. Si ou chwazi itilize yon aplikasyon pasyan espesifik, tanpri asire ou li politik sou vi prive ki asosye ak aplikasyon sa a. Mass General Brigham Patient Gateway, ki ofri pasyan yo mesaj elektwonik sekirize pou pratik ki patisipe, se yon egzanp aplikasyon pasyan konsa.

Chanjman nan Politik Sa a

Mass General Brigham gen dwa pou chanje oswa mete ajou politik sou vi prive sit entènèt sa a tanzantan san avètisman, kidonk tanpri revize li regilyèman pou rete enfòme sou nenpòt chanjman. Si ou gen kesyon sou politik sou vi prive sa a oswa enkyetid sou kijan nou kolekte, itilize oswa pwoteje enfòmasyon pèsonèl ou, tanpri kontakte nou jan sa endike anba a.

Kontakte Nou

Si ou gen kesyon sou politik sou vi prive sa a oswa enkyetid sou kijan nou kolekte, itilize oswa pwoteje enfòmasyon pèsonèl ou, tanpri kontakte nou.

Dènye Revizyon 24 Jiyè 2022.