false

Kontakte Nou

Èske ou gen yon kesyon, kòmantè, oswa sijesyon pou pase bay Mass General Brigham? Anvan ou kontakte nou ak enfòmasyon ki anba a, tanpri revize kesyon ki pi souvan poze yo (FAQs) pou repons pou asire ou dirije demann ou a nan bon kote.

Relasyon Pasyan ak Fanmi

Si ou gen yon enkyetid, plent, oswa fidbak sou eksperyans ou nan Mass General Brigham, tanpri kontakte Relasyon Pasyan ak Fanmi.
Enfòmasyon kontak Relasyon Pasyan ak Fanmi

Massachusetts General Hospital
617-726-3370
mghpfr@mgb.org

Brigham and Women’s Hospital
617-732-6636
bwhpfr@mgb.org

Brigham and Women’s Faulkner Hospital
617-983-4507
bwfhpfr@mgb.org

Cooley Dickinson Hospital
413-582-4970
cdhpfr@mgb.org

Swen Lakay
844-744-4200
homecarepfr@mgb.org

Martha’s Vineyard Hospital
508-957-9497
mvhpfr@mgb.org

Mass Eye and Ear
617-573-3008
meepfr@mgb.org

Mass General Brigham Medical Group (gwoup doktè Mass General Brigham) ak sèvis swen rapid li a
857-282-2150
mgbmgpfr@mgb.org

Lopital McLean
617-855-3128
mcleanpfr@mgb.org

Lopital Nantucket Cottage
508-825-1398
nchpfr@mgb.org

Newton Wellesley Hospital (lopital Newton Wellesley)
617-243-6205
nwhpfr@mgb.org

Salem Hospital
978-354-2025
slmpfr@mgb.org

Spaulding Rehabilitation
617-952-5349
srnpfr@mgb.org

Wentworth-Douglass Hospital
603-740-2823
wdhpfr@mgb.org

Si ou pa wè yon nimewo telefòn pou kote ou resevwa swen an, tanpri rele kabinè medikal la dirèkteman.

Lòt enfòmasyon kontak

  • Si ou sèvi ak Mass General Brigham Patient Gateway, pòtal pasyan an, voye kesyon sou swen oswa bòdwo atravè Patient Gateway oswa rele biwo pwofesyonèl sante w la.
  • Si ou gen nenpòt kesyon sou karyè, tanpri kontakte careers@partners.org.
  • Si ou se yon anplwaye aktyèl oswa yon ansyen anplwaye Mass General Brigham ki gen kesyon sou avantaj sosyal, tanpri vizite pòtal anplwaye Ask MyHR la, rele Sant Sipò Resous Imèn nan nan 833-275-6947 oswa voye yon imèl bay askmyhr@partners.org.
  • Si ou se yon anplwaye aktyèl oswa yon ansyen anplwaye epi ou ta renmen resevwa yon kopi fòm W2 ou a, tanpri kontakte biwo pewòl la nan 617-726-2148.
  • Si ou gen kesyon sou Mass General Brigham Health Plan, tanpri vizite sit entènèt Mass General Brigham Health Plan lan.
  • Si ou gen yon kesyon sou konfidansyalite, lalwa oswa etik, oswa si ou kwè yon manm kominote Mass General Brigham lan pa respekte yon obligasyon ki gen rapò ak konfidansyalite, lalwa oswa etik, kontakte Liy Èd pou Konfòmite a nan 1-800-856-1983 oswa https://www.massgeneralbrigham.org/complianceline. Tout enkyetid yo ap mennen ankèt sou yo. Rapò yo ka fèt anonim oswa nan konfidans.

Kesyon yo poze souvan pou pasyan yo

Kijan mwen ka kontakte ekip Patient Gateway Mass General Brigham si mwen gen difikilte teknik/besoin sipò teknik?
Anvan ou kontakte Patient Gateway, li kesyon yo poze souvan yo. Pou kontakte ekip sipò teknik la, tanpri vizite paj sipò Patient Gateway epi ranpli fòmilè a.
Mwen ap chèche aksè a dosye medikal mwen atravè Patient Gateway Mass General Brigham. Kijan mwen ka enskri?
Patient Gateway Mass General Brigham se yon fason pratik, efikas, ak sekirize pou jere sante ou ak kominike ak founisè swen sante ou. Si ou se yon nouvo itilizatè Patient Gateway (18 ane ak plis), vizite https://www.patientgateway.org, epi klike sou "Enskri kounye a" pou kòmanse pwosesis enskripsyon an. Si ou vle enskri yon timoun oswa yon adolesan nan Patient Gateway, tanpri kontakte pratik ou.
Mwen resevwa yon mesaj tèks oswa yon imèl ki envite m enskri sou entènèt pou yon randevou k ap vini. Mwen pa konnen ak kiyès randevou a ye. Kijan mwen ka jwenn plis enfòmasyon?

Yo te voye mesaj sa a atravè Patient Gateway, pòtal elektwonik sekirize nou an. Remake, mesaj sa a voye tou bay moun ki pa enskri nan Patient Gateway.

Pou wè detay randevou ou, klike sou lyen eCheck-in nan imèl la oswa mesaj tèks la. Apre ou fin verifye enfòmasyon ou, klike sou bouton "Vizit" ki nan tèt ekran an pou wè detay randevou ou.

Si ou gen nenpòt lòt kesyon sou randevou ou, tanpri kontakte klinik la.

Vizite sit entènèt sipò teknik Patient Gateway nou an oswa rele 800-745-9683 pou jwenn asistans.

Mwen gen yon kesyon sou bòdwo pasyan mwen an oswa mwen bezwen asistans finansye. Kiyès mwen ka kontakte pou jwenn èd?

Tanpri chèche plis enfòmasyon nan seksyon bòdwo ak asirans nou an ak seksyon asistans finansye nou an.

Vizite seksyon "Peye Bòdwo Ou" pou aprann sou opsyon pou peye bòdwo yo.

Vizite seksyon "Kontakte ekip bòdwo pasyan" pou konnen kijan pou kontakte ekip sa a.

Kijan mwen ka jwenn enfòmasyon sou Mass General Brigham Health Plan (ki te rele AllWays Health Partners anvan)?

AllWays Health Partners chanje non li pou Mass General Brigham Health Plan, ki antre an vigè 1ye janvye 2023. Se yon konpayi asirans san bi likratif ki sèvi manm plan asirans komèsyal, Medicaid ak Medicare Advantage. ​

Aprann plis sou sit entènèt Mass General Brigham Health Plan.

Kijan mwen ka rapòte yon ensidan posib ki gen rapò ak vi prive enfòmasyon sante pasyan?

Ou ka vle kontakte Biwo Konfòmite Mass General Brigham si ou sispèk yon ensidan sou vi prive. Pa gen okenn reprezay pou rapòte. Pou rapòte yon enkyetid san ou pa bay non ou, kontakte Liy Èd pou Konfòmite Mass General Brigham nan 1-800-856-1983 oswa vizite www.massgeneralbrigham.org/complianceline.

Si ou panse yon pwoblèm teknik nan dosye medikal elektwonik ou (Mass General Brigham Patient Gateway) te lakòz yon pwoblèm konfidansyalite, ou ka kontakte ekip Patient Gateway la tou. Ranpli fòmilè Patient Gateway la.

Kijan mwen ka bay fidbak sou Sèvis Autobus Navèt Mass General Brigham?

Ou ka kontakte Depatman Transpò Mass General Brigham nan 617-726-2250 oswa PHSTransportation@partners.org.

Pou jwenn plis enfòmasyon ak yon kat ki montre kote navèt yo ye an dirèk, vizite paj navèt yo.

Eske ou trete pasyan entènasyonal?
Wi. Pou aprann sou swen pou pasyan entènasyonal nan Mass General Brigham, tanpri vizite seksyon Swen Pasyan Entènasyonal.

Kesyon yo poze souvan pou anplwaye aktyèl ak ansyen

Mwen se yon anplwaye oswa kontraktè Mass General Brigham. Kijan mwen ka jwenn èd ak yon pwoblèm òdinatè oswa yon pwoblèm ak aksè kont imèl mwen?
Si ou konekte ak rezo a, ale sou paj entranèt biwo sipò enfòmatik IS la oswa rele 857-282-4357. Ou pa ka rezoud pwoblèm òdinatè oswa imèl lè ou voye yon imèl sou sit entènèt sa a. Tanpri kontakte biwo sipò enfòmatik IS la dirèkteman.
Mwen se yon anplwaye Mass General Brigham epi mwen gen kesyon sou avantaj, tankou retrèt, kont Flex Spending, ak lòt kesyon asirans. Kote mwen ka jwenn plis enfòmasyon?

Si ou se yon anplwaye Mass General Brigham, tanpri vizite pòtal anplwaye Ask MyHR. Si ou pa konekte ak rezo a, ou pral bezwen pase atravè otantifikasyon de-faktè pou jwenn aksè nan portal la.

Si ou gen lòt kesyon, tanpri rele Sant Sipò Resous Imèn nan 833-275-6947 oswa voye yon imèl bay askmyhr@partners.org.

Mwen se yon ansyen anplwaye Mass General Brigham epi mwen bezwen yon kopi fòmilè W2 mwen. Kote mwen ka jwenn enfòmasyon sa a?
Si ou te travay isit la anvan epi ou vle yon kopi fòm W-2 ou, tanpri rele biwo ki okipe peman salè yo nan 617-726-2148.
Mwen se yon ansyen anplwaye ki gen kesyon sou Lwa sou Konje Medikal Peye pou Fanmi Massachusetts. Kote mwen ka jwenn plis enfòmasyon?
Vizite paj entènèt Lwa sou Konje Fanmi ak Konje Medikal Peyepou aprann sou sijè sa a pou ansyen anplwaye yo.

Kesyon yo poze souvan jeneral

Kisa ki te rive ak Partners HealthCare? Kisa Mass General Brigham ye?

Mass General Brigham se nouvo non sa ki te rele anvan Partners HealthCare. An 2020, nou te adopte yon non ki pi fasil pou rekonèt, avèk yon objektif klè: pou nou kreye lyen ki pi sere ak pasyan nou yo ak kominote nou yo. Aprann plis sou istwa dèyè nouvo imaj mak nou an.

Menm enstitisyon ki te fè pati Partners HealthCare yo ap kontinye fè pati Mass General Brigham. Aprann plis sou Mass General Brigham.

Kisa adrès biwo santral Mass General Brigham ak nimewo telefòn li ye?

Biwo Santral Mass General Brigham:

399 Revolution Drive
Somerville, MA 02145

617-278-1000

Kijan mwen ka aplike pou yon travay nan Mass General Brigham?

Ou ka jwenn enfòmasyon sou karyè nan Mass General Brigham, tankou pòs travay ki disponib kounye a, nan seksyon Karyè sou sit entènèt nou an.

Akòz kantite aplikasyon yo resevwa, li ka pa posib pou reponn kesyon sou estati aplikasyon ou an.

Tanpri sonje ke soumèt plizyè fwa pou menm pozisyon an ap ranplase aplikasyon ki te soumèt anvan pou pozisyon sa a.

Mwen se yon vandè/founisè epi mwen gen kesyon sou fakti ak pèman. Kijan mwen ka kontakte Depatman Acha a?
Pou kesyon sou acha ak fakti pou peye, tanpri rele Sèvis Kliyan nou an nan 617-726-2142. Ou ka rele lendi rive mèkredi ak vandredi, ant 8:30 AM ak 4:30 PM, oswa jedi, ant 8:30 AM ak 3:30 PM.
Kijan mwen ka vin yon vandè/founisè ak Mass General Brigham?
Pou kesyon sou ekipman ak founiti, tanpri rele sèvis kliyan nou an nan 617-726-2142 oswa ale sou paj founisè yo.
Èske Mass General Brigham patwone evènman tankou gala charite, jounen kominotè, elatriye?
Mass General Brigham angaje nan kominote a. Nou sipòte òganizasyon lokal san bi likratif ak gwoup kominotè nan kominote kote etablisman nou yo ap sèvi. Tanpri ranpli fòmilè parennaj la pou nou ka evalye demann ou an.
Mwen bezwen verifye estati travay oswa enfòmasyon sou salè yon anplwaye Mass General Brigham aktyèl oswa ansyen. Kijan mwen ka verifye enfòmasyon sa a?

Mass General Brigham kolabore ak The Work Number pou bay verifikasyon anplwa pou tout anplwaye aktyèl ak ansyen.

Kote mwen ka jwenn adrès, nimewo telefòn, oswa lòt enfòmasyon kontak pou youn nan manm ou yo?
Tanpri konsilte paj Sou Mass General Brigham nou an pou jwenn enfòmasyon sou chak nan manm nou yo.