false

Vizite Etablisman Nou yo

Nou angaje nou pou n asire sekirite pasyan nou yo, vizitè yo, moun k ap bay sipò yo, anplwaye nou yo, ak kominote a.
Mass General Brigham konsyan vizitè yo ak moun k ap bay sipò yo jwe yon wòl enpòtan nan sante ak byennèt ou. Sekirite pasyan nou yo, anplwaye yo, ak kominote a enpòtan anpil pou nou.

Nan inite ospitalizasyon yo

Lopital swen entansif Mass General Brigham yo ototrize de vizitè an menm tan pou chak pasyan soti 9:00 a.m. rive 9:00 p.m.

Pa gen okenn restriksyon orè pou moun k ap bay sipò yo pou pasyan pedyatrik yo ak pasyan ki gen andikap yo. Yo pran an kont moun k ap bay sipò yo anplis tou de vizitè yo.

Vizit nan sèten inite swen pasyan espesifik

Sal akouchman, sèvis swivi prenatal ak pòsnatal

  • Moun k ap bay sipò yo byen vini pandan tout sejou a.
  • Orè vizit yo se chak jou soti 9:00 a.m. rive 9:00 p.m.
  • Yo otorize de vizitè an menm tan, anplis de moun k ap bay sipò yo deziyen yo.
  • Vizitè ki gen mwens pase 18 lane yo pa otorize sof si yo se frè oswa sè tibebe a epi yon moun k ap bay sipò akonpaye yo oswa yon adilt.

Inite Swen Entansif Neyonatal (NICU)

  • De moun k ap bay sipò otorize nenpòt kilè.
  • Orè vizit yo se chak jou soti 9:00 a.m. rive 9:00 p.m.
  • Yo otorize de vizitè an menm tan.
  • Frè ak sè ti bebe a byen vini si yon moun k ap bay sipò akonpaye yon .
  • Vizitè ki gen mwens pase 18 lane yo dwe gen yon moun k ap bay sipò ki akonpanye yo oswa yon adilt.

Inite Swen Entansif (ICU)

  • Yo otorize vizit yo 24 èdtan pa jou.
  • Yo otorize de vizitè an menm tan.
  • Vizitè ki gen mwens pase 18 lane yo dwe jwenn apwobasyon davans pèsonèl/dirijan ICU a.

Inite psikyatri pou pasyan ki ospitalize yo, ki gen ladan Lopital McLean

  • Orè vizit ki rekòmande yo se 2:00 p.m. rive 9:00 p.m.
  • De vizitè oswa moun k ap bay sipò an menm tan .
  • Direksyon sit la ka elaji oswa limite orè vizit yo.
  • Vizitè ki gen mwens pase 18 lane yo dwe akonpaye gen yon moun k ap bay sipò ki akonpanye yo oswa yon adilt epi dwe jwenn apwobasyon pèsonèl la.

Spaulding Cambridge, Spaulding Cape Cod, ak Spaulding Boston

  • 11:00 a.m. rive 8:00 p.m.

Spaulding Brighton

  • Orè vizit ki rekòmande yo se ant 11:00 a.m. rive 8:00 p.m.

Sèvis Ijans

  • Yo otorize vizit yo 24 èdtan pa jou.
  • Yon vizitè oswa moun k ap bay sipò pou pasyan ki anpil.
  • De vizitè oswa moun k ap bay sipò pou pasyan pedyatrik.
  • Yo ka limite vizit yo nan ka kote gen anpil moun oswa pou rezon ki gen rapò ak swen.

Sèvis Anbilatwa

Sal entèvansyon

  • Yo otorize yon sèl vizitè oswa moun k ap bay sipò.

Sèvis konsiltasyon ekstèn

  • Li preferab pou yon vizitè oswa moun k ap bay sipò prezan, men yo ka otorize jiska de moun.

Nan kèk sikonstans, etablisman yo ka bezwen limite vizit yo plis pase sa ki mansyone anlè a.

Sante vizitè

Nou mande vizitè yo pou yo ranvwaye vizit yo a si yo pa santi yo byen.

Atant vizitè yo

  • Vizitè yo dwe respekte tout règleman ki aplikab, ki gen ladan Kòd Konduit Mass General Brigham ki fèt pou Pasyan, Fanmi, Vizitè, ak Patisipan Rechèch la.
  • Vizitè yo dwe mete rad apwopriye, ki gen ladan soulye ak chemiz.
  • Vizitè yo pa gen dwa pote okenn zam nan okenn etablisman oswa kanpis Mass General Brigham.
  • Li entèdi pou w fimen nan tout etablisman oswa kanpis Mass General Brigham. Lè sa otorize, vizitè yo ka fimen nan zòn ki deziyen pou sa. Fimen gen ladan tout pwodwi tabak, ansanm ak sigaret elektwonik/vapotaj.
  • Yo mande vizitè yo pou yo respekte vi prive ak bezwen swen sante pasyan nou yo.
  • Vizitè yo responsab afè pèsonèl yo.
  • Bèt domestik yo pa otorize pou akonpaye vizitè yo.
  • Vizitè yo pa ka fè foto, anrejistreman odyo, oswa anrejistreman videyo anplwaye oswa lòt pasyan, san konsantman yo. Foto yo ka gen ladan pasyan an ak/oswa vizitè yo sèlman avèk konsantman yo.

Vizitè yo p ap sibi diskriminasyon sou baz ras, relijyon, sèks, oryantasyon seksyèl, idantite oswa ekspresyon sèksyèl, laj, andikap, eta sivil, sitwayènte, etnisite, enfòmasyon jenetik oswa maladi, oswa nenpòt lòt karakteristik lalwa pwoteje.

ki Mete ajou 1 avril 2025