Vaksen COVID-19 la
Gid mete ajou sou vaksen COVID-19
Pran vaksen se pi bon fason pou anpeche maladi epi diminye risk pou maladi grav ak ospitalizasyon akoz COVID-19. Lè ou pran vaksen, ou pwoteje moun ki bò kote ou, ansanm ak moun ki gen plis risk pou konplikasyon akoz maladi respiratwa tou.
Depatman Sante Piblik (Department of Public Health, DPH) Massachusetts rekòmande sa ki ekri anba yo pou vaksen COVID-19 pou ane 2026-2027 la:
Gran moun
- Granmoun ki 65 lane ak pi gran ta dwe resevwa 2 dòz nan entèval 6 mwa
- Granmoun 19 rive 64 lane ki gen kondisyon medikal ki mete yo nan yon risk ki pi wo pou COVID-19 oswa ki gen moun nan menm kay la ki gen plis risk pou COVID-19, ta dwe resevwa yon dòz vaksen.
- Granmoun ki gen sistèm iminitè ki fèb ta dwe resevwa omwen yon dòz
- Moun ki ansent, k ap planifye pou ansent, fèk ansent oswa k ap fè alètman ta dwe resevwa yon dòz
- Granmoun ki an sante 19 rive 64 lane ta dwe resevwa yon dòz
- Pèsonèl swen sante yo ta dwe resevwa yon dòz, kèlkeswa laj yo oswa kondisyon medikal yo
Timoun
- Tout timoun soti 6 rive 23 mwa ta dwe resevwa vaksen COVID-19. Timoun ki pa pran vaksen oswa ki pa t fini yon premye seri vaksen ta dwe fini premye seri yo. Moun ki te fini yon premye seri ta dwe resevwa yon dòz vaksen 2026–2027 la omwen 8 semèn apre dènye dòz la
- Timoun 2 rive 18 lane ki gen kondisyon medikal ki mete yo nan yon risk ki pi wo pou COVID-19 oswa ki gen moun nan menm kay la ki gen plis risk ta dwe resevwa yon dòz vaksen COVID-19
- Timoun ki an sante ki gen 2 rive 18 lane ki pa janm pran vaksen ta dwe resevwa yon dòz vaksen COVID-19
- Timoun ak adolesan 2 rive 18 lane k ap viv nan etablisman swen alontèm ta dwe resevwa yon dòz vaksen COVID-19
- Timoun ki gen sistèm iminitè ki fèb ki gen 6 mwa ak plis ta dwe resevwa omwen yon dòz
- Timoun ki an sante ki gen 2 rive 18 lane ki pa antre nan kategori ki anwo yo ka resevwa yon dòz vaksen COVID-19
Gid sa a vle di tout moun ki gen 6 mwa ak plis ka resevwa vaksen COVID la. Pou kèk moun, rekòmandasyon pou pran vaksen an pi fò baze sou laj ak faktè risk yo.
Nou ankouraje pasyan yo kontakte famasi lokal yo pou yo ka vaksinen. Yo bay menm vaksen yo tankou nan klinik nou yo. Famasi lokal yo ka pa bay tibebe ak timoun piti yo vaksen. Tanpri kontakte biwo pedyat pitit ou a si ou gen yon pwoblèm.
Anpil biwo swen prensipal ak espesyalite atravè Mass General Brigham ap ofri vaksen COVID-19 pandan vizit regilye yo. Pifò nan klinik nou yo pa ofri randevou sèlman pou vaksen.
Kesyon jeneral sou vaksen
Wi, ou ta dwe toujou vaksinen menm si ou te gen COVID-19 epi ou te refè. Si ou te gen COVID-19 dènyèman, ou ka anvizaje pou w retade pwochen dòz vaksen ou a pou 3 mwa apati:
- Lè sentom ou yo te kòmanse a.
- Si ou pa t gen okenn sentom, lè premye tès COVID ou a te pozitif la.
Si ou gen kesyon, anvizaje pou w poze doktè w la yo. Pou w jwenn plis enfòmasyon, konsilte sitwèb CDC a..
Alèji
Gen kèk rapò sou moun ki te gen reyaksyon alèjik apre yo te fin vaksinen. Yon ti kantite moun te gen yon reyaksyon alèjik grav ki rele anafilaksi. Sou baz sa a, Administrasyon Etazini an Manje ak Medikaman (FDA) ak Sant pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi (CDC) rekòmande pou moun ki gen yon antesedan anafilaksi ak youn nan engredyan ki nan yon vaksen COVID-19 pa ta dwe pran vaksen sa a. Moun ki gen lòt alèji manje oswa medikaman ka pran vaksen san okenn danje.
Jeneralman, pifò pasyan ki alèjik ak yon vaksen ka resevwa lòt vaksen san okenn danje. Si ou gen yon antesedan reyaksyon alèjik grav ak vaksen, terapi enjektab, oswa ak youn nan konpozan ki nan vaksen COVID-19 la, ou ta dwe pale ak pwofesyonèl swen primè ou a oswa ak yon espesyalis alèji (si ou gen youn). Pwofesyonèl swen ou an ka ede ou deside si li san danje pou ou pran vaksen an.
Grossès, alètman ak fètilite
CDC a, pedyat nou yo ak jinekològ nou yo rekòmande pou moun ki ansent, ki planifye pou ansent, oswa k ap fè alètman, pou yo pran vaksen COVID-19 la. Tanpri, konsilte rekòmandasyon konplè yo isit la.
Timoun
- Tout timoun ki gen ant 6 ak 23 mwa ta dwe resevwa vaksen COVID-19
- Timoun 2 rive 18 lane ki gen kondisyon medikal ki mete yo nan yon risk ki pi wo pou COVID-19 oswa ki gen moun nan menm kay la ki gen plis risk ta dwe resevwa yon dòz vaksen COVID-19
- Timoun ki an sante ki gen 2 rive 18 lane ki pa janm pran vaksen ta dwe resevwa yon dòz vaksen COVID-19
- Timoun ki an sante ki gen 2 rive 18 lane ki pa antre nan kategori ki anwo yo ka resevwa yon dòz vaksen COVID-19
- Timoun ki gen sistèm iminitè ki fèb ki gen 6 mwa oswa plis ta dwe resevwa omwen yon dòz
Gid sa a vle di tout moun ki gen 6 mwa ak plis can resevwa vaksen COVID la. Pou kèk moun, rekòmandasyon pou pran vaksen an pi fò baze sou laj ak faktè risk yo.
Kote mwen ka jwenn plis enfòmasyon?
- Benefis ki genyen nan pran yon vaksen COVID-19
- Vaksen COVID-19 nan Massachusetts
- Vaksen COVID-19 nan New Hampshire
- Konprann vaksen mRNA COVID-19 yo
- Tès COVID-19 | Mass General Brigham
Mizajou 24 septanm 2026