false

FAQ sou vaksen kont grip ak kont COVID-19

Yon vaksen kont grip pwoteje ou kont grip epi li ka tou diminye risk konplikasyon grip. Nou rekòmande tou pou vaksen COVID-19 ou yo ajou .

Kesyon yo poze souvan

Poukisa vaksen kont grip la enpòtan?

Yon vaksen kont grip diminye chans pou ou pran grip. Malgre li ka pa anpeche tout enfeksyon, vaksen kont grip la diminye risk enfeksyon, maladi grav, ospitalizasyon, ak lanmò.

Sant pou Kontwòl Maladi (CDC) rekòmande pou tout moun ki gen sis mwa oswa plis pran yon vaksen kont grip. Gen diferan kalite vaksen grip. Kèk vaksen grip fèt pou moun ki gen 65 lang ak plis. Si ou gen 65 lane ak plis, ou ta dwe pran vaksen sa yo, si yo disponib.

Konbyen vaksen kont grip la koute?
Pifò konpayi asirans sante kouvri vaksen kont grip san yo pa mande kopèman oswa ko-asirans, men yo ka egzije pou ou pran vaksen an nan yon kote espesifik. Asire w ou ranpli tout kondisyon konpayi asirans ou a. Si ou pa gen asirans, tanpri rele klinik la kote ou pral jwenn vaksen kont grip la pou pale sou sa li pral koute.
Èske mwen bezwen tou pou mwen pran vaksen COVID-19 ki ajou a?
Nou ankouraje ou pou w pran nouvo vaksen COVID-19 2026-2027la. Vaksen ki ajou a ap pwoteje ou kont dènye varyan viris la genyen yon. Jwenn plis enfòmasyon sou vaksen ki ajou a nan kesyon ak repons nou yo sou vaksen kont COVID-19.
Èske mwen ka pran vaksen grip la ak vaksen kont COVID-19 ansanm?
Wi, ou ka pran yon vaksen kont grip nenpòt ki lè menm si ou fèk resevwa yon vaksen kont COVID. Ou ka menm pran tou de vaksen yo nan menm jou a.
Èske mwen ka pran grip nan vaksen kont grip la?
Vaksen kont grip la pa ka lakòz grip la. Vaksen kont grip yo swa gen viris grip ki inaktif (“mouri”) oswa kèk pati nan viris la.
Mwen pa janm malad. Poukisa mwen bezwen vaksen kont grip la?
Lè ou pran vaksen kont grip la, ou pa sèlman ap pwoteje tèt ou. Ou ap pwoteje tout lòt moun pa anpeche pwopagasyon grip la, epi sa genyen ladan l pasyan nou yo ak fanmi ou, zanmi, ak kominote a. Tout moun riske tonbe malad; CDC estime grip la te lakòz 51 milyon ka maladi, 23 milyon vizit kay pwofesyonèl sante, 710,000 fwa moun te entène lopital ak 45,000 lanmò pandan dènye sezon grip la, an 2024–2025.
Poukisa mwen dwe pran vaksen kont grip la chak ane?

PwoteksyoPwoteksyon vaksen kont grip la bay la diminye avèk tan. Anplis, varyan viris grip la ki ap sikile yo chanje chak ane, kidonk ou bezwen yon vaksen kont grip ki ajou chak otòn.

Jwenn plis enfòmasyon sou grip ak vaksen kont grip la sou sit entènèt CDC a

Kote mwen ka jwenn vaksen kont grip oswa vaksen COVID-19?

Gen anpil kote pou jwenn nouvo vaksen kont grip oswa kont COVID-19. Ou ta dwe pran vaksen kont grip ou kote ki pi pratik pou ou.

Tanpri sonje: Kèk kote ka ofri vaksen kont grip la sèlman pou pasyan ki gen sèten laj oswa ka pa gen vaksen pou pasyan ki gen 65 lane ak plis ki disponib.

Famasi lokal

Vizite yon famasi lokal pou w jwenn vaksen kont grip oswa vaksen COVID-19. Famasi lokal yo ka pa bay tibebe ak timoun piti yo vaksen. Tanpri kontakte biwo pedyat pitit ou a si ou gen yon pwoblèm.

Kabinè pwofesyonèl sante ki ba ou swen prensipal la

Anpil klinik swen prensipal ak espesyalize atravè Mass General Brigham ofri vaksen kont grip, COVID-19, oswa RSV pandan vizit medikal ou genyen ki pwograme regilyèman. Pifò nan klinik nou yo pa ofri randevou sèlman pou vaksen.

Mizajou: sept. 24, 2026