false

Reyadaptasyon Kadyak

Apre yon pwoblèm kadyak oswa operasyon, lè w jwenn sipò ki apwopriye a sa ka fè yon gwo diferans. Ekip reyadaptasyon kadyak nou an bay swen ki baze sou ekperyans, ki fèt ak konpasyon pou ede w reprann fòs, amelyore sante w, ak viv lavi w jan sa plis enpòtan pou ou a avèk konfyans.

Sipò ki baze sou konpasyon apre yon pwoblèm kadyak

Apre kè w fin rete, ou fè yon kriz kadyak (enfaksyon myokad), operasyon nan kè, oswa lòt pwoblèm kadyak, ou bezwen epi ou merite sipò espesyalis ki gen eksperyans nan swen ak reyadaptasyon kadyak. Nou la pou ede w vin gen espwa ankò, amelyore sante w ak fason w viv, epi ofri w posibilite pou w vin pi endepandan.

N ap akonpaye w, ba w sipò pandan w ap rebati fòs ou ak prepare w pou w retounen lakay ou nan kominote w ak lavi ou renmen.

center
tertiary
internal-arrow
Pati Medsin Fizik ak Reyadaptasyon
/content/unified-xwalk/ht/services/physical-medicine-rehabilitation
false

Apwòch nou nan kesyon reyadaptasyon kadyak

Nou ofri yon apwòch konplè pou gerizon ki konsantre sou ede w retounen gen yon lavi aktif, pwodiktif. Doktè, enfimyè ak terapet nou yo travay ansanm pou ede w atenn nivo maksimòm nan fason ou fonksyone ak endepandans ou. Kèlkeswa jan sitiyasyon an konplike oswa difisil, nou bay swen kadyak ki gen pi bon kalite.
Apwòch nou nan kesyon reyadaptasyon kadyak
Nou ofri yon apwòch konplè pou gerizon ki konsantre sou ede w retounen gen yon lavi aktif, pwodiktif. Doktè, enfimyè ak terapet nou yo travay ansanm pou ede w atenn nivo maksimòm nan fason ou fonksyone ak endepandans ou. Kèlkeswa jan sitiyasyon an konplike oswa difisil, nou bay swen kadyak ki gen pi bon kalite.
Ekip kadyak klinik ki devwe
Ou gen sipò pa yon ekip espesyalize nan domèn kadyak ak reyadaptasyon ki travay ansanm pou bay sipèvizyon ki fèt deprè ak jesyon medikaman. Yo gide swen w, reponn kesyon, ak ede w bati fòs ak konfyans pandan tout gerizon w.
Plan tretman ki pwograme, ki pèsonalize

Nou konbine terapi fizik ak terapi pou ede w ak aktivite w ki fèt ak sipèvizyon medikal ak yon pwogram egzèsis pwogresif ki fèt pou sipòte gerizon w ak ede w retounen nan aktivite chak jou san danje. Pami anpil sèvis nou genyen yo, men sa ofri:

  • Suiv pwogrè w
  • Ajiste medikaman
  • Ede w jere sentom
  • Bay siveyans pou kè w (telemetri)
  • Gide terapi respirayon
  • Ofri konsiltasyon kadyoloji
Resous sipò

Nou ofri:

  • Edikasyon konplè pou ou ak fanmi w sou chanjman nan fason w viv, ki gen ladan egzèsis, rejim alimantè, ak jesyon strès
  • Resous pou ede w jere pwoblèm emosyonèl ki asosye ak maladi kè ak chanjman nan fason w viv
  • Edikasyon ak konsèy sou nitrisyon
  • Responsab swen ki devwe pou òganize swen ki fèt lakay si sa nesesè ak pou fasilite tretman ou kontinye resevwa, terapi ki fèt lòt kote, oswa sèvis ak resous kominotè
  • Sèvis detant terapetik, ki gen ladan teknik detant, sispann fimen, ak preparasyon pou aktivite lwazi

Esè klinik ak rechèch kadyak ak vaskilè

Rechèch nou an ap fòme avni nan kesyon swen kadyak ak vaskilè. Nou ofri aksè a esè klinik ak terapi k ap devlope, ki gen ladan l tretman ki poko disponib tout kote. Kalifikasyon depann sou dyagnostik yon moun, istwa tretman li, ak plis ankò. Dekouvri rechèch nou an ak esè klinik oswa pale ak ekip swen w lan pou w aprann sou opsyon ki disponib yo.
Pwofesyonèl medikal ap revize imaj dyagnostik yo sou monitè.
tertiary
external
Dekouvri rechèch kadyak ak vaskilè
https://www.research.massgeneralbrigham.org/en/institutes-centers/heart-and-vascular-institute
tertiary
external
Rechèch esè klinik

Chèche esè klinik ouvè pou maladi kè ak vaskilè

https://clinicaltrials.gov/