false

Pwogram sante kè pou fanm

Nan tout lopital nou yo ki bay swen medikal nan pi wo nivo, nou bay swen espesyalize epi ki byen òganize pou sante kè fanm yo, lè nou mete sou pye pwogram modèn pou maladi kè ki gen rapò ak gwosès, SCAD,  ANOCA/INOCA, ak sante kè ak metabolik pandan peryòd pou antre nan menopoz la.

Imaj yon doktè fi k ap montre yon enfòmasyon sou ekran òdinatè a pandan li ap pale ak yon pasyan.

full-fill

primary
phone
866-644-8910
8666448910

Swen konplè pou kè

Maladi kè se premye koz lanmò lakay fanm Ozetazini ak atravè lemond. Maladi sa a souvan parèt diferan lakay fanm pase lakay gason,  gen kèk siy ak risk ki ka pi difisil pou wè, sa ki ka fè li pran plis tan pou jwenn bon dyagnostik.

Nan Mass General Brigham, pwogram swen pou kè fanm nan konsantre sou diferans ki genyen nan fason maladi kè afekte yo, epi li bay chak fanm swen kè ak veso sangen ki adapte ak bezwen li. Ekip nou an ki gen plizyè espesyalis travay ansanm nan diferan domèn pou ede ou konprann risk ou genyen, rekonèt sentòm yo bonè, epi jwenn tretman ki adapte ak bezwen ou.

center
tertiary
internal-arrow
Yon pati nan Heart and Vascular Institute la
/content/unified-xwalk/ht/services/heart-vascular

Apwòch nou nan sante kè pou fanm yo

Pwoblèm medikal nou trete yo

Soti nan SCAD ak INOCA rive nan maladi kè ki afekte gwosès ak risk ki gen rapò ak òmòn, nou fè evalyasyon espesyalize, tretman pèsonalize, epi aksè ak rechèch modèn sou maladi kè ki afekte fanm plis pase gason.

Men kèk nan kondisyon kè, klinisyen nou yo espesyalize ladan:

Diseksyon atè kowonè espontane (SCAD): SCAD se yon dechiri nan youn nan atè kè a ki ka lakoz yon kriz kadyak. Li souvan afekte fanm ki pi jèn ki pa konn gen maladi kè e li ka bezwen swen espesyalize ak swivi alontèm.

Doulè nan pwatrin (anjin) ak mank san ki pa rive ase nan kè a (iskemi) san pa gen blokaj nan atè kè yo (ANOCA ak INOCA): Pwoblèm sa yo ka lakòz doulè nan pwatrin oswa fè mwens san rive nan kè a, menm lè tès yo montre gwo atè kè yo pa bouche. Souvan, yo rive akòz pwoblèm nan ti veso sangen yo oswa lè veso sangen yo sere toudenkou, pi souvan rive lakay fanm.

Enfaksyon miyokad ak atè kowonè ki pa obstriktif (MINOCA): MINOCA se yon kalite kriz kadyak kote egzamen yo pa montre gwo blokaj nan veso sangen ki mennen san nan kè a. Li rive pi souvan lakay fanm, li ka gen plizyè kòz ki mande pou yon ekspè egzamine pou konnen sa k ap pase.

Maladi kè pandan gwosès: Gwosès fè kè a travay pi di, sitou si ou deja gen yon pwoblèm kè. Nou bay swen espesyal pou moun ki gen yon pwoblèm kè, kit yo te konnen sa deja oswa yo fèk aprann li, anvan gwosès, pandan gwosès, ak apre gwosès.

Tansyon wo pandan gwosès: Tansyon wo pandan gwosès, ki gen ladan pre-eklanmsi ak tansyon wo ki devlope pandan gwosès la, ka ogmante risk pou gen maladi kè pi devan nan lavi. Si ou te gen youn nan pwoblèm sa yo, ekip nou an ka ede ou diminye risk ou pou maladi kè alontèm.

Risk pou fè maladi kè ak nan veso sangen pandan menopoz: Pandan nivo òmòn yo chanje pandan menopoz, gen plis risk pou soufri maladi kè. Nou ede pasyan yo konprann ak jere chanjman sa yo pou pwoteje sante kè yo pandan mitan lavi yo ak apre.

Sèvis espesyalize nou ofri yo

Mass General Brigham se yon rezo lopital ak sant swen nan kominote a. Rezo sa a gen de gwo lopital akademik li yo: Brigham and Women’s Hospital ak Massachusetts General Hospital. Atravè Linda Joy Pollin Women’s Heart Center nan Brigham ak Corrigan Minehan Heart Center nan Mass General, nou bay fanm yo swen pou maladi kè ak veso sangen espesyalize, pandan tout lavi yo.

Men kèk nan sèvis inik ki disponib pou pasyan nou yo:

Swen pou kè pandan gwosès ak apre akouchman

Ekip nou an, ki gen plizyè kalite espesyalis, ede moun ki gen pwoblèm kè pase gwosès ak peryòd apre akouchman an san danje. Doktè ki espesyalize nan maladi kè, swen pou manman ak tibebe pandan gwosès, ak anestezi kadyak travay ansanm pou bay moun ki ansent oswa k ap planifye yon gwosès swen ki fèt espesyalman pou yo. Nou espesyalize tou nan pran swen moun ki gen tansyon wo pandan gwosès, tankou pre-eklanmsi ak tansyon wo ki devlope pandan gwosès, epi nou ka ede pasyan yo aprann fason pou yo kenbe kè yo an sante, kounye a ak pou lavni.

Òmòn ak sante kè

Nou ede moun ki gen pwoblèm kè oswa ki gen risk pou pwoblèm kè epi ki bezwen konsèy sou tretman ak òmòn, planin ki gen òmòn, oswa chanjman ki rive pandan menopoz. Nou evalye risk chak moun, pataje enfòmasyon ki baze sou dènye rechèch yo, epi rekòmande tretman ki pi bon pou bezwen yo.

Swen pou diseksyon espontane atè kowonè (SCAD)

Noubay swen espesyal pou moun ki gen SCAD, epi ekip nou an gen ekspè nan maladi kè, imaj kadyak, maladi veso sangen, jenetik, sikoloji, ak egzèsis pou yon pi bon sante.

Nan sèvis sa a, pasyan yo jwenn:

  • Èd pou egzèsis ak gerizon: Nou bay konsèy sou egzèsis ki adapte ak bezwen moun ki aktif k ap reprann apre SCAD. Konsèy sa yo baze sou tès ki etidye fason kè ak poumon yo travay
  • Terapi ki konsantre sou moman prezan: Terapi ki ede chanje fason nou panse ak aji, ansanm ak teknik pou rete konsantre sou moman prezan an, ka ede moun refè pi byen apre SCAD. Pwogram nou an ofri sesyon CBT sou entènèt pou moun k ap viv nan Massachusetts.
  • Konsèy jenetik: Konsiltasyon jenetik pou evalye faktè risk potansyèl ou ka erite pou SCAD.
Kisa pou atann pandan vizit ou a

Anvan vizit ou a yon kowòdonatè pwogram ap kontakte ou pou aprann plis sou rezon ki fè ou bezwen swen epi ede mete ou an kontak ak bon espesyalis kè a. Si ou gen ansyen dosye medikal oswa rezilta tès pou kè, nou ankouje w pote yo pou nou, men li pa obligatwa.

Nan randevou ou a espesyalis kè ou a ap revize istwa sante pèsonèl ou ak istwa sante fanmi ou, li pral pale avèk ou sou sentòm ou yo ak objektif ou yo, epi li ka mande pou fè lòt tès pou li pi byen konprann sante kè ou. Tès sa yo ka gen ladan tès imaj espesyal pou gade kè a, tès pandan w ap fè egzèsis, oswa lòt ti pwosedi si doktè a wè sa nesesè.

Yon fwa ou fè pati pwogram swen pou kè fanm nan, ekip swen ou an ap travay avèk ou pou ede diminye risk pou ou soufri maladi kè epi ede ou rete an sante pou lontan. Plan swen ou a ka gen ladan chanjman nan fason ou viv, metòd prevansyon, oswa patisipe nan pwogram espesyal, w ap kontinye jwenn sipò nan vizit an pèsòn ak vizit vityèl yo.

Nan Mass General Brigham, objektif nou se bay swen espesyalize ki pran swen moun nan annantye, nou vle ede ou jwenn enfòmasyon, jwenn sipò, epi gen plis konfyans pou pwoteje sante kè ou.

N ap prepare lavni swen sante atravè rechèch

Nan Mass General Brigham, angajman nou se bay fanm yo pi bon swen pou kè yo atravè rechèch avanse ki ede nou konprann fason espesyal maladi kè ak veso sangen afekte fanm. Chèchè nou yo òganize epi patisipe nan esè klinik, yo itilize bazdone plizyè sant medikal, ak etid laboratwa ki ede chanje fason yo bay fanm yo swen.

Pwojè aktyèl yo enkli:

  • Bazdone iSCAD: Yon bazdone nasyonal ki kolekte done pasyan pou konprann pi pi byen konprann diseksyon espontane atè kowonè ak rezilta alontèm li yo.
  • Etid gVasc: Yon etid pou konprann faktè jenetik ki asosye ak diseksyon espontane atè kowonè.
  • Bazdone HOPE: Yon bazdone sou swen ak rezilta fanm ansent ki gen maladi kè pou idantifye metòd swen ki pi bon pou pasyan sa yo.
  • Esè REBIRTH: YYon etid klinik k ap teste bromocriptine, yon medikaman ki aktive dopamin, pou pasyan ki gen kadyomyopati peripatòm (yon pwoblèm nan misk kè ki ka rive pandan gwosès oswa apre akouchman).

Ekip nou yo kontinye fè nouvo dekouvèt atravè laboratwa rechèch espesyalize, tankou Lau Women’s Heart Health Lab, Honigberg Lab, ak Fahed Lab, ki konsantre sou jenetik, enflamasyon, ak diferans ki genyen ant gason ak fanm nan maladi kè ak veso sangen.

Anpil nan bazdone sa yo disponib pou pasyan ak lòt moun ki vle patisipe, sa k ap ede chèchè yo fè nouvo dekouvèt epi amelyore swen pou lavni.

Kesyon yo poze souvan sou sante kè lakay fanm

Ki sentòm maladi kè ki diferan lakay fanm?

Fanm ka gen siy maladi kè ki pa menm ak gason. Menm si doulè nan pwatrin pi komen, pifò fanm ka gen lòt sentòm tankou kè plen, gwo fatig, souf kout, vètij, doulè nan do, doulè nan machwè, oswa yon santiman enkyetid oswa malèz nan tout kò yo. Sentòm sa yo ka pa fasil pou wè epi pafwa moun ka pa rekonèt yo oswa yo ka panse se yon lòt pwoblèm.

Nan Mass General Brigham, espesyalis sante kè pou fanm yo fòme pou yo rekonèt diferans sa yo epi yo fè tès ak bay swen espesyal pou ede fanm jwenn bon dyagnostik ak bon tretman. Nou itilize zouti modèn pou nou jwenn siy pwoblèm kè bonè ak pou nou bay swen ki adapte ak bezwen chak fanm.

Èske pwoblè kè ka afekte gwosès?

Wi. Gen kèk moun ki ka devlope pwoblèm kè pou premye fwa pandan gwosès, alòske gen lòt moun ki te deja gen yon pwoblèm kè ki bezwen siveyans ak swen espesyal. Kè a travay pi di pandan gwosès, epi woblèm tankou tansyon wo, pwoblèm batman kè, oswa kadyomyopati (yon maladi ki afekte misk kè a) ka mete paran an ak tibebe a an danje si yo pa siveye yo kòmsadwa.

Pwogram swen pou maladi kè ak veso sangen, ak gwosès nou an nan Mass General Brigham bay swen espesyalize ki konekte ant plizyè espesyalis, tankou espesyalis kè, doktè medsin pou manman ak tibebe pandan gwosès, ak lòt espesyalis. Kit ou ansent oswa w ap planifye pou ansent, nou ka ede ou jere sante kè ou san danje epi avèk konfyans.

Èske òmòn yo afekte sante kè a?

Wi. Chanjman nan òmòn, tankou sa ki rive pandan menopoz, gwosès, oswa lè yon moun pran terapi òmòn, ka aji sou kolestewòl, tansyon, veso sangen yo, ak risk jeneral pou maladi kè. Pa egzanp, nivo estwojèn ki ap diminye pandan menopoz ka ogmante risk pou soufri maladi kè.

Ekip nan Mass General Brigham ki responsab sante kè pou fanm yo gen ladan espesyalis ki konprann relasyon konplike ki genyen ant òmòn ak sante kè. Cardiometabolic Health and Hormones Clinic nou an ede pasyan yo konprann risk yo epi jwenn konsèy ki adapte ak bezwen yo, k ap chèche konnen plis sou terapi òmòn oswa pandan gen chanjman òmòn k ap fèt nan lavi yo.

Pwoblèm sante kè lakay fanm

Espesyalis pou maladi kè ak veso sangen nou yo

Yon ekip espesyalis ap pran swen ou epi travay ansanm pou konprann pwoblèm kè ak veso sangen ou genyen yo, epi y ap kreye yon plan tretman ki fèt pou ou. Ekip sa a ka gen ladan doktè pou maladi kè, chirijyen ki trete maladi kè ak veso sangen, espesyalis ki fè pwosedi espesyal, doktè imajri medikal, ak enfimyè ki gen anpil eksperyans.
Yon imaj ki montre yon ekip swen.
primary
phone
866-644-8910
8666448910

Istwa pasyan

Fè sante kè pou fanm tounen yon priyorite

Aprann plis sou fason Mass General Brigham Sports SCAD Clinic lan, ki itilize metòd ki pi modèn yo, te ede Tara Benoit reprann lavi li apre li te fè yon diseksyon espontane atè kowonè (SCAD) lè li te gen 47 an.
Foto yon fi ki kanpe ak de timoun piti ki mete ekipman pou monte bisiklèt sou yo epi ki gen bisiklèt yo.
tertiary
internal-arrow
Li istwa Tara
/content/unified-xwalk/ht/patient-stories/taras-story-recovery-from-scad

Kontakte pwogram sante pou kè fanm nan

Rele nou pou pale ak yon manm ekip la ki ka ede ou konprann opsyon ou genyen yo epi ede ou jwenn swen ki apwopriye pou ou a. Gras ak lokal nou genyen toupatou nan New England yo ansanm ak sipò pou pasyan ki vwayaje soti deyò Etazini yo, nou fè li pi fasil pou jwenn swen ki kowòdone, nan men moun ki ekspè.
primary
phone
866-644-8910
8666448910
secondary
internal
Sèvis pou pasyan entènasyonal

Enfòmasyon kontak pou pasyan entènasyonal

/content/unified-xwalk/ht/patients-visitors/international/for-patients/contact