Pwogram Reyabilitasyon Poumon
617-983-7549
Amelyore kalite lavi ou
Souf kout ki koze pa maladi poumon ka fè li difisil pou ou fè menm travay ki pi senp yo. Reyabilitasyon poumon ede w respire pi byen pou w ka mennen yon lavi ki pi aktif epi ki pi alèz.
Doktè ak terapis nou yo, ki devwe nan travay yo, ofri w sipò pèsonalize ansanm ak zouti ou bezwen pou pi byen jere kondisyon sante w. Nou anseye w teknik respirasyon, egzèsis, ak konpetans ki gen rapò ak fason w ap viv pou amelyore kalite lavi w.
Apwòch nou anvè reyabilitasyon poumon
Reyabilitasyon poumon ba ou pouvwa pou w pran anmen men sante sistèm respiratwa w avèk estrateji ki fè prèv yo. Nou swiv pwogrè ou pandan tout pwosesis reyabilitasyon an. Benefis reyabilitasyon poumon yo enkli:
- Diminye souf kout
- Amelyorasyon nan byennèt
- Mwens ospitalizasyon ak ijans medikal
- Pi gwo kapasite pou tolere egzèsis
Pwogram nou an kouvri plis pase respirasyon ak egzèsis. Nou ba ou zouti ou bezwen pou jere sante respiratwa ou. Sesyon edikatif nou yo kouvri sijè pou ede ou navige nan lavi chak jou, ki gen ladan:
- Konsèvasyon enèji
- Anatomi poumon
- Jere medikaman
- Nitrisyon ak estrateji repa pou pi bon respirasyon
- Terapi oksijèn
- Jere estrès pou diminye sentòm
- Konsèy vwayaj
Egzèsis ka amelyore fleksibilite ou, fòs ou, ak andirans kadyopilmonè. Plan ou an ka gen ladan yon konbinezon egzèsis detire, antrènman pou ranfòse misk, ak egzèsis ayewobik.
Nou kontwole siy vital ou yo pandan chak sesyon, tankou nivo oksijèn ou, batman kè ou, tansyon ou, ak fason ou ap respire. Si ou bezwen oksijèn, nou ajiste nivo oksijèn ou selon bezwen ou pandan tout sesyon an.
Kondisyon ak tretman poumon
- Pulmonary Hypertension
- Emphysema
- Chronic Bronchitis
- Shortness of Breath (Dyspnea)
- Interstitial Lung Disease (ILD)
- Idiopathic Pulmonary Fibrosis (IPF)
- Bronchiectasis
- Long COVID General Info
- Cystic Fibrosis Overview
- Pulmonary Sarcoidosis
- Pneumoconiosis
- Asthma and COPD
- Pulmonary Function Tests
- Cardiopulmonary Exercise Test (CPET)
- Pursed-Lip Breathing
- Pulse Oximetry
- Using a Positive Expiratory Pressure (PEP) Device
- Using an Incentive Spirometer
- Postural Drainage
- Nebulizer
- Peak Flow Measurement
- Bronchodilator Reversibility Testing
Espesyalis nou yo
617-983-7549
Kontakte Pwogram Reyabilitasyon Poumon an.
617-983-7549
Sèvis Pasyan Entènasyonal
Enfòmasyon kontak pou pasyan entènasyonal