false
Pwogram Medsin Siklis
Pwogram medsin siklis nou an gen yon ekip varye ki gen ladan klinisyen, terapet ak ekspè siklis ki travay ansanm pou evalye ak trete blesi ki gen rapò ak siklis.
primary
phone
617-952-5050
7814319144
Ekspètiz nan medsin siklis
Espesyalis medsin siklis nou yo ofri terapi fizik, travay kò, pwosedi entèvansyon, ak ajisteman bisiklèt. Yo ka devlope tou yon plan pèsonalize pou sipòte pèfòmans ou ak gide evalyasyon adisyonèl pou kondisyon konplèks oswa kondisyon ki pa klè.
Objektif nou se amelyore konpreyansyon ou sou biyomekanik bisiklèt, prevansyon blesi, ogmante pèfòmans, epi diminye malèz ak kantite tan ou pa ka monte bisiklèt.
center
tertiary
internal-arrow
Yon pati nan medsin fizik ak reyabilitasyon
Apwòch nou nan medsin siklis
Avèk yon konbinezon pwofesyonèl byen fòme ansanm ak tretman reyabilitasyon avanse ak rechèch, nou la pou fè yon diferans nan lavi ou epi ede w trase wout byennèt la.
Yon evalyasyon detaye sou bezwen ou kòm siklis
Nou pral evalye fòs misk ou, fleksibilite, ajisteman bisiklèt ou, ak teknik monte ou. Evalyasyon an fèt pou bay dyagnostik espesifik pou siklis ki konpetitif, triatlèt ak amatè siklis. Apre evalyasyon an, nou pral kreye yon plan pèsonalize pou ede ou reyalize objektif rekiperasyon ak pèfòmans ou.
Tretman vize ak terapi pou kondisyon ki gen rapò ak siklis
Nou bay swen espesyalize pou siklis ak triatlèt, ki enkli :
- Evalyasyon biyomekanik pa yon terapis fizik ki espesyalize nan medsin siklis.
- Plan tretman endividyèl pou siklis ak triatlèt ki vize amelyorasyon pèfòmans.
- Evalyasyon ak jesyon blesi akut ak kwonik ki gen rapò ak monte bisiklèt.
- Dyagnostik blesi miskiloskelèt avèk èd ultrason.
- Piki avèk èd ultrason.
- Piki nan pwen deklanche (trigger point).
- Piki plasma ki rich nan plakèt (PRP).
- Akupunktur
- Terapi manyèl.
- Egzèsis terapetik.
- Reyedikasyon mouvman.
- Kinesiotaping.
Kolaborasyon pou optimize ajisteman bisiklèt ou ak pèfòmans ou
Nou kolabore ak boutik bisiklèt lokal ak fabrikan bisiklèt koutim pou sipòte ajisteman ki apwopriye, konfò, ak pèfòmans, ede ou jwenn plis nan eksperyans monte ou.
Aksè a rechèch ki konsantre sou siklism la
Ou ka gen opòtinite pou patisipe nan rechèch espesyalize sou siklis ki vize amelyore pèfòmans, prevansyon blesi, ak rekiperasyon. Etid sa yo ede avanse konpreyansyon sou sante ki gen rapò ak monte bisiklèt epi yo ka ofri aksè a nouvo apwòch nan swen.
Kondisyon ak tretman medsin siklis yo
- Knee Pain
- Neck Pain
- Tendonitis
- Concussion
- Sprains Wrist
- Low Back Pain
- Iliotibial Band Syndrome
- Patellar Tendonitis (Jumper's Knee)
- Overuse Injuries
- Knee Arthritis
- Achilles Tendon Injuries
- Shoulder Impingement Syndrome
- RICE
- Cold Therapy
- Protection, Rest, Ice, Compression, and Elevation (PRICE)
- Platelet-Rich Plasma for Musculoskeletal Injuries and Conditions
- Corticosteroid Shots
- Treating Strains and Sprains
- Ankle Sprains
- Knee Arthroscopy
Espesyalis nou yo
Kèlkeswa ki maladi oswa kondisyon ou genyen, Mass General Brigham gen espesyalis tou pre ou ki ka ede.
primary
phone
617-952-5050
6179525050
Kontakte Pwogram Medsin Siklis la
Rele nou pou pale ak yon manm ekip ki ka ede ou konprann opsyon ou yo ak gide ou nan swen ki apwopriye pou ou. Avèk plizyè etablisman nan tout New England ak sipò pou pasyan k ap soti andeyò Etazini, nou fè li pi fasil pou yo jwenn swen kowdoòne ak ekspè.
primary
phone
617-952-5050
6179525050
secondary
internal
Sèvis Pasyan Entènasyonal
Enfòmasyon kontak pou pasyan entènasyonal