false

Pwogram Alèji Anviwònman

Reyaksyon alèjik ak polèn, pousyè, mwazi, bèt kay, ak lòt alèji anviwònman ka fè li difisil pou fè bagay ou renmen yo. Espesyalis alèji nou yo ofri dènye terapi yo pou trete alèji rinit (rim fwen) ak ankouraje yon pi bon kalite lavi.

Swen ekspè pou alèji sezonye ak anviwònman

Yon alèji anviwònman rive lè ou reaji ak sibstans nan anviwònman ou, tankou polèn, pousyè, ak mwazi. Reyaksyon alèjik sa yo (ki pi souvan konnen kòm rim fwen oswa rinit alèjik) ka afekte respirasyon w ak lakòz gratèl sou po. Nan Pwogram Alèji Anviwònman nou an, espesyalis alèji nou yo (alèjist) dyagnostike ak trete tout kalite alèji.

Ekip nou an gen ekspètiz espesyal nan jere alèji ki inik nan klima, plant, ak bèt New England.

center
tertiary
internal-arrow
Pati nan Alèji ak Iminoloji Klinik

Aprann plis sou alèji ak imyunoloji klinik nan Mass General Brigham

/content/unified-xwalk/ht/services/allergy-immunology

Apwòch nou nan swen alèji anviwònman

Alèjist nou yo jere avèk ekspètiz tout kalite alèji sezonye ak anviwònman. Ekspè sa yo ka kolabore ak dermatològ ak doktè zòrèy, nen, ak gòj (ENT).
Èd pou tout kalite alèji anviwònman

Nou dyagnostike ak trete reyaksyon alèjik ak divès alèjèn anviwònman, ki gen ladan:

  • Irritan anviwònman, tankou pwodwi chimik, parfen, polisyon, ak lafimen
  • Alèjèn sezonye, tankou espò mwazi ak polèn
  • Alèjèn tout ane (perèn) tankou ti pousyè, mwazi, po bèt, ak ravèt
Swen plizyè domèn pou kondisyon ki asosye

Espesyalis alèji nou yo kolabore ak doktè zòrèy, nen, ak gòj (ENT), dematològ, ak lòt espesyalis pou jere kondisyon ki souvan rive ak alèji anviwònman. Kondisyon sa yo gen ladan:

  • Opresyon
  • Enfeksyon sinis kwonik (sinizit)
  • Ekzema ak lòt kondisyon po
  • Rinit ki pa bay alèji
  • Sendwòm alèji oral
Tout seri tès alèji

Nou fè tès konplè pou dyagnostike alèji anviwònman ak kondisyon ki asosye. Tès yo ka gen ladan:

  • Tès san
  • Tès respirasyon
  • Imaj medikal
  • Tès pike po

Kondisyon ak tretman ki gen rapò

Espesyalis alèji nou yo jere rinit alèjik (rim fwen) ki rive akòz ekspoze a alèjen anviwònman yo. Nou idantifye kòz alèji yo epi nou ofri tretman avanse, tankou iminoterapi alèjen, pou soulaje sentòm yo ak amelyore kalite lavi w.

Espesyalis nou yo

Kèlkeswa maladi oswa kondisyon ou genyen, Mass General Brigham gen espesyalis ki tou pre w ki ka ede.
Yon ilistrasyon yon ekip swen.
primary
phone
617-726-3850
6177263850