false

Sèvis Maladi Moun pran nan Travay ak Anviwònman

Sèvis Maladi Moun pran nan Travay ak Anviwònman an ofri sèvis sante pou poumon pou moun ki ekspoze a toksin nan travay oswa nan kominote a.
primary
phone
844-294-5864

Rele Sèvis Maladi Moun pran nan Travay ak Anviwònman an nan 844-294-5864.

8442945864

Kosènan pwogram sa a

Maladi poumon ki gen rapò ak okipasyon ak anviwònman se yon gwoup maladi ki rive akoz moun lan ekspoze plizyè fwa, pandan lontan ak yon sèl kontak grav ak sibstans toksik oswa iritan ke li respire ki antre nan poumon yo. Maladi respiratwa sa yo ka rive akòz yon metye espesifik, oswa yo ka koze oubyen vin pi grav lè yon moun ekspoze ak danje chimik, fizik, oswa biyolojik nan travay li oswa nan lòt anviwònman. Maladi poumon ki pi komen ki gen rapò ak travay ak anviwònman gen ladan:  azbestoz,  opresyon,  maladi poumon obstriktif kwonik (COPD) , maladi poumon entèstisyèl (ILD),  ak mezotelyòm.

Nemològ ak chirijyen lestomak ki gen sètifikasyon pwofesyonèl nan Mass General Brigham Lung Center (Sant Poumon Mass General Brgham) yo, ki fòme nan medsin travay, etid sou maladi nan popilasyon (epidemyoloji) ak sante anviwònman, bay evalyasyon, dyagnostik ak tretman konplè pou moun ki gen efè negatif sou sante yo apre yo fin ekspoze ak divès danje nan travay oswa nan anviwònman yo. Eksperyans klinik nou an ak kolaborasyon ak espesyalis nan Mass General Brigham bay yon dyagnostik egzakt ak yon plan tretman ki byen kowòdone pou pasyan yo.

Nou tou fè pasyan ak fanmi yo konnen danje sante anviònman pou diminye ak anpeche maladi ki gen rapò, epi nou bay referans pou pasyan yo bay Pwogram Reyabilitasyon Poumon jan sa nesesè. Syantis doktè nan Sant Rechèch Poumon te fè anpil etid revolisyonè ki konsantre sou lyen ki genyen ant anviwònman travay, lekòl ak lavi ki pa an sante ak maladi poumon.  Pwogram Mezotelyom Entènasyonal se pi gwo sant swen ak rechèch nan mond lan ki dedye sèlman ak kansè mezotelyom.

Pati nan Swen Poumon

Ki sa ki maladi poumon ki soti nan okipasyon ak anviwònman an?

Maladi poumon okipasyon ak anviwònman yo rive nan respire iritan chimik, alèjèn oswa toksin nan anviwònman travay oswa lakay. Pifò maladi yo rive nan ekspozisyon plizyè fwa, pandan lontan, men menm yon sèl kontak oswa kontak endirèk ak yon ajan danjere ka lakoz maladi poumon ki gen efè dirab.

Kreyasyon ajans ki responsab pou mete règ yo an plas ak aplikasyon mezi kontwòl pousyè yo fè kantite maladi sa yo bese anpil. Sepandan, anpil moun toujou ap soufri ak maladi poumon ki gen rapò ak faktè nan anviwònman an. Nan pifò ka, maladi sa yo soti nan ekspoze ak pousyè ki pa òganik pandan fabrikasyon, pwosesis oswa min (nemokonyoz). Lòt maladi poumon yo ki komen nan travay se:

  • Azbestoz
  • Opresyon  moun pran nan travay
  • Bisinoz
  • Nemokonyoz travayè chabon (maladi poumon nwa)
  • Maladi poumon obstriktif kwonik (COPD)
  • Nemonit ipèsensitè
  • Maladi poumon entèstisèl (ILD)
  • Mezotelyom
  • Silikoz

Nemonològ ak chirijyen lestomak ki espesyalize nan sante poumon okipasyon ak anviwònman nan Mass General Brigham bay swen konplè pou pasyan ki gen maladi poumon okipasyon ak anviwònman. Ekspètiz yo ak kolaborasyon yo ak lòt espesyalis nan Mass General Brigham bay pasyan yo yon dyagnostik ki egzakt ak yon plan tretman ki byen kowòdone.

Ki faktè risk pou maladi poumon ki soti nan okipasyon ak anviwònman?

Faktè ki kontribye nan yon ogmantasyon risk pou maladi poumon ki soti nan okipasyon ak anviwònman yo se :

  • Ekspoze ak pwodwi chimik , pousyè ak fib ki pa sekirize nan travay.
  • Fimen oswa ekspoze souvan ak lafimen moun k ap fimen
Ki sa ki koz maladi poumon ki soti nan okipasyon ak anviwònman an?

Maladi poumon ki soti nan travay ak anviwònman yo ka koze oswa agrave nan ekspoze ak:

  • Asenik
  • Azbes
  • BCME (Bis(chloromethyl) ether)
  • Beryli
  • Kadmyòm
  • Krom
  • Pousyè chabon
  • Egzo dizèl
  • Flock
  • Nanopatik
  • Nikèl
  • Hidwokabòn aromatik polikiklik
  • Silika
  • Lafimen tabak
Ki sentòm maladi poumon ki soti nan okipasyon ak anviwònman yo?

Sentòm ki pi komen nan maladi poumon ki soti nan okipasyon ak anviwònman yo se:

  • Doulè nan pwatrin
  • presyon sou lestomak
  • Touse
  • Modèl respirasyon iregilye
  • Souf kout ki vin pi mal lè w ap bouje (dyspne).
Kijan maladi poumon ki soti nan okipasyon ak anviwònman yo dyagnostike?

Doktè ou ap revize istwa medikal ou ak fè yon egzamen fizik pou detèmine koz maladi poumon ou ki soti nan travay oswa anviwònman. Li ka tou mande lòt ès, tankou :

  • Etid biyochimik ak selil sou likid, tisi ak selil poumon
  • Tès san
  • Bronkoskopi
  • Radyografi lestomak
  • Tomografi sou òdinatè (CT)
  • Tès sou fonksyòman poumon
Ki tretman ki egziste pou maladi poumon moun pran travay ak anviwònman?

Pandan pa gen okenn remèd pou majorite maladi poumon moun travay ak anviwònman, espesyalis nou yo ap travay avèk ou pou jere sentòm ou yo ak anpeche ou plis ekspoze.

Doktè ou ka rekòmande pou ou:

  • Sispann fimen
  • Pote mask pwoteksyon lè w bò kote pousyè ak iritan ki nan lè a
  • Evalye fonksyon poumon ak epiwometri selon enstriksyon doktè w la pou w abitye ak fonksyònman poumon ou ak veye chanjman
  • Manje yon rejim alimantè ki byen ekilibre, fè egzèsis regilyèman ak dòmi anpil
  • Anplwaye yon ekspè nan sante travay pou etidye anviwònman travay ou
  • Terapi oksijèn lè sa nesesè

Dapre maladi poumon ou, doktè ou a ka preskri w antihistamin pou trete alèji oswa bronkodilatè pou ouvri pasaj poumon yo. Yon transplantasyon poumon ka nesesè nan ka ki pi grav.

Kisa ou ta dwe atann pou swen maladi poumon moun pran nan travay ak anviwònman?

Yon ekip ki gen plizyè espesyalis nan plizyè branch ap travay avèk ou nan chak etap, depi dyagnostik la rive nan evalyasyon, pou kreye yon plan tretman ki byen kowòdone ak konplè. Metòd san parèy nou an nou an bay konsiltasyon menm jou ak plizyè espesyalis epi li fasilite swen ki baze sou ekspètiz san kanpe. Yo pral kontwole ak jere kondisyon medikal ou avèk anpil atansyon pou asire pi bon fonksyònman poumon epi amelyore kalite lavi ou.

Si ou bezwen operasyon, ou pral rankontre ak ekip swen sante ou an premye pou enfòmasyon ak tès preparasyon pou operasyon. Nan jou operasyon w lan, ou pral resevwa swen nan men chirijyen, anestezis ak enfimyè ki espesyalize nan chiriji lestomak ak pwosedi poumon entèvansyon. Apre operasyon an, ou pral refè nan inite swen aprè operasyon nan lestomak nou an kote ou pral resevwa swen konplè nan men yon ekip chirijikal ak enfimyè ki gen eksperyans.

Ki moun ki trete maladi poumon moun n pran nan travay ak anviwònman?

Pasyan ki gen maladi poumon li pran nan travay ak anviwònman benefisye de yon bann espesyalis nan  Mass General Brigham, tankou chirijyen lestomak, onkològ, pilmonològ ak ekspè nan imaj. Kolaborasyon sa a asire dyagnostik konplè ak tretman espesifik pou pasyan yo.

Se yon chirijyen ki gen eksperyans ke konsèy administrasyon an sètifye- k ap fè nenpòt operasyon oswa pwosedi ki rekòmande, an kolaborasyon avèk ekip tretman an ki gen ladan enfimyè ak asistan doktè, tout moun ki espesyalize nan pran swen pasyan ki gen maladi poumon moun pran nan okipasyon ak anviwònman.

Espesyalis nou yo

Kèlkeswa maladi oswa kondisyon ou genyen, Mass General Brigham gen espesyalis ki tou pre ou ki ka ede.
Yon ilistrasyon yon ekip swen.
primary
phone
844-294-5864

Rele Sèvis Maladi Moun pran nan Travay ak Anviwònman an nan 844-294-5864.

8442945864

Kontakte Sèvis Maladi Moun Pran nan Okipasyon ak Anviwònman an

Rele nou pou pale ak yon manm ekip ki ka ede ou konprann opsyon ou yo ak gide ou nan swen ki apwopriye pou ou. Avèk etablisman nan tout New England ak sipò pou pasyan k ap soti andeyò Etazini, nou rann li pi fasil pou yo jwenn swen kowòdone ak ekspè.
primary
phone
844-294-5864

Rele Sèvis Maladi moun pran nan Travay ak Anviwònman an nan 844-294-5864.

8442945864
secondary
internal
Sèvis Pasyan Entènasyonal

Enfòmasyon kontak pou pasyan entènasyonal

/content/unified-xwalk/ht/patients-visitors/international/for-patients/contact