Alèji ak Iminoloji Klinik
Swen ekspè pou maladi alèjik ak defisyans iminitè.
Maladi alèjik rive lè sistèm iminitè a reyaji ak sibstans ki anjeneral inofansif, tankou manje, polèn, oswa medikaman. Iminodefisyans rive lè sistèm iminitè a pa fonksyone byen. Sa ka fè li pi difisil pou kò a konbat enfeksyon epi li ka lakoz maladi ki parèt pi souvan oswa ki pi grav.
Nan Mass General Brigham, espesyalis alèji ak iminoloji klinik ki gen sètifikasyon nan komisyon nou yo ofri pwogram dedye, tès dyagnostik avanse, ak swen ekspè ki kowòdone nan espesyalite pou bay granmoun ak timoun tretman ki pi efikas ki disponib pou maladi alèjik ak defisyans iminitè.
Metòd nou nan swen alèji ak defisyans iminitè
Tout pasyan resevwa yon premye konsiltasyon konplè ak yon doktè ki gen ekspètiz nan pwoblèm klinik ou an. Sa a gen ladan l tès dyagnostik espesyalize, tankou tès po oswa tès san, pou evalye pwobabilite ak koz alèji a. Ou resevwa yon plan tretman ki adapte pou ou.
Doktè ak enfimyè nou yo gen anpil eksperyans nan jere tout kalite maladi alèjik ak defisyans iminitè. Yo kolabore tou sere ak espesyalis atravè Mass General Brigham pou delivre swen avèk espesyalis nan diferan branch san pwoblèm pou granmoun ak timoun.
Nou bay yon seri sèvis dyagnostik konplè pou dyagnostike, siveye, ak jere alèji ak iminodefisyans, ki gen ladan:
- Tès po pou alèji
- Tès plak sou po
- Tès kote yo fè ou pran ti kantite manje oswa medikaman pou verifye si ou gen reyaksyon
- Tès pou evalye fonksyònman poumon
- Desansibilizasyon (yon tretman ki ede kò a vin mwens sansib ak yon alèjèn espesifik)
Ou benefisye aksè ak tretman ki pi avanse yo, esèy klinik, ak etid ki pa disponib lòt kote.
Mass General Brigham gen yon istwa rich nan rechèch alèji ak iminoloji, depi 1919. Patisipasyon nou nan gwo etid enpòtan sou “piki alèji” yo chanje anpil fason doktè trete alèji jodi a. Nou te kontribye tou nan dekouvèt leukotrièn yo, ki se sibstans chimik nan kò a ki ka lakòz anflamasyon nan vwa respirasyon yo ak souf anlè, sa ki te mennen nan nouvo opsyon tretman pou opresyon.
Jodi a, ekip nou yo dirije esèy klinik pou konprann koz maladi alèjik ak iminitè, epi amelyore fason yo dyagnostike ak trete yo.
Maladi ak tretman alèji ak iminoloji
- Food Allergy
- Allergic Rhinitis
- Anaphylaxis
- Hives (Urticaria)
- Asthma (Adult)
- Angioedema
- Atopic Dermatitis
- Eosinophilic Esophagitis (EoE)
- Common Variable Immunodeficiency
- IgG Deficiency
- Immunoglobulin A Deficiency
- X-Linked Agammaglobulinemia
- Sinusitis
- Nasal Polyps
- Diagnostic Tests for Allergies
- Allergy Shots (Immunotherapy)
- Over-the-Counter Allergy Medicines
- Epinephrine Autoinjector
- Asthma Controller Medications
- Asthma Medicine
- Quantitative Immunoglobulins
- Pulmonary Function Tests
- Bronchodilator Reversibility Testing
- Inhaled Corticosteroids for Asthma Control
- Inhalers and Nebulizers for Asthma
Espesyalis nou yo
Jwenn yon espesyalis alèji ak iminoloji
Swen espesyalize tou pre ou
Gade etablisman alèji ak iminoloji
Fè don pou Alèji ak Imunoloji
Kontakte Alèji ak Iminoloji Klinik
Jwenn yon espesyalis
Jwenn yon espesyalis alèji ak iminoloji
Gade etablisman yo
Gade etablisman alèji ak iminoloji
Sèvis pou Pasyan Entènasyonal yo
Enfòmasyon kontak pou pasyan entènasyonal