false

Pwogram tretman fibwòm

Pwogram Mass General Brigham nan ki fèt pou dyagnostike ak trete fanm ki gen fibwòm nan matris yo a bay pasyan yo aksè a yon ekip espesyalis nan plizyè domèn ki travay ansanm pou yo ofri diferan kalite opsyon tretman.

Tretman modèn pou fibwòm, ki itilize teknoloji non-envazif

Fibwòm nan matris yo se mas ki komen, ki pa kansè, ki devlope nan matris la ki ka lakòz fi a senyen anpil oswa pandan anpil tan lè li gen règ li, li ka lakòz doulè oswa malèz anba ti vant, pipi souvan, epi pwoblèm pou fè pitit.

Nan Mass General Brigham, ou resevwa swen pèsonalize nan men yon ekip ekspè nan domèn jinekoloji ak radyoloji entèvansyonèl. Ekip swen ou an pran tan pou li konprann sentòm ou yo, sante jeneral ou, ak objektif ou genyen pou fè timoun. Dapre bezwen ou yo, tretman an ka enkli siveyans, pwosedi minimòm envazif, oswa operasyon.

center
tertiary
internal-arrow
Yon pati nan sèvis obstetrik ak jinekoloji a
/content/unified-xwalk/ht/services/obstetrics-gynecology

Swen pèsonalize nou an

Pasyan nou yo resevwa swen nan men yon ekip espesyalis ki nan plizyè domèn, ki gen ladan:

  • Espesyalis pou pwoblèm pa ka fè timoun
  • Jinekològ
  • Chirijyen jinekològ
  • Radyològ entèvansyonèl
  • Radyològ ki espesyalize nan lekti eskanè pou vant

Ekip nou antravay ansanm pou yo kreye yon plan swen ki adapte ak bezwen medikal ak abitid ki bon pou sante chak pasyan. Apwòch sa a ka pèmèt yo jwenn yon dyagnostik ak tretman nan yon delè ki pi kout, sa ki ede pasyan nou yo retounen nan aktivite yo pi rapid.

Pou fanm ki nan laj pou fè timoun, pwogram nan ofri operasyon ki pa twò envazif pou yo kontinye gen posibilite pou yo fè timoun. Pou fanm ki pa vle ansent, gen pwosedi ki pa twò envazif, yo fè gras ak imajri, ki disponib tou.

Apwòch nou pou tretman fibwòm

Opsyon tretman yo

Fanm ki gen fibwòm nan matris gen plizyè opsyon tretman, ki gen ladan:

  • Peryòd obsèvasyon espesyalis yo fè ansanm ak swivi regilye anvan yo chwazi yon tretman
  • Anbolizasyon fibwòm nan matris (UFE) ke radyològ entèvansyonèl yo fè: yon pwosedi minimòm envazif yo fè pou bloke kantite san fibwòm yo resevwa pou fibwòm yo vin pi piti

Operasyon chirijyen ki espesyalize nan jinekoloji fè, ki gen ladan:

  • Myomektomi, oswa yon terapi chirijikal konsèvatif kote yo retire fibwòm nan san yo pa retire matris la. Sa ka pèmèt gen yon gwosès nan lavni
  • Isterektomi, oswa operasyon pou retire tout matris la. Fibwòm se rezon prensipal rezon ki lakòz yo fè isterektomi Ozetazini.
Kisa pou atann

Pandan premye konsiltasyon an, ekip nou an pran tan yo pou yo evalye sante pasyan ak pou yo byen konprann sitiyasyon medikal yo. Yo rankontre youn-a-youn ak espesyalis pou yo aprann sou opsyon yo ak pou yo chwazi yon apwòch ki pi apwopriye pou yo.

Enfimyè kowòdonatè nou an pran tout aspè swen pasyan anchaj. Li disponib pou pwograme randevou epi mete pasyan yo an kontak ak resous yo, ki gen ladan sèvis tradiksyon ak kowòdonatè finansye.

Plis enfòmasyon sou anbolizasyon fibwòm nan matris (UFE)

Kisa anbolizasyon fibwòm nan matris ye?

Anbolizasyon fibwòm nan matris (UFE), pafwa yo rele anbolizasyon atè matris la (UAE), se yon pwosedi minimòm envazif yo fè pou bloke kantite san fibwòm yo resevwa pou fibwòm yo vin pi piti. UFE se yon lòt chwa tretman anplis lòt opsyon ki genyen yo, tankou terapi òmòn oswa operasyon.

Kijan pou prepare pou anbolizasyon fibwòm nan matris

  • Konsiltasyon: Anvan randevou UFE ou a, nou pral pran imaj matris la avèk MRI oswa ekografi pou nou asire nou si se fibwòm yo ki lakòz sentòm ou yo. Sa ede nou evalye konplètman gwosè, kantite ak kote fibwòm yo ye. Jinekològ ou ka fè yon egzamen dirèk sou matris la lè li fè yon lapawoskopi. Si senyen se yon sentòm prensipal, yo ka fè yon biyopsi andomèt la pou tcheke si se pa yon kansè.
  • Lè ou rive: Lè pou rive a varye selon pwosedi a. N ap di ou a ki lè pou rive lè ou pran randevou ou a.
  • Manje: Tanpri, pa manje manje solid, sirèt oswa chiklèt apre 10 è nan aswè, nan lannwit anvan pwosedi ou a. Nou ka oblije reprograme pwosedi ou a si ou manje nan lè sa.
  • Bwè: Tanpri, bwè likid klè sèlman apre 10 è nan aswè, nan lannwit anvan pwosedi ou a. Pou ou rete idrate, bwè youn oswa de gwo vè dlo chak inèdtan jiska dezèdtan pandan ou reveye. Tanpri, sispann bwè nenpòt bagay twa èdtan anvan pwosedi ou a.
  • Medikaman: Tanpri, pran medikaman ou yo nan lè ou konn pran yo a avèk yon gòje dlo. Si nan momam w ap pran nenpòt medikaman pou anpeche san fè boul, tankou Coumadin®, Eliquis® oswa Plavix®, tanpri rele doktè ki refere ou a pou konnen si ou dwe kontinye pran medikaman ou yo omwen senk jou anvan pwosedi ou a.
  • Gwosès: Tanpri fè nou konnen si gen nenpòt chans pou ou ta ansent. An jeneral, nou pa fè egzamen imajri pandan gwosès paske radyasyon an ka yon danje pou fetis la. Si li nesesè pou nou fè yon radyografi, n ap pran prekosyon ki nesesè pou tibebe a pa ekspoze twòp ak radyasyon yo.

Kisa k ap pase apre anbolizasyon fibwòm nan matris la?

Moun ki sibi anbolizasyon fibwòm nan matris ap gen diferan nivo doulè ak malèz nan basen an. Malèz la pi grav nan premye 24 èdtan yo apresa li diminye ofiramezi nan pwochen youn a de semèn yo. Pandan jou sa yo, gen kèk pasyan ki santi  fatig lejè oswa modere tou.

Pasyan yo pa oblije entène pou majorite nan pwosedi sa yo, men nan sèten ka, gen kèk pasyan yo ka entène pou yon nwit si malèz la pa soulaje anvan yo kite lopital la.