false
Jinekoloji Jeneral
Ekip jinekoloji jeneral nou an sipòte fanm ak moun ki te fèt kòm fi pandan tout etap nan lavi yo. Nou koute enkyetid ou yo epi nou travay avèk ou pou kreye plan swen pèsonalize pou pwoblèm jinekolojik komen ak konplèks.
Eksperyans ak konpetans ki rekonèt atravè lemond nan swen jinekolojik
Nan Mass General Brigham, ekspè jinekoloji jeneral nou yo bay swen konplè, ki santre sou pasyan an, ak dènye tretman yo pou avanse sante repwodiktif ak chwa. Pandan plis pase yon syèk, kalite swen nou bay ak rechèch revolisyonè nou yo fè nou vin youn nan lidè mondyal nan domèn sante repwodiktif. Brigham and Women’s Hospital klase #2 nan nasyon an pou Obstetrik ak Jinekoloji pa U.S. News and World Report.
center
tertiary
internal-arrow
Yon pati nan Depatman Obstetrik ak Jinekoloji
Yon apwòch konplè nan swen jinekolojik
Ekip jinekoloji jeneral nou an, ki rekonèt entènasyonalman, bay swen ki baze sou rechèch ak santre sou pasyan pandan tout etap lavi.
Swen ki byen kowòdone ak kolaborasyon plizyè espesyalis
Nou kowòdone tout aspè swen ou, depi egzamen woutin jiska imaj, tretman, ak swivi. Jinekolojis nou yo travay ansanm pou bay pi bon kalite swen ak espesyalis nan diferan disiplin, tankou:
- Jinekoloji adolesan
- Kansè (onkoloji)
- Planifikasyon familyal konplèks
- Jenetik
- Imajeri (radyoloji)
- Enfètilite (andokrinoloji repwodiktif)
- Medsin matènèl-fetal
- Matwòn
- Jinekoloji minimman envasif
- Nitrisyon
- Obstetrik
- Operasyon rekonstriksyon
- Travay sosyal
- Sante transjandè
- Urojinekoloji
Swen regilye, tès depistaj pou prevansyon kansè, ak egzamen imaj pou dyagnostik
Jinekolojis nou yo fè egzamen tete ak pelvik woutin, ki gen ladan Pap smear ak tès viris papilom imen (HPV). Lè sa nesesè, nou bay sèvis dyagnostik avanse, ki gen ladan:
- Kolposkopi
- Sistoskopi
- Eskanè CT
- Laparoskopi dyagnostik
- Isteroskopi
- Mamografi
- MRI
- Tomografi pa emisyon pozitwon (PET)
- Ultrasòn
Operasyon jinekolojik ki mande mwens entèvansyon
Si operasyon vin fè pati swen ou, ekspè nou yo itilize teknik minimòm envazif chak fwa sa posib. Apwòch sa yo diminye doulè, pèt san, ak mak, sa ki pèmèt yon rekiperasyon pi fasil ak yon retou pi rapid nan aktivite chak jou.
Aksè ak espesyalis nan planifikasyon familyal ki la pou akonpaye w
Sèvis planifikasyon fanmi edikatif ak sipò nou yo respekte chwa pèsonèl ou. Nou ofri:
- Swen avòtman
- Planifikasyon kontrasepsyon
- Evalyasyon inisyal enfètilite
- Konsiltasyon anvan konsepsyon
- Sipò apre tout kalite pèt gwosès, enkli gwosès ektopik ak foskouch
Swen repwodiktif ki gen konpasyon atravè tout kilti
Nou angaje nan bay swen kalite pou moun nan tout kilti ak kominote nan yon anviwònman ki an sekirite ak respekte. Ekip nou an Ekip nou an gen plizyè kilti epi li pale plizyè lang. Pwogram Sante Fanm Afriken nou an se premye epi sèl grenn sèvis sante nan peyi a ki espesyalize nan swen pou imigran ak refijye afriken ki te sibi mutilasyon jenital fi (FGC). Nou ka ofri entèprèt medikal pwofesyonèl nan chak randevou, si sa nesesè.
Kondisyon ak tretman ki gen rapò
Kòm yon pwogram jinekoloji ki rekonèt entènasyonalman, nou ofri swen konplè pou tout bezwen sante repwodiktif—soti nan pwoblèm òdinè rive nan kondisyon konplèks.
- Endometriosis
- Uterine Fibroids
- Vaginitis
- Bacterial Vaginosis
- Pelvic Inflammatory Disease
- Yeast Infection (Candida Vaginal Infection)
- Amenorrhea
- When You Have an Abnormal Pap Test
- Ectopic Pregnancy
- Introduction to Menopause
- Perimenopause
- Ovarian Cysts
- Painful Periods (Dysmenorrhea)
- Pelvic Pain
- Premenstrual Dysphoric Disorder (PMDD)
- Sexually Transmitted Infections (STIs)
- Polycystic Ovary Syndrome (PCOS)
- Adenomyosis
- Endometrial Thickening (Hyperplasia)
- Endometrial Polyps or Cervical Polyps
- Genetic Predisposition to Gynecologic Malignancies
- Gynecologic Vascular Issues
- Malpositioned IUD (Missing Strings)
- Postmenopausal Bleeding
- Birth Control Methods
- Pap Test
- Cervical Biopsy
- Endometrial Biopsy
- Hysteroscopy
- Dilation and Curettage (D and C)
- Endometrial Ablation
- Tubal Sterilization
- Cone Biopsy
- Colposcopy
- LEEP
- Hormone Therapy for Women
- Tubal Sterilization Surgery
- Pelvic Laparoscopy
- Myomectomy
- Gynecologic Cancer Screening
- Gynecologic Surgery
- IUD Insertion
- Sonata Fibroid Procedure
Swen espesyalize tou pre ou
Aksè swen atravè Mass General Brigham, ak sèvis espesyalize ki disponib nan lopital kominotè ak sant medikal akademik ki dirijan. Kèlkeswa maladi ou oswa kondisyon ou, espesyalis nou yo tou pre e yo pare pou ede.
secondary
internal
Gade kote sèvis jinekoloji yo ye
Kontakte Sèvis Jinekoloji Jeneral la
Kontakte yon kote jinekoloji oswa yon espesyalis pou aprann sou opsyon swen ou yo. Avèk plizyè etablisman nan tout New England ak sipò pou pasyan k ap soti andeyò Etazini, nou fè li pi fasil pou yo jwenn swen kowdoòne ak ekspè.
primary
internal
Jwenn yon espesyalis
Jwenn yon espesyalis nan jinekoloji
secondary
internal
Gade kote nou ye yo
Gade kote sèvis jinekoloji yo ye
tertiary
internal-arrow
Sèvis Pasyan Entènasyonal.
Enfòmasyon kontak pou pasyan entènasyonal.