false

Pwogram ti Operasyon Jinekolojik

Ekspè nou yo nan ti operasyon jenekolojik itilize teknik avanse pou diminye doulè, pran mwen tan pou rekiperasyon, epi pwoteje sa ki pi enpòtan pou ou. Nou kolabore avèk ou pou chwazi bon opsyon pou ou ka avanse avèk konfyans.

Dirijan mondyal nan ti operasyon jinekolojik

ti operasyon jinekolojik trete anpil maladi jinekolojik avèk efikasite avèk mwen doulè ak mak operasyon ki pi piti pa rapò ak operasyon laj. Chirijyen nou yo rekonèt tout kote nan Etazini. News and World Report klase Brigham ak Women's Hospital nimewo 1 nan nasyon an pou Obstetrik ak Jinekoloji ak gwo ekspètiz nan teknik lapawoskopik avanse, kobotic, ak istewoskopik pou menm ka ki pi konplike yo. Nou se dirijan nan devlope pwosedi ki ede ou retounen nan aktivite chak jou w pi vit ak amelyore kalite lavi w.
center
tertiary
internal-arrow
Pati nan Obstetrik ak Jinekoloji
/content/unified-xwalk/ht/services/obstetrics-gynecology

Metòd ti operasyon nou an pou swen

Nou se dirijan mondyal nan metòd ti operasyon ki pi avanse pou maladi jinekolojik. Doktè nou yo ki se chèchè tou travay pou amelyore ak devlope nouvo teknik ki avanse domèn lan.
Pwosedi istewoskopik
Pwosedi istewoskopik trete pwoblèm jinekolojik ki andedan matris la. Chirijyen nou yo mete yon ti zouti mens, ki gen limyè (istewoskòp) nan vajen (bouboun) lan pase nan kòl matris rive nan matris la. Nou fè operasyon istewoskopik avanse pou kraze tisi sikatris, fè dilatasyon ak kitaj (D&C) (jete pitit), retire ti boul fibwòm oswa polip nan matris, ak repare mak sezaryèn (istmosèl).
Operasyon lapawoskopik
Lapawoskopi se operasyon ki fèt pa videyo nan fè yon ti koupe vant lan. Chirijyen nou yo ka itilize metòd lapawoskopik pou retire matris (isterektomi) ak retire ovè (oforektomi) oswa trete maladadi andometrioz, maladi nan tib falopyen, fibwòm, oswa kis.
Operasyon avèk wobo
Chirijyen nou yo ka itilize yon metòd wobotic ak yon kamera 3D avanse pandan ti operasyon jinekolojik. Avantaj metòd sa a amelyore presizyon, kontwòl, fleksibilite, ak yon pi bon vizyon pou chirijyen an.

Tretman ti operasyon an pou yon seri maladi jinekolojik

Chirijyen nou yo fòme nan metòd avanse pou operasyon jinekolojik nan matris la (istewoskopik), vant la (lapawoskopik), oswa vajen (bouboun) lan, ansanm ak metòd wobotik. Nou se ekspè nan trete maladi komen ak konplike.

Espesyalis nou yo

Kèkeswa maladi oswa kondisyon ou genyen, Mass General Brigham gen espesyalis ki tou pre ou ki ka ede.
Yon ilistrasyon ekip swen an.
primary
internal
Jwenn yon espesyalis nan ti operasyon jinekolojik
/content/unified-xwalk/ht/search/doctors/results#provider.specialties.name:Minimally%20Invasive%20Gynecologic%20Surgery

Swen espesyalize tou pre ou

Aksè swen atravè Mass General Brigham, ak sèvis espesyalize ki disponib nan lopital kominotè ak sant medikal akademik ki an premye pozisyon. Kèlkeswa maladi oswa kondisyon ou genyen, espesyalis nou yo tou pre ou e yo pare pou ede w.
Yon kat senplifye montre rejyon lès Massachusetts ak plizyè pwen ki make.
secondary
internal
Gade etablisman pou ti operasyon jinekolojik
/content/unified-xwalk/ht/search/locations/results#specialties.specialty:Minimally%20Invasive%20Gynecologic%20Surgery

Kontakte Pwogram Ti Operasyon Jinekolojik la

Kontakte yon etablisman ti operasyon jinekolojik oswa yon espesyalis pou aprann sou opsyon swen ou yo. Avèk etablisman ki nan tout New England ak sipò pou pasyan k ap soti andeyò Etazini, nou fè li pi fasil pou ou jwenn swen kowòdone ak ekspè.
primary
internal
Jwenn yon espesyalis

Jwenn yon espesyalis nan ti operasyon jinekolojik

/content/unified-xwalk/ht/search/doctors/results#provider.specialties.name:Minimally%20Invasive%20Gynecologic%20Surgery
secondary
internal
Gade etablisman yo

Gade etablisman pou ti operasyon jinekolojik

/content/unified-xwalk/ht/search/locations/results#specialties.specialty:Minimally%20Invasive%20Gynecologic%20Surgery
tertiary
internal-arrow
Sèvis Pasyan Entènasyonal

Enfòmasyon kontak pou pasyan entènasyonal yo

/content/unified-xwalk/ht/patients-visitors/international/for-patients/contact