false

Sant Mikobakteri

Sant Mikobakteri an bay evalyasyon ekspè ak swen kowòdone pou moun ki gen tibèkiloz, mikobakteri ki pa tibèkiloz tankou MAC ak lòt mikobakteri ki pa tibèkiloz. Espesyalis nou yo ede ou konprann kondisyon ou ak gide ou nan pwochen etap yo nan swen ou.
primary
phone
617-726-3906
6177263906

Swen espesyalize pou enfeksyon mikobakteryèl konplèks

Nou ofri swen miltidisiplinè ki baze sou yon ekspètiz espesyalize. Nou fè dyagnostik ak tretman pou tibèkiloz (TB), mikobakteri ki pa tibèkiloz (tankou Mycobacterium avium complex oswa MAC), ak maladi Hansen.

Ekip nou an bay sèvis laboratwa ak radyografi sou plas, sa ki gen ladan l evalyasyon mikwobyolojik ak istopatolojik. Nou travay an kolaborasyon sere avèk espesyalis nan maladi poumon, chirijyen torasik, dèmatològ, patològ ak newològ pou nou reponn ak bezwen chak pasyan.

center
tertiary
internal-arrow
Yon pati nan swen pou maladi enfektye
/content/unified-xwalk/ht/services/infectious-diseases

Apwòch nou nan swen

Ekip nou an ofri yon apwòch konplè epi kòòdone pou fè dyagnostik ak trete maladi mikobakteryèl. Nou konbine tès avanse ak ekspètiz ki soti nan plizyè domèn pou gide swen w.
Evalyasyon dyagnostik
Nou ofri sèvis laboratwa dyagnostik ak radyografi sou plas, sa ki gen ladan l evalyasyon mikwobyolojik ak istopatolojik, pou nou ka byen konprann eta sante w.
Swen kolaboratif
Nou travay an kolaborasyon sere ak espesyalis nan maladi poumon, chirijyen torasik, dèmatològ, patolojis ak newològ pou sipòte tout aspè swen w yo.
Tretman endividyèl
Nou adapte swen yo epi nou detèmine si gen bezwen pou sipò adisyonèl nan yon sou-espesyalite, dapre bezwen espesifik chak pasyan.

Maladi ak tretman

Dekouvri kondisyon ke espesyalis nou yo evalye epi trete atravè Sant Mikobakteri a.

Espesyalis nou yo

Kèlkeswa ki maladi oswa kondisyon ou genyen, Mass General Brigham gen espesyalis tou pre ou ki ka ede.
Yon ilistrasyon yon ekip swen.
primary
phone
617-726-3906
6177263906

Kontakte Sant Mikobakteri a

Rele nou pou pale ak yon manm ekip ki ka ede ou konprann opsyon ou yo ak gide ou nan swen ki apwopriye pou ou. Avèk plizyè etablisman nan tout New England ak sipò pou pasyan k ap soti andeyò Etazini, nou fè li pi fasil pou yo jwenn swen kowdoòne ak ekspè.
primary
phone
617-726-3906
6177263906
secondary
internal
Sèvis Pasyan Entènasyonal

Enfòmasyon kontak pou pasyan entènasyonal

/content/unified-xwalk/ht/patients-visitors/international/for-patients/contact