false

Newochiriji nan Mass General Brigham

Chirijyen newochirji nou yo dyagnostike ak trete maldi ki afekte sèvo, kolòn vètebral, ak sistèm nève. Nou konbine teknik chirijikal avanse, kolaborasyon plizyè espesyalis diferan ak inovasyon ki baze sou rechèch pou ofri swen pèsonalize ki konsantre sou sekirite, presizyon, ak rekiperasyon.

Swen newochiriji konplè pou maladi ki komen ak malaldi ki konplike

Chirijyen newochiriji nou yo bay swen ki baze sou ekspètiz pou maladi ki afekte sèvo, kolòn vètebral, ak sistèm nève, soti nan maladi kolòn vètebral ak veson sangen ki komen jiska timè nan sèvo ki konplike ak maladi sistè nève. Nou fè plis pase 9,000 operasyon nan sèvo chak ane.

Pasyan yo resevwa swen plizyè espesyalis diferan, kowwòdone nan men yon ekip ki toujou patisipe nan rechèch sou newochiriji. Mass General Brigham te ede dirije inovasyon ki te elaji opsyon tretman presi ak ti operasyon, ki gen ladan MRI intraoperatif ak sonografi avèk gid MRI.

center
tertiary
internal-arrow
Pati nan Enstiti Syans Newolojik
/content/unified-xwalk/ht/services/neuroscience

Metòd nou nan swen newochiriji

Nan Mass General Brigham, chirijyen ki fè operasyon nan sèvo nou yo konbine ekspètiz espesyalize, teknoloji avanse, ak swen kowòdone pou bay tretman chirijikal presi ak pèsonalize.
Kolaborasyon ekip newochiriji ki gen plizyè espesyalis diferan

Nou travay sere ak lòt espesyalis nan domèn tankou nevwoloji, radyoloji, newo-onkoloji, otolarengoloji, fizyatri, ak lòt ankò pou rive jwenn yon dyagnostik egzat epi detèmine pi bon chemen tretman an.

Modòl ki baze sou ekip sa a vle di ou benefisye de ekspètiz kolektif nan chak etap.

Ekspètiz newochiriji espesyalize
Chirijyen ki fè operasyon nan sèvo nou yo trè espesyalize nan domèn espesifik nan sèvo a, kolòn vteèbral la, ak nè periferik yo. Ekspètiz sa a sipòte swen konplè pou timè ki konplike, maladi sèbrovaskilè, maladi kolòn vètebral, maladi fonksyonèl, ak maladi nè. Sa vle di lè ou vin jwenn nou, menm ak kondisyon ki ra, doktè nou yo gen ekspètiz ki nesesè pou bay pi bon tretman posib.
Teknoloji avanse ak teknik

Anplis teknik chirijikal tradisyonèl, nou ofri ti operasyon nivo avanse, tankou:

  • Newochirijiji andovaskilè
  • Chirijiji ki baze sou radyasyon (fè ray pwoton)
  • Chirijiji tèmik/radyofrekans
  • Chirijiji ki gide avèk òdinatè
  • Chirijiji andoskopik
  • Ablasyon lazè
  • Sonografi ki gide avèk MRI
  • Chirijiji ki avèk èd wobo

Chirijyen nou yo itilize teknoloji ki pi avanse nan anviwònman operasyon ki dedye pou sipòte sekirite ak rezilta.

Rekiperasyon pèsonalize ak sipò

Planifikasyon rekiperasyon an kòmanse anvan operasyon an e li kontinye pandan reyabilitasyon ak swivi alontòm. Depann sou bezwen ou, swen an ka gen ladan reyabilitasyon anndan, terapi deyò, sèvis nan kominote a, oswa sipò lakay ou.

Ekip nou yo kowòdone atravè Mass General Brigham ak kolaboratè yo reyabilitasyon pou ede w retounen nan lavi chak jou.

Rechèch newochiriji ak inovasyon esèy klinik
Espesyalis newochiriji Mass General Brigham yo toujou nan rechèch pou pi byen konprann maladi newolojik ak amelyore opsyon tretman. Ekip nou yo patisipe nan esèylinik ak tradui nouvo dekouvèt syantifik nan swen pasyan lè sa apwopriye. Pou pasyan ki kalifye yo, etid rechèch yo ka bay aksè a terapi ki fenk ap parèt.

Espesyalis syans newolojik nou yo

Yon ekip espesyalis nan newoloji, newochiriji, imajri sèvo avanse ak enfimyè kowòdone swen ou. Dapre kondisyon ou, ekip swen ou a ka gen ladan tou ekspè nan newosikoloji, reyabilitasyon, jenetik, travay sosyal, ak sante mantal. Ekip sa a travay ansanm pou konprann kondisyon newolojik ou a sou tout aspè epi devlope yon plan swen ki adapte avèk ou.
Yon ilistrasyon yon ekip swen.
primary
Jwenn yon espesyalis newochiriji
/content/unified-xwalk/ht/search/doctors/results#provider.specialties.name:Neurosurgery

Istwa pasyan an

Yon apwòch global retabli sante ak espwa pou yon jèn papa apre yo fin dyagnostike l ak yon timè ki ra.

Li te kòmanse ak yon ti pèt tande nan zòròy dwat li. Lè Stephen pita remake yon sansasyon pikotman ak pafwa machè li ka lang pòk, li te konnen gen yon bagay ki pa t mache. Pansan sentòm li yo te kontinye, li te chèche swen espesyalize. Imaj yo finalman revele koz la: yon schwannoma vestibilè, yon timè ki ra ki afekte nè ki responsab pou tande ak ekilib yo.
Foto gwoup fanmi kat moun sou plaj la, ap souri ak chita sou sab la sou yon plaj.
tertiary
internal-arrow
Li istwa Stephen

Li istwa pasyan Stephen

/content/unified-xwalk/ht/patient-stories/unified-approach-complex-care-rare-tumor

Swen syans newoloji tou pre ou

Mass General Brigham ofri swen newolojik ak newochiriji nan New England, ki bay aksè pratik a swen ki tou pre lakay ou ak yon koneksyon san pwoblèm ak sèvis espesyalize.
Yon kat senplifye montre rejyon lès Massachusetts ak plizyè pwen ki make.
secondary
internal
Gade etablisman newochiriji yo
/content/unified-xwalk/ht/search/locations/results#specialties.specialty:Neurosurgery

Rechèch ak esèy klinik syans newolojik

Rechèch nou an ap ede defini avni swen syans newolojik Nou ofri aksè ak esè klinik ak terapi k ap parèt, ki gen ladan tretman ki ka poko disponib. Kondisyon pou patisipasyon depann de dyagnostik yon moun, istwa tretman, ak lòt ankò. Dekouvri rechèch nou ak esèy klinik oswa pale ak ekip swen ou an pou aprann sou opsyon ki disponib yo.
Yon syantis ki gen yon blouz blan sou li kenbe yon ti tib tès ki plen ak likid jòn.
tertiary
external
Dekouvri rechèch syans newolojik nou an

Aprann kijan rechèch syans newolojik ede pran bonjan desizyon nan swen pasyan yo

https://research.massgeneralbrigham.org/en/institutes-centers/neuroscience-institute
tertiary
external
Chèche esè klinik

Chèche esèy klinik ki ouvè pou kondisyon newolojik.

https://rally.massgeneralbrigham.org/

Istwa pasyan an

Geri yon defòmasyon atèvenn ki pa ka opere

Katrina Arthur t ap fè egzèsis nan sal espò a lè defòmasyon ateryovenoz (AVM) nan sèvo li a te pete. Apre li te resevwa swen nan men ekip Mass General Brigham ke Doktè Nirav Patel te dirije, AVM li a ki pa t ka opere" te soti nèt, sa ki te ba li yon dezyèm chans nan lavi.
Katrina Arthur, agoch, ak mari li Randy ak de pitit gason yo.
tertiary
internal-arrow
Li istwa Katrina a

Li istwa pasyan Katrina a

/content/unified-xwalk/ht/patient-stories/curing-inoperable-arteriovenous-malformation

Kontakte newochiriji

Kontakte yon etablisman newochiriji oswa yon espesyalis pou aprann sou opsyon swen ou yo. Avèk etablisman ki nan tout New England ak sipò pou pasyan k ap soti andeyò Etazini, nou fè li pi fasil pou ou jwenn swen kowòdone, ekspè.
primary
internal
Jwenn yon espesyalis

Jwenn yon espesyalis newochiriji

/content/unified-xwalk/ht/search/doctors/results#provider.specialties.name:Neurosurgery
secondary
internal
Gade etablisman yo

Gade etablisman newochiriji yo

/content/unified-xwalk/ht/search/locations/results#specialties.specialty:Neurosurgery
tertiary
internal-arrow
Sèvis Pasyan Entènasyonal yo

Enfòmasyon kontak pou pasyan entènasyonal yo

/content/unified-xwalk/ht/patients-visitors/international/for-patients/contact