Klinik Entèfas Sèvo-Òdinatè
617-726-8459
Konsènan klinik la
Pou moun k ap viv ak blesi oswa maladi newolojik, teknoloji entèfas sèvo-òdinatè (BCI) enplante gen potansyèl pou retabli ak kenbe kominikasyon, mobilite, ak endepandans fonksyonèl.
BCI ki ka enplante nan kò a fonksyone lè yo detekte aktivite elektrik nan pati sèvo a ki kreye entansyon pou fè mouvman. Yo transmèt enfòmasyon sa yo bay yon òdinatè, kote siyal yo analize epi entèprete, epi yo sèvi ak siyal sa yo pou kontwole teknoloji asistans tankou kousè òdinatè, klavye, lojisyèl ki jenere lapawòl, oswa aparèy wobotik.
Klinik BCI a mete ansanm espesyalis nan newoloji, rekiperasyon newolojik, ak nerochiriji fonksyonèl avèk chèchè ki se ekspè mondyal nan neroteknoloji ak newo-enjenyeri, pou bay pasyan yo aksè ak dènye teknoloji BCI yo. Objektif Klinik BCI a se ede retabli fonksyònman ak endepandans pasyan nou yo.
Pasyan klinik BCI yo resevwa evalyasyon nan men newològ ak newochirijyen ki resevwa fòmasyon espesyal nan domèn yo, pou detèmine pi bon opsyon tretman ak teknoloji newolojik ki disponib pou yo. Pou moun ki enterese, klinik la ofri tou opòtinite pou patisipe nan rechèch klinik.
Esèy klinik
Pasyan Klinik BCI yo resevwa yon evalyasyon newoolojik konplè ak enfòmasyon detaye sou esèy klinik k ap fèt sou sistèm BCI. Lè sa apwopriye, pasyan ki enterese yo ka konekte ak ekip rechèch klinik la pou diskite sou opòtinite enskripsyon nan esèy klinik BCI k ap chèche patisipan.
Kondisyon ak tretman newolojik
Espesyalis syans newolojik nou yo.
617-726-8459
Kontakte Klinik Entèfas Sèvo-òdinatèò
617-726-8459
Sèvis pou Pasyan Entènasyonal yo
Enfòmasyon kontak pou pasyan entènasyonal