false

Pwogram Kansè nan Ovè

Espesyalis kansè jinekolojik nou yo kolabore avèk ou pandan tout pakou ou, depi dyagnostik ak tretman ak swen apre tretman. Nou ofri sipò pèsonalize avèk konpasyon, ansanm ak tretman ki pi avanse, pou ede ou jwenn pi bon rezilta posib.
primary
phone
855-776-4224

Rele Enstiti Kansè Mass General Brigham

8557764224

Swen kansè nan ovè pèsonalize

Kansè ovè se yon tip kansè ki devlope nan ovè ou yo, nan twonp Falòp ki toupre ovè yo, oswa nan manbràn ki kouvri anndan vant lan, yo rele peritwàn nan..

Espesyalis Enstiti Kansè Mass General Brigham yo gen eksperyans nan trete tout fòm ak etap kansè nan ovè ak tip kansè ki ra. Nou ofri dènye opsyon tretman epi ki pi efikas ede pwoteje sante seksyèl ak repwodiktif ou.

center
tertiary
internal-arrow
Pati Enstiti Kansè
/content/unified-xwalk/ht/services/cancer

Metòd nou nan swen kansè nan ovè

Espesyalis renome nou yo ofri toude, nouvo metòd ak metòd tradisyonèl pou dyagnostike ak trete kansè nan ovè. Nou sipòte ou nan chak etap pakou ou, bay swen ki totalman adapte ak ou.
Ekip swen espesyalize

Ou resevwa swen konplè nan men yon ekip espesyalis kansè jinokolojik ki ka gen ladan:

  • Onkològ medikal, chirijikal, ak radyasyon
  • Nitrisyonis
  • Enfimyè onkoloji ak enfimyè praktiksyen
  • Sikiyat onkològ ak travayè sosyal
  • Founisè swen pou soulaje doulè
  • Patològ ak radyològ
Ekspètiz nan dyagnostik ak etap

Nou itilize yon bann tès dyagnostik pou dyagnostike ak etap kansè nan ovè avèk presizyon, tankou:

  • Eskanè CT,pou wè imaj ògàn ak tisi ki anndan kò ou.
  • Tès jenetik,pou chèche chanjman nan jèn ki ogmante risk pou kansè.¯
  • Egzamen fizik, pou planifye pou operasyon
  • Tès makè timè,pou mezire diferan kalite makè timè, selon kalite kansè ovè a.
  • Sonografipou chèche siy timè sou ovè yo
  • Tès timè, pou idantifye diferan chemen ak mekanis ki pèmèt ekip medikal la vize selil timè yo avèk plis presizyon

Patològ nou yo resevwa fòmasyon espesyalize pou idantifye kansè jinekolojik. Yo rankontre regilyèman ak rès ekip swen nou an pou diskite sou dyagnostik chak pasyan ak ede planifye tretman ki pi efikas.

Tretman medikal avanse

Antanke chèchè nimewo 1, nou ofri dènye tretman medikal yo ansanm ak chimyoterapi tradisyonèl. Sa ka gen ladan:

  • Iminoterapi,pou ede sistèm iminitè ou detwi selil kansè yo
  • Chimyoterapi intraperitoneyal (himyoterapi andedan kavite vant lan)pou bay medikaman chimyoterapi dirèkteman nan vant ou, swa pandan operasyon (chimyoterapi intraperitoneyal chofe oswa HIPIC) oswa apre operasyon
  • Terapi pou timè ki reziste a medikaman, pou simonte rezistans chimyoterapi klasik nan itilize divès chemen
Ekselans nan operasyon jinekolojik

Si tretman ou a mande operasyon, kalite operasyon an ap depann de anpil faktè ki espesifik pou ou. Chirijyen ou a ka retire kèk gangliyon lenfatik pou egzamine yo. Sa ka ede detekte ti selil kansè ki gaye, men ki twò piti pou parèt sou nan imaj egzamen yo.

Chirijyen nou yo itilize metòd ti operasyon chak fwa sa posib, tankou chiriji lapawoskopik ak chiriji avèk èd wobo.

  • Operasyon kansè nan ovè gen ladan l:
  • Operasyon sitorediksyon
  • isterektomi
  • Salpingo-oforektomi
  • Retire omentòm nan, gangliyon lenfatik yo, oswa lòt tisi ki afekte pa maladi a
  • Rezeksyon trip (Operasyon pou retire yon pati nan trip la)
Nimewo 1 nan ryasyon onkoloji

Onkològ radyasyon nou yo, ki gen anpil renome, ofri tout kalite tretman radyasyon pou pasyan ki gen kansè ovè ki retounen nan yon sèl zòn nan kò a. Sa gen ladan l:

  • Radyoterapi ak entansite modile (IMRT), yon kalite radyoterapi ekstèn ki pèmèt ekip medikal la voye dòz radyasyon an avèk anpil presizyon sou zòn yo vle trete a, pandan li diminye kantite radyasyon ògàn ki toupre yo resevwa..
  • Tretman pwoton, yon fòm radyasyon ki itilize reyon pwoton olye de reyon X ki pi presi epi ki ka itilize nan ka espesifik kote kansè ovè a retounen.

Maladi ak tretman kansè nan ovè

Nou bay dènye tretman ki baze sou pwèv pou tout tip kansè nan ovè.

Espesyalis kansè nou yo

Gen yon ekip ki gen plizyè espesyalis diferan ki gen ladan l espesyalis nan kansè ki gide chak etap swen. Sa ka gen ladan doktè medikal, chirijikal, ak onkològ radyasyon, founisè pratik avanse, radyològ, patològ, enfimyè onkoloji, enfimyè ki pou ede gide pasyan an, ak lòt ankò. Ou ka travay tou avèk espesyalis nan nitrisyon, konseye jenetik, travayè sosyal ak pwofesyonèl nan domèn sante mantal.
Yon ilistrasyon yon ekip swen.
primary
phone
855-776-4224

Rele Enstiti Kansè Mass General Brigham

8557764224

Istwa pasyan an

Sove aprè yon tès jenetik ak entèvansyon bonè

Tès jenetik apre yon dyagnostik kansè nan tete ak tretman rapid, ekspè te pèmèt Gail Cooper konbat de kansè an menm tan.
De granmoun ak de timoun ap fè foto ansanm nan yo gen chemiz koulè vèt nan yon evènman Nasyonal Kowalisyon Kansè nan Ovè
tertiary
internal-arrow
Li istwa Gail la
/content/unified-xwalk/ht/patient-stories/genetic-testing-breast-ovarian-cancer-gail-cooper

Esè klinik ak rechèch sou kansè

Rechèch nou an ap ede defini avni swen kansè. Nou ofri aksè a esèy klinik ak terapi ki fenk ap parèt, ki gen ladan tretman ki ka poko disponib tout kote. Kalifikasyon depann de dyagnostik yon moun, istwa tretman li, ak lòt faktè. Dekouvri rechèch nou ak esèy klinik nou oswa pale avèk ekip swen w lan pou aprann sou opsyon ki disponib yo.
Yon pwofesyonèl medikal ap pale ak yon pasyan ki chita sou yon chèz lopital.
tertiary
external
Dekouvri rechèch nou sou kansè

Aprann kijan rechèch sou kansè ede pran bonjan desizyon nan swen pasyan yo

https://research.massgeneralbrigham.org/en/institutes-centers/cancer-institute-research
tertiary
external
Chèche esè klinik
https://research.massgeneralbrigham.org/en/institutes-centers/cancer-institute-research/cancer-clinical-trials

Resous ak sipò pou pasyan

Nou ofri yon seri resous pou sipòte pasyan yo ak moun k ap pran swen yo anvan, pandan, ak aprè tretman kansè. Sèvis sa yo adrese bezwen fizik, emosyonèl, ak pratik, epi yo disponib ansanm ak swen medikal ou.
tertiary
internal-arrow
Gade tout resous pou pasyan yo
/content/unified-xwalk/ht/services/cancer/resources

Kontakte enstiti kansè

Rele nou pou pale ak yon manm ekip ki ka ede ou konprann opsyon ou yo ak gide ou nan swen ki apwopriye pou ou. Avèk etablisman nan tout New England ak sipò pou pasyan k ap soti andeyò Etazini, nou fè li pi fasil pou yo jwenn swen kowòdone ak ekspè.
primary
phone
855-776-4224

Rele Enstiti Kansè Mass General Brigham

8557764224
secondary
internal
Sèvis pou Pasyan Entènasyonal

Kontakte Sèvis pou Pasyan Entènasyonal

/content/unified-xwalk/ht/patients-visitors/international/for-patients/contact