Pwogram Enfètilite ak Operasyon Repwodiktif
Lidè nan swen fètilite ak medsin repwodiktif
Enfètilite se lè yon moun pa rive ansent apre 12 mwa rapò seksyèl regilye san pwoteksyon pou fanm ki poko gen 35 an, oswa apre sis mwa pou fanm ki gen 35 an oswa plis.
Mass General Brigham gen youn nan pi gwo pwogram nan peyi a nan domèn enfètilite ak medsin repwodiktif. Nou bay evalyasyon espesyalis, tretman avanse, ak swen ki chaje ak konpasyon pou moun nan chak etap nan pakou fètilite yo. Avèk yon laboratwa konplè ki andedan enstitisyon an menm ak youn nan pi gwo ekip espesyalis fètilite ki sètifye pa konsèy medikal nan peyi a, nou sèvi ak dènye teknoloji yo ak terapi ki baze sou prèv syantifik pou bay swen efikas ak pèsonalize.
Pati nan Obstetrik ak Jinekoloji
Apwòch nou nan swen fètilite
Tretman pou kansè ak lòt maladi ka afekte fètilite ou nan lavni, oswa ou ka jis vle prezève li pou konstwi yon fanmi pita nan lavi ou. Nou bay sèvis pou moun tout idantite seksyèl ki vle prezève fètilite yo. Nou ofri dènye teknik yo, tankou:
- Konjelasyon ze
- Konjelasyon anbriyon
- Konjelasyon espèm
- Konjelasyon tisi ovè
Chirijyen nou yo fè pwosedi repwodiktif pou ede retabli epi soutni fètilite. Pwosedi sa yo ka sèvi pou:
- Kraze tisi mak nan basen oswa nan matris ki ka anpeche konsepsyon
- Korije anomali konjenital nan matris la pou amelyore rezilta gwosès yo
- Trete gwosès ektopik
- Retire sist nan ovè, polip nan matris, oswa fibwòm ki ka afekte fètilite
- Ranvèse ligati twonp pou pasyan ki swete vin ansent ankò
- Trete andometryoz pandan w ap resevwa swen pou fètilite aktivman
Gen kèk kondisyon jenetik ki ka afekte fètilite oswa lakòz pèt gwosès ki repete. Lè nou konbine IVF ak tès jenetik, nou ede diminye risk pou transmèt maladi ereditè epi redwi risk anomali kwomozomik nan pitit ou.
Nou kòmanse pa fè tès sou paran potansyèl yo pou chèche kèk maladi jenetik espesifik. Apre sa, nou itilize tès jenetik anvan enplantasyon (PGT) pou egzamine anbriyon yo kreye atravè IVF epi chwazi anbriyon ki pa montre okenn kondisyon jenetik, pou transfere nan matris la.
Kondisyon ak tretman ki gen rapò
- Endometriosis
- Uterine Fibroids
- Pelvic Inflammatory Disease
- Male Infertility
- Polycystic Ovary Syndrome (PCOS)
- Primary Ovarian Insufficiency
- Amenorrhea
- Recurrent Pregnancy Loss
- Recurrent Implantation Failure
- In Vitro Fertilization (IVF)
- Myomectomy
- Egg Freezing
- Polypectomy
- Tubal Reversal
- LGBTQ Family Building
Swen espesyalize tou pre ou
Gade kote yo bay swen pou enfètilite yo
Kontakte Pwogram Enfètilite ak Operasyon Repwodiktif la
Brigham and Women’s Hospital
Enfètilite ak Operasyon Repwodiktif: 617-732-4222
Braintree: 781-930-0653
Foxborough: 617-732-4222
Massachusetts General Hospital
617-726-8868
Newton-Wellesley Hospital
617-243-5200