Pwogram Timè Paratiwoyid
855-776-4224
Rele Enstiti Kansè Mass General Brigham nan 855-776-4224
Ekspè nan tretman timè paratiwoyid
Glann paratiwoyid yo sitiye nan kou a epi yo fè pati sistèm andokrin ou. Yo pwodui òmòn ki kontwole kantite kalsyòm ki nan san ou. Diferan kondisyon ka lakòz yon glann paratiwoyid pwodui twòp òmòn, sa ki ka lakòz osteyopowoz, pyè nan ren, ak lòt pwoblèm sante.
Enstiti Kansè Mass General Brigham lan se youn nan pi gwo ak pi etabli pwogram pou trete timè paratiwoyid nan peyi a. An 1926, nou te fè premye operasyon pou ipèparatiwoyid. Jodi a, nou itilize teknik lokalizasyon pre-operatwa ki pi avanse yo epi nou fè plizyè santèn operasyon paratiwoyid chak ane. Anplis, espesyalis nou yo patisipe nan esè klinik pou jwenn pi bon terapi pou pasyan ki gen kansè paratiwoyid.
Apwòch nou pou swen timè paratiwoyid
Espesyalis dyagnostik nou yo (patològ) se lidè mondyal nan dyagnostik timè paratiwoyid epi yo itilize tès dyagnostik molekilè avanse lè sa nesesè.
Dapre sentòm ou yo, ou ka resevwa youn oswa plizyè nan tès sa yo:
- Tès san pou mezire nivo òmòn paratiwoyid, kalsyòm, fosfò ak mayezyòm
- TTès jenetik pou chèche jèn ki ka lakòz ipèparatiwoyid
- Egzamen imaj, tankou ultrason ak eskanè CT 4D
- Eskanè paratiwoyid ki itilize teknoloji medsin nikleyè
- Byopsi ak zegwi fen
Nou gen doktè ki espesyalize nan evalye ak trete pasyan ki gen sendwòm jenetik ereditè ki lakòz ipèparatiwoyid (glann paratiwoyid ki twò aktif).
Nou gen doktè ki espesyalize nan evalye ak trete pasyan ki gen sendwòm jenetik ereditè ki lakòz ipèparatiwoyid (glann paratiwoyid ki twò aktif).
Espesyalis nou yo gen ekspètiz tou pou fè diferans ant ipèparatiwoyid prensipal ak kondisyon ki bay sentòm ki sanble, tankou ipèparatiwoyid segondè oswa ipèkalsemi ipokalsiyuri familyal.
Chirijyen nou yo te fè premye operasyon ki reyisi pou ipèparatiwoyid an 1926. Jodi a, nou rekonèt sou nivo nasyonal pou gen chirijyen ki pi espesyalize nan tretman maladi paratiwoyid ak maladi andokrin.
Nou espesyalize nan paratiwoyidektomi ki minimman anvayisan pou retire yon glann ki malad lè sa apwopriye. Benefis apwòch sa a gen ladan:
- Ti ensizyon ak mwens mak
- Eksplorasyon limite nan kou a pou jwenn epi retire sèlman glann ki malad la
- Siveyans nivo òmòn paratiwoyid pandan operasyon an
Tretman pou tout kalite timè ak kansè tiwoyid:
Espesyalis kansè nou yo
855-776-4224
Rele Enstiti Kansè Mass General Brigham
Esè klinik ak rechèch sou kansè
Eksplore rechèch kansè nou an.
Aprann kijan rechèch sou kansè enfliyanse swen pasyan yo.
Rechèch ak esè klinik
Resous ak sipò pou pasyan
Gade tout resous pou pasyan
Kontakte Enstiti Kansè a
855-776-4224
Rele Enstiti Kansè Mass General Brigham nan 855-776-4224
Sèvis Pasyan Entènasyonal
Kontakte Sèvis Pasyan Entènasyonal