false

Sant pou twoub tiwoyid

Mass General Brigham se yon lidè atravè lemond nan dyagnostike ak trete maladi òmòn ak glann nan kò a ki gen rapò ak glann tiwoyid la, tankou timè ki pa kansè ak timè kansè.

Lidè nan rechèch ak swen twoub tiwoyid

Espesyalis pou pwoblèm òmòn ak glann nan kò nou yo, ki gen yon gwo repitasyon atravè lemond, travay ansanm ak espesyalis nan operasyon òmòn ak glann nan kò a, operasyon zòrèy-nen-gòj (ENT), radyoloji, radyoloji entèvansyonèl, tretman kansè ak radyasyon, ansanm ak patolojis pou bay swen pou anpil kalite twoub tiwoyid. Mass General Brigham bay swen espesyal pou pwoblèm tiwoyid ki komen, ki konplike, ak ki pi avanse. Nou gen yon pwogram rechèch avanse ki konekte ak swen pasyan, epi nou bay pasyan yo aksè ak nouvo tretman atravè etid klinik.
center
tertiary
internal-arrow
Yon pati nan swen pou pwoblèm òmòn ak glann nan kò a
/content/unified-xwalk/ht/services/endocrinology

Apwòch nou pou twoub tiwoyid

Espesyalis nou yo se ekspè nan jwenn dyagnostik ak trete twoub tiwoyid. Nou bay swen ki adapte ak bezwen chak moun, ansanm ak aksè ak dènye konesans, egzamen dyagnostik, ak tretman modèn pou ede jwenn pi bon rezilta posib.
Swen espesyalize pou tiwoyid
Nou sèvi ak teknik avanse, tankou iltrason ak aspirasyon ak yon ti zegwi, pou idantifye pwoblèm tiwoyid rapid epi chwazi pi bon tretman an pou ou. Nou sèvi ak ekipman espesyal ak pi piti ouvèti pandan pwosedi sa yo, sa ki ede fè tretman an pi an sekirite, pi egzak, epi fasilite gerizon an.
Yon apwòch ki baze sou travay an ekip pou trete kansè tiwoyid
Nou mete ansanm konesans ak eksperyans nan pwoblèm òmòn ak glann nan kò a, chirijyen pou pwoblèm òmòn ak glann nan kò a, chirijyen tèt ak kou, espesyalis radyoloji, espesyalis kansè ki sèvi ak radyasyon, ak patolojis pou jwenn dyagnostik epi trete kansè tiwoyid. Espesyalis nou yo nan sant pou kansè tiwoyid avanse a prepare yon plan swen ki adapte ak bezwen ou pou ede diminye efè segondè tretman yo epi sipòte ou pandan tout pwosesis tretman kansè a.
Ekselans tout moun rekonèt nan mond lan
Sèvis Mass General Brigham pou pwoblèm òmòn ak glann nan kò a ofri pi bon swen posib nan men ekspè ki rekonèt atravè lemond. Nou bay swen espesyalize kit ou gen yon nodil tiwoyid oswa yon kansè tiwoyid ki avanse. Mass General Brigham Cancer Institute se youn nan pi gwo sant ki pi espesyalize nan peyi a pou trete timè kansè nan sistèm òmòn ak glann nan kò a.