Sant Aerodijestif Pedyatrik
617-573-3074
Rele Sant Aerodijestif Pedyatrik la nan 617-573-3074
Konsènan pwogram lan
Sant Aerodijestif Pedyatrik reyini ansanm espesyalis nan otolaringoloji pediatrik (ENT), gastwoentewoloji, pilmonoloji, ak patoloji pawòl-langaj pou dyagnostike ak trete kondisyon ki konplike ki afekte vwa respiratwa, vale, manje, ak vwa.
Swen kowòdone pou kondisyon ki konplike
Kondisyon ki enplike respire, vale, manje oswa vwa souvan konplike epi ka mande swen nan men plizyè espesyalis. Ekip nou an travay ansanm pou kowòdone swen ak diminye bezwen pou randevou apa.
Lè se posib, gen plizyè espesyalis ki konsilte timoun yo pandan menm vizit la epi yo resevwa yon plan tretman inifye ki adapte ak bezwen yo. Tès dyagnostik ak pwosedi yo kowòdone pou diminye vwayaj ak diminye chans pou l ppran anestezi plizyè.
Randevou nan de semèn
Nou angaje pou n wè pitit ou a atan epi nou ka pran pifò randevou yo nan de semèn. Pou ou pran yon randevou, tanpri rele 617-573-3074.
Kondisyon nou trete
Nou pran swen tibebe, timoun, ak jenn moun ki gen kondisyon tankou:
- aspirasyon timoun ki fenk fèt
- aspirasyon ki mande manje nan tib nazogastrik (NGT)
- displazi bwonkopilmonèò konplike
- difikilte nan bay tete ki gen rapò ak lang ki mare oswa lèv ki mare
- tous ki pa janm pase
- pwoblèm vwa ak rezonans (ki gen ladan nodil vwa, kis, ak ensifizans velofarenj)
- mouvman pki pa nòmal nan kòd vokal yo
- refli larengofarenj ak ezofajit eozinofil
- tankou evalyasyon pou eksitasyon nè ipoglos la lakay timoun ki gen sendwòm Down ak apne somèy grav)
Swen ki santre sou fanmi
Nou konprann ke dyagnostik ak tretman ka estresan pou timoun yo ak fanmi yo. Espesyalis nou yo travay ansanm pou bay swen kowòdone ak kominikasyon klè pandan tout tretman an.
Paran ak moun ki pran swen yo se kolaboratè enpòtan nan swen. Paske pèsonn pa konnen yon timoun pi byen pase fanmi li, nou travay ansanm ak paran ak founisè swen prensipal yo pou asire plan tretman yo reflete bezwen patikilye chak timoun.
Espesyalis nou yo
617-573-3074
Rele Sant Aerodijestif Pedyatrik la
Maladi ak tretman ki gen rapò
- GERD (Gastroesophageal Reflux Disease)
- Esophagitis
- Gastroesophageal Reflux in Children
- Eosinophilic Esophagitis (EoE)
- Tracheoesophageal Fistula and Esophageal Atresia
- Stridor
- Congenital Laryngeal Stridor in Babies
- Obstructive Sleep Apnea in Children
- Achalasia in Children
- Dysphagia (Adult)
- Aspiration From Dysphagia
- Vocal Cord Disorders
- Fiberoptic Endoscopic Evaluation of Swallowing
- Dysphagia Bedside Swallow Exam
- Barium Swallow
- Upper GI Endoscopy
- Upper GI Endoscopy With Biopsy
- Flexible Bronchoscopy
- Direct Laryngoscopy with Bronchoscopy
- Direct Rigid Laryngoscopy
- Esophageal Manometry
- Pulmonary Function Tests
- Sleep Study
- Feeding Tube Insertion
Kontakte Sant Aerodijestif Pedyatrik la
617-573-3074
Rele Sant Aerodijestif Pedyatrik la nan 617-573-3074
Sèvis Pasyan Entènasyonal
Enfòmasyon kontak pou pasyan entènasyonal yo