false
Swen poumon
Nan Mass General Brigham, espesyalis nou yo ki gen anpil eksperyans dyagnostike epi trete tout kalite maladi poumon ak chemen respiratwa ki afekte respirasyon. Lè sa nesesè, nou ofri tou swen kritik avanse pou pasyan ki gen maladi respiratwa oswa lòt pwoblèm medikal ki menase lavi yo.
Lidè nasyonal nan tretman maladi poumon
Maladi respiratwa tankou lasm, maladi poumon obstriktif kwonik (COPD), maladi ereditè, enfeksyon ki difisil pou trete, ak ensifizans respiratwa ka domaje poumon ak chemen respiratwa yo, sa ki fè li vin pi difisil pou respire. Pasyan ki soti toupatou nan peyi a vin chèche ekspètiz espesyalis poumon (pulmonològ) nou yo ak doktè swen kritik (entansivis) nou yo. Nou ofri swen avanse pou pasyan ki gen tout kalite maladi poumon.
center
Apwòch nou an pou swen maladi poumon
Nou ofri tès dyagnostik avanse ak swen kowòdone pou maladi respiratwa ki komen, kwonik, ak grav.
Swen konpasyonèl ak pèsonalize
Pwoblèm respiratwa ka afekte kalite lavi ou anpil. Espesyalis nou yo prepare yon plan tretman pèsonalize pou kondisyon pa w la, kit se lasm, COPD, oswa yon maladi poumon konplèks. Pasyan ki gen maladi respiratwa grav resevwa tretman ekspè nan men doktè swen kritik (entansivis) nan inite swen entansif modèn nou yo.
Ekip ki gen eksperyans, gwo volim
Swen ou a jere pa espesyalis nan maladi poumon, chiriji torasik, radyoloji, ak swen kritik. Nou ofri dyagnostik avanse, tankou pulmonoloji entèvansyonèl ak tès egzèsis kadyopilmonè. Mass General Brigham genyen tou youn nan kèk pwogram jenetik poumon nan peyi a ki dedye pou dyagnostike ak jere maladi poumon ereditè ki ra.
Inovasyon ki baze sou rechèch
Mass General Brigham se youn nan pi gwo sistèm ki resevwa finansman National Institutes of Health (NIH) pou rechèch sou poumon. Nou fè rechèch ki chanje lavi sou blesi ak enflamasyon nan poumon, jenetik kansè poumon, tretman kansè selon sèks, COPD, opresyon, ak anpil lòt sijè. Pasyan yo gen aksè ak nouvo tretman ki bay espwa, ki toujou nan faz esè klinik.
Kondisyon ak tretman medsin poumon ak swen kritik
Nou ofri dènye tretman ki baze sou prèv syantifik pou tout kalite maladi respiratwa ak maladi grav, tankou kansè poumon.
- Asthma (Adult)
- Chronic Bronchitis
- Emphysema
- Pulmonary Hypertension
- Pneumonia
- Collapsed Lung (Pneumothorax)
- Lung Cancer
- Acute Bronchitis
- Bronchiectasis
- Interstitial Lung Disease (ILD)
- Idiopathic Pulmonary Fibrosis (IPF)
- COPD (Chronic Obstructive Pulmonary Disease)
- Cystic Fibrosis Overview
- Lung Nodules
- Pulmonary Embolism (PE)
- Pulmonary Sarcoidosis
- Work-Related Lung Diseases
- Sleep Apnea
- Lung Transplant
- Pulmonary Function Tests
- Bronchoscopy
- Bronchodilator Reversibility Testing
- Chest X-Ray
- CT Scan of the Chest
- Lung Biopsy
- Thoracentesis
- Lung Scan
- Pulmonary Angiography
- Mediastinoscopy
- Exercise Stress Test
- Extracorporeal Membrane Oxygenation (ECMO)
- Right Heart Catheterization
Fè yon don pou Swen Poumon
Filantwopi jwe yon wòl esansyèl nan Swen Poumon. La a, pi bon swen pou pasyan yo, esè avanse ak tretman yo, ansanm ak fakilte ekspè yo, konbine pou bay yon swen sante ki pi avanse. Kado ou bay Depatman Medsin ede nou redefini sa ki posib pou pasyan Swen Poumon yo, amelyore rezilta yo epi avanse dekouvèt syantifik.
Kontak Swen Poumon
Kontakte yon sant swen poumon oswa yon espesyalis pou aprann sou opsyon swen ou. Avèk plizyè etablisman nan tout New England ak sipò pou pasyan k ap soti andeyò Etazini, nou fè li pi fasil pou yo jwenn swen kowdoòne ak ekspè.
primary
internal
Jwenn yon espesyalis
Jwenn yon espesyalis poumon.
secondary
internal
Gade kote yo
Gade kote swen poumon.
tertiary
internal-arrow
Sèvis Pasyan Entènasyonal
Enfòmasyon kontak pou pasyan entènasyonal